Ansyen Testaman 2022
9–15 Me. Resansman 11–14; 20–24: “Pinga Nou Fè Rebèl Kont Senyè a, Ni Gen Laperèz”


“9–15 Me. Resansman 11–14; 20–24: “Pinga Nou Fè Rebèl Kont Senyè a, Ni Gen Laperèz,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“9–15 Me. Resansman11–24; 20 Moyiz 8,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
vale dezè a

9–15 Me

Resansman 11–14; 20–24

“Pinga Nou Fè Rebèl Kont Senyè a, Ni Gen Laperèz”

Plan leson sa a souliye kèk nan prensip valab ki nan liv Resansman an. Se pou w ouvè a lòt prensip Lespri a ka ede w wè tou.

Ekri Enpresyon w yo.

Menmsi yon moun t ap soti nan dezè Sinayi a pou ale nan Tè Pwomiz la nan Kanaan apye, nòmalman sa pa t ap pran 40 an. Men se kantite tan sa a pitit Izrayèl yo te bezwen, pa pou yo te kouvri distans jewografik la men pou yo te kouvri distans espirityèl la: distans ant moun yo te ye a ak moun Senyè a te bezwen yo te vin ye kòm pèp alyans Li a.

Liv Resansman an dekri kèk nan bagay ki te rive pandan 40 an sa yo, pami yo leson pitit Izrayèl yo te bezwen aprann anvan yo te antre nan Tè Pwomiz la. Yo te aprann pou yo fidèl a sèvitè Senyè a te chwazi yo (gade nan Resansman 12). Yo te aprann kwè pouvwa Senyè a, menm lè lavni te sanble li te san espwa (gade nan Resansman 13–14). Epi yo te aprann ke absans lafwa ak konfyans ke lakoz domaj espirityèl, men yo te kapab repanti epi vire al jwenn Sovè a pou geri yo (gade nan Resansman 21:4–9).

Nou menmjan avèk Izrayelit yo nan kèk fason. Nou tout konn kisa sa vledi pou nou nan yon dezè espirityèl, e menm leson yo te aprann yo kapab ede nou prepare nou pou nou antre nan pwòp tè pwomiz pa nou an: lavi etènèl avèk Papa nou ki nan Syèl la.

Pou yon koudèy sou liv Resansman an, gade “Resansman (Nonb)” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Resansman 11:11–17, 24–29; 12

Revelasyon disponib pou tout moun, men Bondye gide Legliz Li a atravè pwofèt Li yo.

Nan Resansman 11:11–17, 24–29, remake pwoblèm Moyiz te konfwonte a ak solisyon Bondye te pwopoze l la. Kisa w panse Moyiz te vle di lè le l te swete ke “tout pèp Senyè a se te pwofèt”? (vèsè 29). Lè w ap medite sou vèsè sa yo, konsidere pawòl sa yo ke Prezidan Russell M. Nelson te di: “Èske Bondye vrèman vle pale avèk ou? Wi! … “O, gen sitèlman bagay anplis ke Pè Selès la vle w konnen” (“Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi Nou,” Lyawona Me 2018, 95).

Sepandan, di ke tout moun kapab yon pwofèt pa vle di yo tout kapab dirije pèp Bondye a jan Moyiz te fè l la. Ensidan an ki ekri nan Resansman 12 la rann sa klè. Pandan w ap li chapit sa a, ki avètisman ou jwenn? Kisa w santi Senyè a vle w konprann konsènan revelasyon pèsonèl ak suiv pwofèt la?

Gade tou nan 1 Nefi 10:17; Doktrin ak Alyans 28:1–7.Dallin H. Oaks, “De Liy Kominikasyon,” Liahona, Nov. 2010, 83–86.

Resansman 13:-14.

Avèk lafwa nan Senyè a, m kapab gen espwa pou lavni.

Pandan w ap li Resansman 13–14la, eseye mete tèt ou nan plas Izrayelit yo. Poukisa w panse yo te vle “retounen an Ejip”? (Resansman 14:3). Èske w janm tankou moun ki te pesimis yo osijè antre nan tè pwomiz la.” Kijan w t ap dekri lòt “espri” Kalèb te genyen an? (Resansman 14:24). Kisa ki enpresyone w nan lafwa Kalèb ak Jozye, epi kijan ou ta kapab aplike egzanp yo a sitiyasyon w ap konfwonte yo?

Gade tou nan Enseignements des Présidents de l Eglise: Gordon B. Hinckley (2016), 75–76.

Resansman 21:4–9

Si m chèche Jezikri ak lafwa, Li kapab geri m espirityèlman.

Pwofèt Liv Mòmon yo te konnen istwa yo rapòte nan Resansman 21:4–9 la epi yo te konprann siyifikasyon espirityèl li. Kisa 1 Nefi 17:40–41; Alma 33:18–22; ak Elaman 8:13–15 ajoute sou konpreyansyon w konsènan istwa sa a? Pandan w ap etidye pasaj sa yo, reflechi sou gerizon espirityèl ou espere a. Izrayelit yo te gen pou yo te “[gade] sèpan kuiv la” (Resansman 21:9) pou yo te ka geri. Kisa w santi ki te enspire w pou w te fè pi konplètman “ gade Pitit Gason Bondye a ak lafwa”? (Elaman 8:15

Gade tou nan Jan 3:14–15; Doktrin ak Alyans 6:36; Dale G. Renlund, “Ranpli avèk benediksyon,” Lyawona, Me 2019, 70–73.

Imaj
sèpan eren

Izrayelit yo te geri lè yo te gade sèpan eren an.

Resansman 22–24.

Mwen ka suiv volonte Bondye, menm si lòt moun eseye pèsyade m pou m pa fè sa.

Lè Balak, wa Moab la, te aprann ke Izrayelit yo t ap apwoche, li te rele Balaam, yon nonm yo te konnen poutèt li te konn pwononse benediksyon ak madichon. Balak te vle febli Izrayelit yo nan ba yo madichon. Remake kijan Balak te eseye pèsyade Balaam (gade nan Resansman 22:5–7, 15–17), epi reflechi sou tantasyon ou rankontre pou w aji kont volonte Bondye. Kisa ki enpresyone w nan repons Balaam yo ki nan Resansman 22:18, 38; 23:8, 12, 26; 24:13yo?

Malerezman, sanble ke alafen Balaam te sede anba presyon epi li te trayi Izrayèl (gade nan Resansman 31:16; Jid 1:11). Reflechi sou kijan ou kapab rete fidèl a Senyè a malgre presyon lòt moun.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Resansman 11:4–6.Èske atitid nou janm menm jan avèk atitid Izrayelit yo nou wè nan Resansman 11:4–6la? Kijan konsèy ki nan Doktrin ak Alyans 59:15–21 an ka ede?

Resansman 12:3.Kijan Moyiz te montre ke li te “trè dou” nan Resansman 12 la oubyen nan yon lòt pasaj ekriti w te li yo? Ou ta kapab revize eksplikasyon Èldè David A. Bednar te bay sou dousè nan mesaj li a “Dou ak ak Enb nan Kè” (Lyahona, Me 2018, 30–33) oubyen nan “Dou, Dousè” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Kisa nou aprann sou jan nou ka vin pi dou? Ki benediksyon ki kapab vini pandan nou ap fè sa?

Resansman 13–14.De ou plis manm nan fanmi w ta kapab pretann ke y ap “eksplore” (Resansman 13:17) yon lòt pati nan kay ou a kòm si sete tè pwomiz la. Apre sa yo chak ta kapab bay yon rapò ki baze sou Resansman 13:27–33 oubyen Resansman 14:6–9. Kisa nou aprann apwopo lapriyè nan de rapò diferan yo nan vèsè sa yo? Kijan nou ka vin tankou Kalèb aj Jozye?

Resansman 21:4–9Apre w fin li Resansman 21:4–9, ansanm avèk 1 Nefi 17:40–41; Alma 33:18–22; ak Elaman 8:13–15, fanmi w ta kapab fè yon sèpan an papye oswa ajil epi ekri sou li oubyen sou papye kèk bagay senp ou ka fè pou w “gade Pitit Bondye a ak lafwa” (Elaman 8:15).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè..

Chan yo sigjere: “O Jésus, quand je pense à toi,” Cantiques, no. 76.

Amelyore Ansèyman Nou

Ede fanmi w devlope otonomi espirityèl. “Olye pou w senpleman pataje enfòmasyon, ede [manm fanmi w yo] dekouvri verite levanjil yo poukont yo nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt yo” (Anseye nan fason Sovè a, 28).

Imaj
Moyiz ak sèpan eren an

Moyiz ak Sèpan Eren an, pa Judith Mehr