Ansyen Testaman 2022
30 Me– 5 Jen Jij 2–4; 6–8; 13–16: “Senyè a Voye yon Moun pou Delivre yo”


“30 Me– 5 Jen. Jij 2–4; 6–8; 13–16: ‘Senyè a Voye yon Nonm pou Delivre yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“30 Me– 5 Jen. Jij 2–4; 6–8; 13–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Debora avèk lame yo

Ilistrasyon Debora ki ap dirije lame Izrayèl yo, © Lifeway Collection/licensed from goodsalt.com

30 Me– 5 Jen

Jij 2–4; 6–8; 13–16

“Senyè a Voye yon Moun pou Delivre yo”

Ekriti yo temwaye konsènan Jezikri Medite sou kijan istwa ou li nan liv Jij yo ede w vin pi pre Li.

Ekri Enpresyon w Yo

Nou tout konn kijan sa ye lè nou fè yon erè, nou pa santi nou byen akozde li, epi nou repanti ak pran rezolisyon pou nou chanje fason nou. Men nan kèk ka nou bliye rezolisyon nou te pran anvan an, epi, lè nou fè fas a tantasyon, nou ka twouve nou ap fè menm erè a ankò. Chema trajik sa a se yon karakteristik sou eksperyrans Izrayêlite yo ke yo dekri nan liv Jij yo. Sou enfliyans kwayans ak pratik adorasyon Kananeyen yo—ke yo te sipoze chase deyò peyi a—Izrayelit yo te kraze alyans yo avèk Senyè a epi yo te sispann adore Li. Kòm konsekans, yo te pèdi pwoteksyon Li epi yo te tonbe nan kaptivite. Men, chak fwa sa te rive, Senyè a te ba yo chans pou yo te repanti epi li te voye yon moun pou delivre yo, yon dirijan militè ki te rele yon “jij.” Se pa tout jij nan liv Jij yo ki te dwat, men kèk ladan yo te egzèse gwo lafwa nan delivre pitit Izrayèl yo ak retabli yo nan relasyon alyans yo a avèk Senyè a. Istwa sa yo raple nou ke kèlkeswa sa ki mennen nou lwen Jezikri, Li se Redamtè Izrayèl e Li toujou dispoze pou L delivre nou ak akeyi nou ankò lè nou retounen kote L.

Pou yon koudèy jeneral sou liv Jij yo, gade nan “liv Jij yo” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Jij 2:1–19; 4:1–16

Senyè a ofri delivrans lè m kite wout la.

Liv Jij yo kapab sèvi kòm yon avètisman pou nou; menm apre nou fin fè eksperyans pouvwa Senyè a nan lavi nou, li toujou posib pou nou chite. Liv la kapab bay moun ki chite yo ankourajman tou, paske Senyè a ofri yon wout pou moun retounen. Pa egzanp, lè w ap li Jij 2:1–19, chèche aksyon ki te kondui Izrayelit yo lwen Senyè a ak jan Senyè a te delivre yo. Kisa vèsè sa yo anseye nou konsènan Senyè a? Kisa w kap fè pou rete fidèl anvè Li nan yon fason ki pi konsistan?.

W ap jwenn modèl rebelyon, tristès, ak delivrans la repete nan tout liv Jij yo (gade sitou nan chapit 3, 4, 6, ak 13). Pandan w ap li liv Jij yo, medite sou sa jij yo te fè pou yo te delivre Izrayèl ak jan Sovè a ede w lè w bezwen delivrans.

Youn egzanp remakab sou yon moun ki te ede delivre Izrayèl se Debora. Li sa ki di de manmzèl nan Jij 4:1–16, epi note enfliyans li te genyen sou pèp ki te bò kote l la. Ki mo oswa aksyon Debora ki montre w ke li te gen lafwa nan Senyè a? Kisa w santi Debora te vle di nan kesyon li te poze nan vèsè 14: “Se pa Senyè a ki ap mache devan w?”

Gade tou Alma 7:13; Doktrin ak Alyans 84:87–88.

Jij 2:13

Kimoun Baal ak Astate te ye?

Baal sete dye tanpèt Kananeyen yo epi Astate sete deyès fètilite Kananeyen yo. Adorasyon dye sa yo montre kijan fètilite peyi a ak pèp la te enpòtan pou Kananeyen yo. Fason pèp la te adore bagay sa yo ak lòt fo dye—enkli pafwa imoraiite seksyèl ak sakrifis timoun—te espesyalman yon gwo ofans pou Senyè a.

Jij 6–8

Senyè a kapab fè mirak lè m mete konfyans nan fason L aji.

Pou nou resevwa mirak Senyè a nan lavi nou, nou dwe kwè nan fason Li, menm lè yo parèt inabityèl. Istwa Jedeyon, nou jwenn nan Jij 6–8la se yon bon egzanp sou sa. Kijan Senyè a te fè yon mirak envrèsanblab lè lame Jedeyon an te ranpòte laviktwa sou Midyanit yo? Kisa w santi Senyè ap eseye anseye w? Kijan w wè Senyè a fè travay Li nan fason ki sanble yo pa pwobab?

Russell M. Nelson, “Avèk Bondye Anyen Pa p Enposib,Ensign, Me 1988,33–35.

Jij 13–16

Fòs soti nan fidelite a alyans mwen avèk Bondye.

Samson te pèdi fòs fizik li ak fòs espirityèl li paske li te vyole alyans ke l te fè avèk Bondye yo, enkli alyans ki te aplike espesifikman a Nazarit yo (pou enfòmasyon konsènan Nazarit yo, gade nan Resansman 6:1–6; Jij 13:7). Pandan w ap li istwa Samson an nan Jij 13–16, medite sou chak alyans ou te fè. Kijan w te beni avèk fòs paske ou respekte alyans sa yo? Kisa w aprann nan istwa Samson an ki enspire w pou w rete fidèl a alyans ou fè avèk Bondye yo?

Imaj
Samson ki ap pouse poto

Samson Vide Poto yo Atè), pa James Tissot ak lòt moun

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jij 2:10.Aprè lamò Jozye, pwochèn jenerasyon Izrayelit yo “pa t konnen Senyè a.” Pale avèk fanmi w sou kijan yo konnen Senyè a ak “travay li [fè]” pou yo. Kijan w ap asire w ke konesans sa a ap prezève pou jenerasyon ki ap vini an apre yo?

Jij 3:7–10.Vèsè sa yo rezime yon chema ki parèt souvan nan tout liv Jij yo. Pandan fanmi w ap li vèsè sa yo, yo ta kapab idantifye kisa Izrayèl te fè pou l te kite wout Senyè a ak sa Senyè a te fè pou l te delivre yo? Kisa ki ta kapab fè nou bliye Senyè a? Kijan Li kapab delivre nou? Kijan nou kapab pi fidèl anvè Li nan yon fason ki pi konsistan?

Jij 6:13–16, 25–30.Jedeyon te montre gwo kouraj nan obeyi Senyè a, menm lè aksyon l yo pa t popilè. Kisa Senyè a mande nou fè ke lòt moun ta kapab pa dakò pou yo fè? Kijan pawòl Senyè a te di Jedeyon nan vèsè 13–16 yo enspire nou pou nou fè bon bagay?

Jij 7.Èske w ta kapab itilize yon senaryo oswa yon lòt aktivite kreyatif pou ede fanmi w aprann de eksperyans lame Jedeyon an ke yo dekri nan chapit sa a? Kijan pawòl Senyè a nan chapit sa a (gade pa egzanp nan vèsè 2 and 15) aplike a lavi nou?

Jij 13:5.Alyans Samson avèk Senyè a te ba L fòs, menm jan alyans nou yo ba nou fòs la. Fanmi w ta kapab pran plezi nan fè kèk egzèsis fizik epi diskite sou kijan egzèsis sa yo kapab rann nou fò. Kisa nou ka fè pou ede nou vin pi solid espirityèlman? Pou kèk ide, manm fanmi yo ta kapab li Mozya 18:8–10; Doktrin ak Alyans 20:77, 79. Kijan respekte alyans nou yo ba nou fòs espirityèl?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Sauveur D’ Israel,” Cantiques, no. 6.

Amelyore Etid Pèsonèl nou

Aplike sa nou aprann yo. Pandan w etidye, mande tèt ou kijan ou ka aplike sa w ap aprann yo, epi pran angajman pou w fè sa. Kite Lespri a gide w. (Gade Anseye nan fason Sovè a,35

Imaj
Jedeyon ak lame

Ame Jedeyon anGideon’s Army, pa Daniel A. Lewis