Ansyen Testaman 2022
4–10 Avril. Egzòd 14–17: “Rete Dousman, epi w ap wè Sali Senyè a”


“4–10 Avril. Egzòd 14–17: ‘Rete Dousman, epi w ap wè Sali Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“4–10 Avril. Egzòd 14–17,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Lanmè Wouj

Lanmè Wouj la

4–10 Avril.

Egzòd 14–17

“Rete Dousman, epi w ap wè Sali Senyè a”

Bondye te kòmande Moyiz pou l te ekri konsènan eksperyans li yo “nan yon liv souvni, epi repete l” bay Jozye (Egzòd 17:14). Nan menm fason an, ekri eksperyans spirityèl ou yo ap ede oumenm ak moun ou renmen yo sonje bonte Senyè a.

Ekri Enpresyon w yo.

Izrayelit yo te pran nan pèlen. Lanmè Wouj la te sou yon bò, epi lame Farawon an t ap avanse sou lòtbò a. Sanble chape yo anba men Ejip pa t ap dire. Men, Bondye te gen yon mesaj pou Izrayelit yo ke L te vle yo sonje pou dè jenerasyon: “Pa pè. … Senyè a pral batay pou ou” (Egzòd 14:13–14).

Depi lè sa a, lè pèp Bondye a te bezwen lafwa ak kouraj, yo te vire gade istwa delivrans mirakile Izrayèl sa a. Lè Nefi te bezwen enspire frè l yo, li te di, “An nou fò tankou Moyiz; paske li te reyèlman pale avèk dlo Lanmè Wouj la e dlo a te fann ande, e zansèt nou yo te pase sòti nan kaptivite sou tè sèch” (1 Nefi 4:2). Lè Wa Limhi te vle pèp kaptif li a “leve tèt [yo] e rejwi,” li te raple yo menm istwa sa a tou (Mozya 7:19). Lè Alma te vle temwaye pitit gasaon l yo pouwa Bondye, li te fè referans a istwa sa a tou (gade nan Alma 36:28). Epi lè nou bezwen delivrans—lè nou bezwen yon ti lafwa anplis, lè nou bezwen “rete dousman, pou nou wè sali Senyè a”—nou ka sonje kijan “Senyè a te sove Izrayèl jou sa a sòti anba men Ejipsyen yo” (Egzòd 14:13, 30).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Egzòd 14

Bondye gen pouvwa pou L delivre m.

Pandan w ap li Egzòd 14:1–10, imagine kijan Izrayelit yo dwe te santi yo lè yo te wè lame Farawon an ap apwoche. Petèt ou santi w bezwen yon mirak pou w ka siviv anba yon difikilte w ap travèse. Kisa w aprann nan Egzòd 14:13–31 ki ka ede w chèche delivrans Bondye nan lavi ou? Kisa w aprann sou fason Bondye bay delivrans nan advèsite? Medite sou fason w konn wè pouvwa delivrans Li nan lavi ou.

Gade tou nan Doktrin ak Alyans 8:2–3; L. Tom Perry, “Pouvwa Delivrans,” Lyawona, Me 2012, 94–97; Kat Jewografik Bib la, no. 2, “Sòti Izrayèl an Ejip ak Antre nan Kanaan.”

Egzòd 15:22–27

Senyè a ka fè bagay anmè vin dous.

Pandan w ap li nan Egzòd 15:22–27 la sou vwayaj Izrayèl al nan tè pwomiz la, panse a kèk bagay nan lavi w ki ka sanble yo “anmè” tankou dlo Marah yo. Konsidere kesyon sa yo pandan w ap medite sou vèsè sa yo: Kijan Senyè a ka fè bagay anmè vin dous nan lavi ou? Ki enpòtans eksperyans sa yo genyen nan lavi ou? Kisa vèsè 26 ak 27 yo sigjere sou fason Senyè a beni nou lè nou koute vwa Li?

Egzòd 15:23–27; 16:1–15; 17:1–7

M ka fè Senyè a konfyans menm nan tan difikilte.

Nou gen tantasyon pou nou kritike Izrayelit yo poutèt yo te mimire oubyen plenyen lè sikonstans yo te vin difisil, menm apre tout bagay Bondye te fè pou yo. Men, pandan w ap li Egzòd 15:23–27; 16:1–15; 17:1–7, gade pou w wè si w pa janm fè menm bagay la tou. Kisa w aprann nan eksperyans Izrayelit yo ki ka ede w mimire mwens epi konfye w pi konplètman nan Bondye? Paregzanp, ki diferans ou remake nan fason Izrayelit yo te reyaji devan difikilte ak fason Moyiz te reyaji? Kisa vèsè sa yo anseye w apwopo Bondye?

Gade tou nan 1 Nefi 2:11–12; “Mimire se Peche” (video), ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
Fi k ap rasanble lamàn

Lamàn Bondye te voye a te nouri Izrayèl fizikman; noumenm tou nou bezwen nouriti espirityèl chak jou. Tablo Leopold Bruckner

Egzòd 16

M ta dwe chèche nouriti espirityèl chak jou.

Gen anpil leson espirityèl nou ka aprann nan mirak lamàn nan ki nan Egzòd 16 la. Remake enstriksyon detaye Izrayelit yo te resevwa sou fason pou yo te rasanble, itilize, ak prezève lamàn nan (gade nan Egzòd 16:16, 19, 22–26). Kisa w wè nan enstriksyon sa yo ki aplike pou ou, pandan wap chèche nouriti espirityèl chak jou?

Gade tou nan Jan 6:31–35, 48–58 ak video “Pen Kotidyen: Modèl,” “Pen Kotidyen: Eksperyans,” ak “Pen Kotidyen: Chanjman” (ChurchofJesusChrist.org).

Egzòd 17:1–7

Jezikri se fondasyon espirityèl mwen ak dlo vivan mwen.

Panse a Sovè a pandan w ap li Egzòd 17:1–7. Nan ki fason Jezikri se yon wòk pou ou? (gade nan Sòm 62:6–7; Elaman 5:12). Nan ki fason li tankou dlo a? (gade nan Jan 4:10–14; 1 Korentyen 10:1–4; 1 Nefi 11:25).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Egzòd 14:13–22.Manm fanmi w yo ta ka kontan pou yo eseye “separe” dlo ki nan yon bòl oubyen nan yon basen, jan Moyiz te separe Lanmè Wouj la. Ede yo konprann ke Lanmè Wouj la pa t ap ka separe san pouvwa Bondye. Nan ki fason nou wè pouvwa Bondye nan lavi nou ak lavi zansèt nou yo?

Egzòd 15:1–21.Apre yo te fin travèse Lanmè Wouj la mirakilezman, Izrayelit yo te chante yon chan lwanj ki te rele chan Moyiz la, ke nou jwenn nan Egzòd 15:1–21. Ansanm an fanmi, chèche nan vèsè sa yo pou n jwenn fraz ki temwaye de sa Bondye te fè pou Izrayelit yo ak lòt fraz ki siyifikatif. Apresa, nou ta ka chante yon chan ki raple fanmi an sa Bondye fè pou ou.

Egzòd 16:1–5; 17:1–7.Lekti Egzòd 16:1–5 ak 17:1–7 la ta ka mennen nan yon diskisyon konsènan Sovè a kòm Pen Lavi, kòm Dlo Vivan, epi kòm Fondasyon nou. Nan ki fason istwa sa yo raple nou sa Jezikri fè pou nou? Kòm yon pati nan diskisyon an, ou ta ka li Jan 4:10–14; 6:29–35, 48–51; Elaman 5:12; Doktrin ak Alyans 20:77, 79.

Egzòd 17:8–16.Ou ta ka jwe wòl yon istwa sou Arawon ak Hur ki kenbe men Moyiz epi diskite kijan sa ta ka senbolize fason nou soutni moun Bondye aple pou dirije nou yo. Ou ta ka montre diferans ant egzanp Aawon ak Hur la avèk mimire Izrayelit yo kont Moyiz (ki dekri nan chapit 15–17) yo. Nan ki fason nou ka ede ak soutni dirijan nou yo? Ki benediksyon ki vinn jwenn noumenm ak dirijan nou yo lè nou fè sa?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Sauveur D’ Israel,” Cantiques, no. 6.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche pwòp enpresyon espirityèl pa w. Nan etid pèsonèl ak familyal ou yo, pa limite tèt ou a pasaj ekriti yo trete nan plan leson sa yo sèlman. Senyè a siman gen mesaj pou ou nan chapit sa yo ke yo pa kouvri la a. Avèk lapriyè, chèche enspirasyon.

Imaj
Moyiz k ap separe Lanmè Wouj la.

Ilistrasyon Moyiz k ap separe Lanmè Wouj la, tablo Robert T. Barrett