Ansyen Testaman 2022
28 Mas–3 Avril. Egzòd 7–13: “Sonje jou sa a, nou te soti kite Ejip la”


“28 Mas–3 Avril. Egzòd 7–13: “Sonje jou sa a, nou te soti kite Ejip la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“28 Mas–3 Avril. Egzòd 7–13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Moyiz, Aawon, ak Farawon

Ilistrasyon Moyiz, Aawon, ak Farawon nan lakou Farawon an, tablo: Robert T. Barrett

28 Mas–3 Avril.

Egzòd 7–13

“Sonje jou sa a, nou te soti kite Ejip la”

Pandan w ap li ak medite Egzòd 7–13, ekri enpresyon ki vin jwenn ou. Lè w fè sa regilyèman, kapasite w pou w rekonèt chichotman Sentespri yo ap grandi.

Ekri Enpresyon w yo

Plèg apre plèg te aflije Ejip men, Farawon te toujou refize libere Izrayelit yo. Epi malgre sa, Bondye te kontinye demontre pouvwa L ak bay Farawon opòtinite pou l te aksepte ke “L se Senyè a” epi “pa gen okenn lòt tankou m sou tout tè a” (Egzòd 7:5; 9:14). Pandan tan sa a, Moyiz ak Izrayelit yo dwe te siman ap gade manifestasyon pouvwa Bondye pou yo yo avèk etònman. Asireman, siy kontinyèl sa yo te konfime lafwa yo nan Bondye epi sa te fòtifye dispozisyon yo pou yo te suiv Pwofèt Bondye. Epi apre ke nèf plèg terib pa t ka libere Izrayelit yo, sete dizyèm plèg la—lanmò premyene yo, enkli premyene Farawon an—ki te finalman fini kaptivite a. Sa sanble l te byen mezire paske nan chak ka kaptivite spirityèl, gen reyèlman yon sèl mwayen pou chape. Kèlkeswa bagay nou te eseye fè nan lepase, nou nan menm pozisyon avèk pitit Izrayèl yo. Se sèlman sakrifis Jezikri, Premyene a—san Anyo san fot la—k ap sove nou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Egzòd 7–11

M ka chwazi pou kè m pa di.

Erezeman, volonte w pa p janm osi dramatikman opoze ak volonte Bondye tankou Farawon. Malgre sa, nou tout gen kèkfwa kote kè nou pa osi adousi jan yo ta dwe ye, konsa, nou gen yon bagay pou nou aprann nan aksyon Farawon yo ki ekri nan Egzòd 7–10 la. Pandan w ap li konsènan plèg yo nan chapit sa yo, kisa ki atire atansyon w nan reyaksyon Farawon yo? Èske w remake menm kalite tandans kè di sa yo nan oumenm? Medite sou sa w aprann nan chapit sa yo konsènan sa vle di pou w gen yon kè adousi.

Note ke tradiksyon Joseph Smith pou Egzòd 7:3, 13; 9:12; 10:1, 20, 27; 11:10 yo klarifye ke Senyè a pa t fè kè Farawon di—Farawon te andise kè l poukont li (gade nan nòt anba paj chak vèsè).

Kisa w aprann nan ekriti sa yo sou devlope yon kè ki pa di? 1 Nefi 2:16; Mozya 3:19; Alma 24:7–8; 62:41; Etè 12:27.

Gade tou nan Michael T. Ringwood, “Yon Fasilite ak Volonte pou nou Kwè,” Lyawona, Nov. 2009, 100–102.

Egzòd 12:1–42

Pak la senbolize Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.

Sèl fason pou Izrayelit yo te epaye anba dizyèm plèg la, ki dekri nan Egzòd 11:4–5 la, sete pou yo te presizeman suiv enstriksyon Senyè a te bay Moyiz nan Egzòd 12 yo, yon seremony ki pote non Pak. Pak la anseye nou atravè senbòl ke menmjan Senyè a te delivre Izrayelit yo anba esklavaj an Ejip la, Li ka delivre nou anba esklavaj peche tou. Kisa w jwenn nan enstriksyon ak senbòl Pak yo ki raple w Jezikri ak Sakrifris Ekspyatwa L la? Kisa senbòl ak enstriksyon sa yo sigjere w sou fason pou w resevwa benediksyon Sakrifis Ekspyatwa yo? Paregzanp, kisa mete san anyo sou lento pòt kay ta ka reprezante? (vèsè 7). Kisa sa vle di pou w gen “soulye w nan pye ou, ak lafwa w nan men ou”? (vèsè 11).

Gade tou nan Doktrin ak Alyans 89:21.

Imaj
moun k ap pran sentsèn

Sentsèn nan ede nou sonje Liberatè nou an, Jezikri.

Egzòd 12:14–17, 24–27; 13:1–16

Sentsèn nan ede m sonje delivrans mwen atravè Jezikri.

Sovè a te vle Izrayelit yo toujou sonje ke L te delivre yo, menm apre kaptivite yo a te vin yon ansyen souvni. Se te pou rezon sa a Li te kòmande yo pou yo te obsève fèt Pak la chak ane. Pandan w ap li enstriksyon L yo nan Egzòd 12:14–17, 24–27; 13:1–16, panse sou sa w ap fè pou w sonje benediksyon Bondye ba ou yo. Kòman w ka prezève souvni sa a “atravè jenerasyon w yo”? (gade nan Egzòd 12:14, 26–27).

Ki similarite ou wè ant bi fèt Pak la ak Sentsèn nan? Kijan lekti sou Pak la raple w sentsèn nan epi pote plis siyifikasyon pou òdonans sa a? Konsidere kisa w ka fè pou w “toujou sonje” Jezikri (Mowoni 4:3; 5:2; gade tou nan Lik 22:7–8, 19–20).

Epi tou, ou ta ka medite sou lòt bagay Senyè a vle pou w sonje; gade paregzanp, Elaman 5:6–12; Mowoni 10:3; Doktrin ak Alyans 3:3–5, 10; 18:10; 52:40.

Gade tou nan Jan 6:54; “Toujou Sonje L” (video), ChurchofJesusChrist.org; “Soupe Sentsèn Senyè a,” nan TAnsèyman Prezidan Legliz yo: Howard W. Hunter (2015), 197–206.

Imaj
family study icon

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Egzòd 7–12.Petèt, apre yo fin li konsènan plèg yo Senyè a te voye kòm siy pouvwa L bay Ejipsyen yo, fanmi ou ta ka pataje fason Senyè a demontre pouvwa L jodia.

Egzòd 8:2832; 9:27–28, 34–35.Ou ka itilize vèsè sa yo pou kòmanse yon diskisyon sou enpòtans pou nou kenbe pawòl nou. Petèt, manm fanmi yo ta ka pataje eksperyans kote yo te wè lòt moun fè sa yo te pwomèt pou yo fè.

Egzòd 12:1–42.Apre nou fin li Egzòd 12:1–42 la ansanm, ou ta ka ekri sou yon moso paye kèk bagay nou ka fè kòm yon fanmi pou n sonje Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Paske san anyo a sou lento pòt yo (gade nan vèsè 23) te reprezante Sovè a, ou ta ka pliye papye sa yo alantou antre yon pòt lakay ou. Ou ta ka manje kèk nan manje Pak yo tou, tankou pen san leven (biskuit sèk oubyen kasav) oubyen zèb ki pike (pèsi oubyen radi), epi diskite kijan Pak la ede nou sonje kijan Bondye te delivre pèp Li a. Paregzanp, pen san leven an te raple yo ke pa t gen tan pou pen yo a leve anvan yo te kouri sòt nan kaptivite. Epis pike yo raple yo jan kaptivite a te anmè.

Egzòd 12:14, 24–27.Petèt ou ta ka revize vèsè sa yo ak fanmi an anvan pwochen reyinyon sentsèn nan. Kijan vèsè sa yo gen relasyon avèk sentsèn nan? Kijan nou ka pi totalman fè sentsèn nan tounen yon “rapèl” sou sa Sovè a fè pou nou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan entènèt pou semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sijere: “In Memory of the Crucified,” Hymns, no. 190.

Amelyore ansèyman nou

Pataje leson objè. Envite manm fanmi yo pou yo chèche objè ki ede yo konprann prensip w ap li yo. Paregzanp, objè ki mou ak sa ki di ta ka ede manm fanmi an diskite diferans ant lè yo gen kè adousi ak kè di.

Imaj
Fanmi Ebre k ap fè yon dine Pak

Ilistrasyon yon soupe Pak, tablo Brian Call