Ansyen Testaman 2022
16–22 Me. Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34: ” Fè Atansyon Pou Nou Pa bliye Senyè a”


“16–22 Me. Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34: ‘Fè Atansyon Pou Nou Pa bliye Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“16–22 Me. Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022

Imaj
Moyiz standing on mountain

Ilistrasyon Moyiz sou Mòn Nebo, © Providence Collection/licensed from goodsalt.com

16–22 Me

Detewonòm 6–8; 15; 18; 29–30; 34

”Fè Atansyon Pou Nou Pa bliye Senyè a”

Moyiz te kòmande pitit Izrayèl yo pou yo anseye pitit yo pawòl Senyè a (gade nan Detewonòm 6:7). Pandan w ap etidye Detewonòm semèn sa a, twouve fason pou w pataje sa w aprann yo avèk manm fanm w.

Ekri Enpresyon w yo.

Ministè terès Moyiz la te kòmanse sou yon mòn, lè Bondye te pale avèk li apati de yon touf bwa ki t ap boule (gade nan Egzòd 3:1–10). Li te fini sou yon mòn tou, plis pase 40 an apre sa, lè Bondye te bay Moyiz yon apèsi sou tè pwomiz la sou tèt Mòn Nebo a (gade nan Detewonòm 34:1–4). Moyiz te pase vi l ap prepare pitit Izrayèl yo pou yo antre nan tè pwomiz la, epi liv Detewonòm nan genyen dènye enstriksyon, rapèl, egzòtasyon, ak siplikasyon li pou Izrayelit yo. Lè w li pawòl li yo, sa rann klè ke vrè bi ministè Moyiz la—preparation pèp la te bezwen an—se pa t osijè siviv nan dezè a, konkeri nasyon, oubyen bati yon kominote. Se te osijè aprann renmen Bondye, obeyi Li, ak rete lwayal anvè Li. Se preparasyon nou tout bezwen pou nou ka antre nan tè pwomiz lavi etènèl la. Konsa, alòske Moyiz pa t janm mete pye l nan “peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo” a (Egzòd 3:8), gras ak lafwa li ak fidelite li, li te antre nan tè pwomiz Bondye prepare pou tout moun ki suiv Li yo.

Pou yon koudèy sou Detewonòm, gade “Detewonòm” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Detewonòm 6:4–7; 8:2–5, 11–17; 29:18–20; 30:6–10, 15–20

Senyè a mande m pou m sèvi l avèk tout kè m.

Nan dènye ansèyman l yo, Moyiz te raple pitit Izrayèl yo: “Sa fè karantan depi Senyè a la nan mitan nou, nou pa janm manke anyen,” menm lè nou te nan dezè a (Detewonòm 2:7). Kounyeya ke Izrayelit yo t ap antre nan tè pwomiz la, avèk “gwo bèl vil [yo] pa t bati, kote yo ap jwenn kay plen bon bagay san se pa [yo] menm ki te mete yo la,” (Detewonòm 6:10–11), Moyiz te pè pou yo pa t andisi kè yo epi bliye Senyè a.

Reflechi sou kondisyon pwòp kè pa w pandan w ap li konsèy Moyiz la. Ou gen dwa vle konsantre sou vèsè sa yo epi ekri enpresyon w resevwa yo:

Kisa w kapab fè pou anpeche kè w vin andisi epi pou w renmen Senyè a avèk tout kè w? Ki koneksyon ou wè ant Detewonòm 6:5–6 ak Matye 22:35–40? (gade tou nan Levitik 19:18).

Gade tout nan Dieter F. Uchtdorf, “Yon Anvi pou Retounen Lakay,” Lyawona, Nov. 2017, 21–24.

Detewonòm 6:4–12, 20–25

“Fè Atansyon Pou Nou Pa bliye Senyè a.”

Anpil nan jenerasyon Izrayelit ki t ap antre nan tè pwomiz la pa t ni temwen fleyo ki te pase an Ejip yo ni travèse Lamè Wouj la. Moyiz te konnen ke yomenm ak—ak jenerasyon apre yo—t ap bezwen sonje mirak Bondye yo ak lwa Bondye yo si yo te gen pou yo te rete pèp Bondye a.

Ki konsèy Moyiz bay nan Detewonòm 6:4–12, 20–25 la ki ta kapab ede w sonje gwo bagay Bondye fè pou ou? Kisa w enspire pou w fè pou pawòl Senyè a kapab chak jou “nan kè ou”? (vèsè 6).

Kijan w ap pase lafwa w bay jenerasyon ki vin apre yo?

Gade tou nan Detewonòm 11:18–21; Gerrit W. Gong, “Toujou Sonje Li,” Liahona, Me 2016, 108–11; Diksyonè Bib la, “Fwontal oswa Filaktè.”

Detewonòm 15:1–15

Ede moun ki nan nesesite mande men ki gen jenewozite ak kè ki dispoze.

Detewonòm 15:1–15 bay konsèy sou ede pòv yo ak moun ki nesesite, enkli kèk pratik espesifik ke moun pa suiv jodi a. Men remake sa vèsè sa yo anseye sou rezon ki fè nou dwe ede pòv yo ak moun ki nan nesesite yo ak kijan atitid nou nan ede yo a enpòtan pou Senyè a. Kisa w santi Senyè a vle w aprann nan vèsè sa yo konsènan sèvi lòt moun.

Gade tou nan Russell M. Nelson, “Dezyèm Gran Kòmandman an,” Lyawona, Nov. 2019, 96–100.

Detewonòm 18:15–19

Jezikri se Pwofèt ke yo t ap elve tankou Moyiz la.

Pyè, Nefi, Mowoni, ak Sovè a Limenm, yo tout tout te kòmante sou pwofesi a nan Detewonòm 18:15–19 la (gade nan Travay 3:20–23; 1 Nefi 22:20–21; Istwa—Joseph Smith 1:40; 3 Nefi 20:23). Kisa nou aprann osijè Sovè a nan vèsè sa yo? Kijan Sovè a “sanble avèk” Moyiz?Detewonòm 18:15).

Imaj
Jezi kenbe yon nonm pandan li ajenou

Jezikri se pwofèt menmjan ak Moyiz la.

Detewonòm 34:5–8

Kisa k te rive Moyiz?

Menm si Detewonòm 34:5–8 di ke Moyiz te mouri, konesans dènye jou yo klarifye ke li te anlve, oubyen chanje yon fason pou l pa t andire ni lapenn, ni lamò jiskaske li resisite (gade nan Alma 45:18–19; Gid Ekriti yo,“Moyiz”; Gid Ekriti yo, “Èt Anlve,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Sa te nesesè pou Moyiz te anlve paske li te bezwen gen yon kò fizik pou l te ka bay Pyè, Jak ak Jan kle prètriz yo sou Mòn Transfigirasyon an (gade nan Matye 17:1–13).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Detewonòm 6:10–15.Vèsè sa yo ta kapab pouse manm fanmi yo pou yo panse a fason fanmi w beni. Kijan nou ka suiv konsèy pou nou “Fè Atansyon Pou Nou Pa bliye Senyè a”DDetewonòm 6:12). Ou gen dwa vle anrejistre santiman ou konsènan benediksyon w yo, petèt nan yon jounal oswa nan FamilySearch.

Detewonòm 6:13, 16; 8:3.Vèsè sa yo te ede Sovè a pandan yon moman enpòtan nan lavi Li; pou w ka wè kijan, li ansanm Matye 4:1–10. Ki pasaj ekriti ki ede nou nan moman bezwen?

Detewonòm 7:6–9.Fè yon bagay pou ede manm fanmi w santi yo espesyal, tankou prepare yon manje yo renmen. Apre sa, ou ta kapab li Detewonòm 7:6–9 epi diskite kisa w santi “yon pèp espesyal” (vèsè 6) vledi pou Senyè a.

Detewonòm 29:12–13.Pale de Detewonòm 29:12–13 la ka bay yon opòtinite pou manm fanmi w diskite sou alyans yo pral fè oswa yo te fè avèk Pè Selès la. Kisa resevwa pawòl Bondye a vle di? Kijan alyans nou fè yo “etabli [nou] … kòm yon pèp sen pou [Bondye]”? (vèsè 13).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sijere: “Je suivrai l Evangile,” Chants pour les Enfants, 72.

Amelyore Etid Pèsonèl nou

Chèche pwòp enpresyon espirityèl pa w. Plan leson sa a sigjere pasaj ak prensip pou w aksantye, men pa kite sa yo limite etid ou. Pandan w ap etidye a, ou ta kapab aprann yon prensip ki pa mansyone isit la. Kite Lespri a gide w al nan sa w bezwen aprann.

Imaj
Moyiz standing on mountain

Senyè a te montre l tout peyi a, pa Walter Rane