Ansyen Testaman 2022
11–17 Avril Pak: “Li Pral Anglouti Lanmò nan Viktwa”


“11–17 Avril. Pak: ‘Li Pral Anglouti Lanmò nan Viktwa,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“11–17 Avril. Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
tonbo avèk wòch ki woule lwen antre a

Ilistrasyon sou tonbo vid la, tablo Maryna Kriuchenko

11–17 Avril

Pak

“Li Pral Anglouti Lanmò nan Viktwa”

Pandan w ap li i ak medite sou Ekspyasyon Sovè a semèn sa a, konsidere ekri panse ak santiman w resevwa konsènan sakrifis Li a nan jounal ou oswa nan espas yo bay nan plan leson sa a.

Ekri Enpresyon w yo

Lavi Jezikri “se eleman santral tout istwa limanite” (“Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo,” ).ChurchofJesusChrist.org Kisa sa vledi? An pati, li asireman vledi ke lavi Sovè a enfliyanse destine etènèl chak kretyen vivan ki te janm viv oubyen ki pral janm viv. Ou gen dwa di tou ke lavi ak misyon Jezikri, ki abouti nan Rezireksyon Li nan premye Dimanch Pak sa a, konekte tout pèp Bondye a atravè listwa: Sa ki te fèt anvan Kris la t ap rete tann Li avèk lafwa (gade Jakòb 4:4), epi sila yo ki te fèt apre yo voye je gade sou Li avèk lafwa. Pandan n ap li resi ak pwofesi Ansyen Testaman yo, nou pa janm wè non Jezikri, men nou wè prèv lafwa ansyen kwayan yo nan rete tann Mesi ak Redanmtè yo a. Konsa, noumenm ki jwenn envitasyon pou nou sonje L la ka santi yon koneksyon avèk moun ki t ap tann Li yo. Paske vrèman Jezikri te pran “inikite nou tout” sou do li (Ezayi 53:6; italik ajoute), epi “nan Kris tout moun pral jwenn lavi” (1 Korentyen 15:22; italik ajoute).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Ansyen Testaman an temwaye de sakrifis ekspyatwa Sovè a.

Anpil pasaj nan Ansyen Testaman an pwente sou ministè ak sakrifis ekspyaztwa Sovè a. Tablo anba a gen lis kèk nan pasaj sa yo. Pandan w ap li vèsè sa yo, ki enpresyon w resevwa konsènan Sovè a?

Ansyen Testaman

Nouvo Testaman

Ansyen Testaman

Zakari 9:9

Nouvo Testaman

Matye 21:1–11

Ansyen Testaman

Zakari 11:12–13

Nouvo Testaman

Matye 26:14–16

Ansyen Testaman

Ezayi 53:4 .

Nouvo Testaman

Matye 8:16–17; 26:36–39

Ansyen Testaman

Ezayi 53:7 .

Nouvo Testaman

Mak 14:60–61

Ansyen Testaman

Sòm 22:16

Nouvo Testaman

Jan 19:17–18; 20:25–27

Ansyen Testaman

Sòm 22:18

Nouvo Testaman

Matye 27:35

Ansyen Testaman

Sòm 69:21

Nouvo Testaman

Matye 27:34, 48

Ansyen Testaman

Sòm 118:22

Nouvo Testaman

Matye 21:42

Ansyen Testaman

Ezayi 53:9,12

Nouvo Testaman

Matye 27:57–60; Mak 15:27–28

Ansyen Testaman

Ezayi 25:8

Nouvo Testaman

Mak 16:1–6; Lik 24:6

Ansyen Testaman

Danyèl 12:2

Nouvo Testaman

Matye 27:52–53

Pwofesi ak ansèyman konsènan Sovè a menm pi abondan ak pi klè nan Liv Mòmon an. Konsidere kijan lafwa w te fòtifye gras ak pasaj tankou sila yo: 1 Nefi 11:31–33; 2 Nefi 25:13; Mozya 3:2–11.

Mwen ka jwenn lapè ak lajwa atravè Ekspyasyon Sovè a.

Depi lontan, Jezikri, atravè sakrifis ekspyatwa L la, ofri lapè ak lajwa pou tout moun ki vin jwenn Li (gade Moyiz 5:9–12). Konsidere pou w etidye ekriti ki pi ba yo ki temwaye sou lapè ak lajwa Li ofri, epi pandan w ap fè sa, reflechi sou fason w ka resevwa lapè ak lajwa Li pote a: Sòm 16:8–11; 30:2–5; Ezayi 12; 25:8–9; 40:28–31; Jan 14:27; 16:33; Alma 26:11–22.

Gade tou Dallin H. Oaks, “Fòtifye pa Ekspyasyon Jezikri a,” Lyawona, Nov. 2015, 61–64; Sharon Eubank, “Kris: Limyè Ki Briye nan Tenèb,” Lyawona, Me 2019, 73–76;”Merveilleux l’Amour,” Cantiques, no. 193.

Imaj
Kris la sou kwa a

Jou Tristès Gòlgota a, pa J. Kirk Richards

Atravè Ekspyasyon L lan, Jezikri gen pouvwa pou L ede m simonte peche, lanmò, eprèv, ak feblès.

Atravè ekriti yo, pwofèt yo te temwaye sou pouvwa Jezikri pou delivre nou anba peche ak lanmò ak pou ede nou simonte eprèv ak feblès nou yo. Kijan Jezikri te fè yon diferans nan lavi ou? Poukisa Li enpòtan pou ou? Medite sou kesyon sa yo pandan w ap li vèsè sa yo, epi ekri panse ak santiman ou konsènan Sovè a:

Gade tou Walter F. González, “Touch Sovè a,” Lyawona, Nov. 2019, 90–92

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Egzòd 12:1–28.Pandan w ap selebre Pak, fanmi ou ta ka repase sa yo te aprann konsènan Pak Juif la pi bonè nan mwa sa a. Poukisa li fè anpil sans ke sakrifis Senyè a te rive an menm tan avèk pak Juif la?

Pou yon rezime sou sa k te pase pandan dènye semèn lavi Sovè a, gade “Semèn Sent” nan ComeuntoChrist.org/2016/easter/easter-week. Pou ekriti konsènan evènman nan dènye semèn lavi Sovè a, gade “Dènye Semèn nan: Ekspyasyon ak Rezirèksyon” nan Amoni Levanjil yo (nan apendiks Bib la).

Ezayi 53.Lekti sou pwofesi konsènan Jezikri yo nan Ezayi 53 a kapab ede manm fanmi w yo konprann sakrifis ekspyatwa Sovè a. Ki vèsè oswa fraz fanmi w twouve ki spesyalman puisan? Panse pou w òganize yon reyinyon temwayaj familyal kote n ap pataje temwayaj nou pèsonèl sou Ekspyasyon Sovè a.

“Temwwen espesyal Kris la.”App Bibliyotèk Levanjil la ak ChurchofJesusChrist.org gen yon koleksyon videyo ki rele “Temwen Espesyal Kris la,” kote chak manm nan Premye Prezidans la ak Kolèj Douz Apot yo pataje temwayaj yo konsènan Jezikri. Petèt fanmi w ta ka gade kèk nan videyo sa yo epi pale konsènan sa yo aprann konsènan Jezikri nan men sèvitè chwazi l yo. Kòm yon fanmi, pale sou fason nou ka pataje temwayaj nou sou Kris la. Paegzanp, ou gen dwa envite yon moun pou adore avèk ou nan legliz la jou Dimanch Pak sa a.

Chan ak kantik.Mizik se yon fason puisan pou nou sonje Sovè a ak envite Lespri a nan fwaye nou. Manm fanmi yo ta ka pataje epi chante ansanm chan oswa kantik konsènan Pak oubyen sou Jezikri, tankou “Le Christ est Ressuscité” (Cantiques, no. 122) oswa “Jésus est-il Ressuscité?” (Chants pour les enfants,45). Pou jwenn lòt kantik oswa chan pou timoun yo, gade nan endèsk liv Cantiques la ak nan Chants pour les Enfants.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sigjere: “Jésus est-il ressuscité?Chants pour les enfants,45

Amelyore ansèyman nou

Viv Levanjil Jezikri a. “Pou vin yon enstriktè tankou Kris la [nan fwaye ou], petèt bagay ki pi enpòtan w ka fè se … viv levanjil la avèk tout kè ou. … Sa se mwayen prensipal pou w ka kalifye pou konpayi Sentespri a. Ou pa oblije pafè, sèlman, eseye avèk dilijans—epi chèche jwenn padon atravè Ekspyasyon Sovè a chak fwa w bite” (Anseye nan fason Sovè a, 13).

Imaj
Kris la kanpe sou pòt anwòch kraze devan tonm nan

Se pou Bi Sa a M te Vini, tablo Yongsung Kim