Ansyen Testaman 2022
4–10 Avril Egzòd 14–17: “Nou pa Bezwen Pè, Louvri Je Nou pou nou Wè Kijan Senyè a Pral Delivre Nou”


“4–10 Avril Egzòd 14–17: “Nou pa Bezwen Pè, Louvri Je Nou pou nou Wè Kijan Senyè a Pral Delivre Nou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“4–10 Avril Egzòd 14–17,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Lanmè Wouj

Lanmè Wouj la

4–10 Avril

Egzòd 14–17

“Nou pa Bezwen Pè, Louvri Je Nou pou nou Wè Kijan Senyè a Pral Delivre Nou”

Pandan w ap li Egzòd 14–17, ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo. Enpresyon sa yo kapab ede w planifye pou w anseye timoun yo verite w aprann yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Egzòd 14–17 la ranpli avèk istwa memorab. Envite kèk nan timoun yo pou pataje yon istwa yo konnen sou chapit sa yo, ansanm avèk yon bagay yo aprann de li.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Egzòd 14:5-22.

Senyè a te delivre Moyiz ak pèp li a.

Separasyon Lanmè Wouj la se te yon mirak ki te montre Moyiz ak Izrayelit yo kijan Senyè a puisan. Si timoun yo konnen pouvwa Li, sa ka ede yo fè L konfyans.

Aktivite posib

  • Panse a fason pou w rakonte istwa Izrayelit yo ki ap travèse Lanmè Wouj la nan yon fason enteresan ak memorab. Pa egzanp, oumenm oubyen yon lòt manm pawas la ta ka abiye tankou Moyiz pou rakonte istwa ki nan Egzòd 14:5, 9–10, 13–16, 19–22la. Timoun yo ta ka pretann ke chèz yo se Lanmè Wouj la, epi yo ta ka suiv moun ki ap jwe wòl Moyiz la pandan l ap fè yon chemen nan mitan chèz yo. Oubyen timoun yo ta ka pretann ke yo se dlo a epi yo deplase al nan de direksyon separe nan sal la lè Moyiz divize yo. Souliye ke Senyè a te bay Moyiz pouvwa pou l te separe lanmè a pou Izrayelit yo te ka delivre anba kaptivite.

  • Envite yo pou yo kolore paj aktivite a pandan w ap repase istwa ki nan Egzòd 14:5–22la avèk yo. Apre sa yo ta ka travay ansanm pou yo itilize paj aktivite a pou rakonte istwa a.

Egzòd 15:23–25; 16:14–15; 17:1–6

Senyè a ap pran swen bezwen m yo.

Istwa sou Senyè a k ap bay Izrayelit yo manje ak dlo nan dezè a anseye nou ke L ka pran swen bezwen nou. Reflechi sou sa w ka fè pou fè timoun yo patisipe lè y ap aprann istwa sa yo.

Imaj
yon fi ki ap ranmase lamàn

Lamàn Bondye a te nouri Izrayèl fizikman; noumenm tou nou bezwen nouriti espirityèl chak jou. Tablo Leopold Bruckner

Aktivite posib

  • Ede timoun yo mime evènmanè kinan Egzòd 15:23–25; 16:14–15; 17:1–6yo, pandan y ap pretann ke yo se Moyiz oubyen Izrayelit yo. Si sa posib, pote yon objè pou ede rakonte chak istwa, tankou yon branch bwa (pou geri dlo a nan Mara), yon bokal oswa yon po (pou ranpli ak lamàn), ak yon baton oubyen yon wòch (pou dlo nan Horeb la). Kijan Bondye te pran swen Izrayelit yo? Kijan L pran swen nou chak jou?

  • Rakonte istwa ki nan Egzòd 15:23–25; 16:14–15; 17:1–6 yo brèfman (gade tou “Moïse conduit Israël,” nan Histoires de l’Ansyen Testaman an). Pandan w ap rakonte istwa yo, envite timoun yo pou yo fè desen sou chak istwa. Kisa nou aprann osijè Bondye nan vèsè sa yo?

Egzòd 17:8-16.

Mwen ka soutni pwofèt nou an.

Istwa Aawon ak Our ki kenbe men pwofèt Moyiz la kapab konpare avèk efò nou pou nou soutni pwofèt vivan nou an.

Aktivite posib

  • Envite twa timoun pou yo kanpe devan klas la pou reprezante Moyiz, Aawon, ak Hur pandan w ap rakonte istwa ki nan Egzòd 17:8–16la. Kisa nou ka fè jodi a pou ede pwofèt nou an, menm jan Aawon ak Hur te ede pwofèt Moyiz la?

  • Montre foto pwofèt vivan an, epi mande timoun yo kiyès li ye. Ede timoun yo sonje kèk nan bagay pwofèt la te anseye nou resamman. Mande yo pou yo pataje kèk nan fason y ap suiv pwofèt la. Chante ansanm kèk kouplè nan “Suis les prophètes,” enkli dènye kouplè a (Chants pour les enfants, 58–59)

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Egzòd 14:5-22.

M ka aprann pou m toujou suiv Lespri a.

Moyiz te konnen pa revelasyon kijan pou l te dirije Izrayelit yo pou yo te travèse Lanmè Wouj la (gade nanDoktrin ak Alyans 8:2–3). Kijan istwa sa a ka ede timoun w ap anseye yo aji selon revelasyon pèsonèl?

Aktivite posib

  • Montre foto Moyiz ki ap divize Lanmè Wouj la an plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Mande timoun yo pou yo repase Egzòd 14:5–22 epi pataje yon bagay yo konnen sou istwa a. Kisa Doktrin ak Alyans 8:2–3 ajoute sou konpreyansyon nou de istwa sa a? Rakonte yon eksperyans lè Sentespri a te di w yon bagay nan lespri w oswa nan kè w, epi envite timoun yo pou yo pale de eksperyans pa yo tou.

  • Raple timoun yo istwa Nefi ki tap suiv Lespri a lè l t al chèche plak eren yo (gade nan 1 Nefi 4:1–6). Ede timoun yo wè ke Moyiz te oblije suiv Lespri a lè l t ap dirije pèp li a pou travèse Lanmè Wouj la. Ede timoun yo ekri yon nouvo kouplè pou “Le courage de Néphi” a nan (Chants pour les enfants, 64–65) sou fason Senyè a te founi yon mwayen pou Moyiz lè l te montre kouraj epi l te suiv Lespri a. Chante nouvo kouplè a ansanm.

Egzòd 15:23–25; 16:14–15; 17:1–6

Senyè a ap pran swen bezwen m yo.

Si nou vire gade Jezikri, Li ka ede nou nan moman difisil nan lavi nou yo, menm jan L te ede timoun Izrayèl yo.

Aktivite posib

  • Divize klas la de pa de oubyen an gwoup, epi bay chak gwoup tach pou l li youn nan pasaj sa yo: Egzòd 15:23–25; 16:14–15; 17:1–6. Mande timoun nan chak gwoup pou yo fè desen ki reprezante sa y ap li nan vèsè sa yo, epi apre sa mande lòt manm klas la pou yo devine kisa y ap desine a. Ede yo idantifye kisa istwa sa yo anseye sou Jezikri. Ki eprèv moun genyen jodi a? Kijan Pè Selès la ak Jezikri ede nou avèk eprèv nou yo?

  • Pandan w ap repase istwa sa yo, mande timoun yo poukisa pen ak dlo te si enpòtan konsa pou timoun Izrayèl yo? Kisa k t ap rive si yo pa t gen bagay sa yo? Ede timoun yo konprann ke pen ak dlo sentsèn nan nesesè pou nou espirityèlman (gade nan Jan 4:13–14; 6:35, 48–51). Ou ta gen dwa mande yo pou yo di kisa yo santi apwopo Sentsèn.

Egzòd 17:8-16.

Nou beni lè nou soutni dirijan Legliz nou yo.

Se sèlman lè Moyiz te leve men l anlè ke timoun Izrayèl yo te gen viktwa nan batay kont Amalèk la. Kisa nou ka aprann konsènan soutni dirijan nou yo nan istwa sa a?

Aktivite posib

  • Pou ede timoun yo repase istwa a nan Egzòd 17:8–16la, ekri sou tablo a: Kiyès ki te ede Moyiz pandan batay la? Kisa yo te fè? Ki rezilta sa te pote? Envite yo pou yo chèche repons yo nan vèsè yo. Kisa istwa sa a anseye sou fason nou ka ede wayòm Bondye a gen siksè? Kisa nou ka fè pou nou sipòte, soutni, ak suiv dirijan nou yo nanLegliz la?

  • Envite timoun yo pou yo li Egzòd 17:8–16 epi pou yo desine foto sa yo li a. Ankouraje yo pou yo ekri yon mesaj yo aprann nan istwa a sou desen yo a. Poukisa sa se yon mesaj enpòtan pou nou jodi a?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo chwazi youn nan istwa nou te diskite yo jodi a. Ede yo panse ak yon bagay yo ka fè pandan semèn pwochèn nan pou aplike sa istwa sa a anseye yo.

Amelyore ansèyman nou

Timoun renmen istwa. Timoun yo ap pi byen konprann prensip levanjil yo lè yo ka wè yo nan lavi moun reyèl. Lè w ap pataje istwa ki nan ekriti yo, panse pou w pataje eksperyans nan pwòp lavi w ki anseye menm prensip yo. Ou ta gen dwa envite timoun yo pou yo pataje eksperyans pa yo.