Ansyen Testaman 2022
20–26 Jen. 2 Samyèl 5–7; 11–12; 1 Wa 3; 8; 11: “Wayòm Ou an ap Etabli Pou Tout tan”


“20–26 Jen. 2 Samyèl 5–7; 11–12; 1 Wa–3; 8; 11: ‘Wayom Ou an Ap Etabli Pou Tout tan,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“20–26 Jen. 2 Samyèl 5–7; 11–12; 1 Wa 3; 8; 11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Wa David Chita sou twòn

Wa David Kouwone, pa Jerry Miles Harston

20–26 Jen

2 Samyèl 5–7; 11–12; 1 Wa 3; 8; 11

“Wayom Ou an Ap Etabli pou Tout tan”

“Tou ekriti yo bay pa enspirasyon ki soti nan men Bondye, epi y ap sèvi pou montre moun verite a, pou konbat moun ki nan erè, pou korije moun k ap fè fòt, pou montre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye” (2 3:16).

Ekri Enpresyon w yo

Rèy Wa David la te kòmanse avèk anpil pwomès. Lafwa inebranlab li te genyen pou bat Golyat la te lejandè. Kòm Wa, Li te sekirize Jerizalèm kòm kapital li epi li te ini Izrayèl (gade 2 Samyèl 5). Wayòm nan pa t janm pi puisan konsa anvan. E poutan David te tonbe nan tantasyon epi li te pèdi pouvwa espirityèl li.

Rèy Salomon pitit David la te kòmanse menmjan an avèk anpil pwomès. Sajès ak don disèneman diven li te resevwa yo te lejandè. Kòm wa, Li te elaji fwontyè Izrayèl yo epi li te bati yon bèl tanp pou Senyè a. Wayòm nan pa t janm pi puisan konsa anvan. E poutan Salomon te sòtman pèmèt kè l vire al adore lòt bondye.

Kisa nou ka aprann nan istwa trajik sa yo? Petèt youn nan leson yo sèke malgre eksperyans nou fè deja yo, fòs espirityèl nou depann sou chwa nou fè chak jou yo. Nan resi sa yo tou nou kapab wè ke se pa pwòp fòs nou ak kouraj oubyen sajès nou k ap sove nou—se pa Senyè a yo. Istwa sa yo montre nou ke vrè espwa Izrayèl—ak noumenm—se pa nan David, Salomon, oubyen nenpòt lòt wa mòtèl, men se nan yon lòt “pitit gason David”: Jezikri (Matye 1:1),Wa etènèl la k ap “padone peche pèp [Li} a” si nou “vire ankò vin jwenn [Li]” (1 Wa 8:33–34}.

Pou yon koudèy sou liv 2 Samyèl ak 1 Wayo, gade “Liv Samyèl yo” ak “Liv Wa yo” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

2 Samyèl 5:17–25

Senyè a kapab ban mwen direksyon.

Apre David te fin gen posiblite pou l te ini Izrayèl la(gade 2 Samyèl 5:1 5), Li te oblije defann pèp li a kont Filisten yo. Pandan w ap li 2 Samyèl 5:17 25, konsidere fason egzanp David la ka ede w nan eprèv w ap rankontre yo (gade tou 1 Samyèl 23:2, 10 11; 30:8; 2 Samyèl 2:1). Kijan w ap chèche direksyon Senyè a nan lavi ou? kijan w beni paske w aji sou revelasyon ou resevwa?

Gade tou 1 Kwonik 12; Richard G. Scott, “Fason pou Resevwa Revelasyon ak Enspirasyon pou Lavi Pèsonèl Ou,” Lyawona, Me 2012, 45 47.

2 Samyèl 7

Ki “kay” Senyè a te pwomèt David la?

Lè David te ofri pou l te bati yon kay, ki vledi yon tanp, pou Senyè a (gade 2 Samuel 7:1–3), Senyè a te reponn ke anfèt sete pitit gason David la ki t ap gen pou bati li (gade vèsè 12–15; gade tou 1 Kwonik 17:1–15). Senyè a te di ke Limenm tou Li t ap bati yon “kay,” pou David, ki vle di yon posterite, e ke twòn ni an t ap dire pou toutan (gade 2 Samyèl 7:11, 16, 25–29; Sòm 89:3–4, 35–37). Pwomès sa a te akonpli nan Jezikri, Wa Etènèl nou an, ki se yon desandan David (gade Matye 1:1; Lik 1:32–33; Jan 18:33–37).

2 Samyèl 11; 12:1–14

Mwen dwe toujou sou gad mwen kont peche.

Fidelite David anvè Senyè a nan lepase a pa t pwoteje l kont tantasyon lè l te “soti al sou teras ki anwo palè a” epi “li te wè yon fi ki t ap benyen” (2 Samyèl 11:2). Konsidere ki leson ou kapab aprann nan eksperyans li yo. Kesyon tankou sa yo ta kapab ede w etidye resi sa a:

  • Ki chwa David te fè ki te mennen l sou yon chemen peche apre peche konsa? Ki pi bon chwa li te ka fè pito?

  • Kijan advèsè a ta ka eseye mennen w sou chemen peche nan pwòp lavi w? Ki chwa ou ta ka fè kounyeya pou retounen nan sekirite.

Gade tou 2 Nefii 28:20–24; “Pou konvwate” (videyo), ChurchofJesusChrist.org.

1 Wa 3:1–15

Don disèneman ede m distenge ant byen ak mal.

Si Senyè a di ou, “Mande m sa w vle m ba ou” (1 Wa 3:5), kisa ou t ap mande? Kisa ki enpresyone w nan demann Salomon an? Medite sou rezon k fè “yon kè konpreyansif” pou “disène ant byen ak mal” (vèsè 9) se yon kado presye. Kisa w ka fè pou w chèche don sa a?

Gade tou 2 Kwonik 1; Mowoni 7:12–19; David A. Bednar, “Rapid pou Obsève,” Ensign, Des. 2006, 30–36.

1 Wa 8:12–61

Tanp la se kay Senyè a.

Pandan dè syèk, prezans Bondye te reprezante pa yon tabènak pòtatif Moyiz te bati. Byenke David te vle bati yon kote pi pèmanan pou Bondye rete, Bondye te pito chwazi pitit gason David la, Salomon, pou te bati tanp Senyè a. Pandan w ap li priyè Salomon an ak pawòl li te di pèp li a lè l te fin bati tanp lan, remake kijan li te santi l apwopo Senyè a ak kay Li a. Ou ta kapab fè yon lis benediksyon Salomon te mande nan priyè l la tou. Kisa w remake konsènan benediksyon sa yo? Nan ki fason kay Senyè a beni w nan epòk nou an?

Gade tou 2 Kwonik 6.

Imaj
Tanp Barranquilla nan Kolonbi

Tanp Barranquilla nan Kolonbi

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

2 Samyèl 5:19, 23.Kilè nou konn “mande Senyè a” gidans ak direksyon? Kijan Li te reponn nou?

2 Samyèl 7:16.Lè Senyè a te di David, “Twòn ou an ap etabli pou tout tan” an, Li t ap pale de yon fiti wa nan lineyaj fanmi David ki t ap gen pou l reye pou tout tan: Jezikri. Petèt fanmi w ta renmen fè kèk kouwòn an papye pandan w ap diskite poukisa ou rekonesan ke Jezikri se Wa Etènèl ou.

2 Samyèl 11.Li apwopo peche trajik David yo ta ka yon bon opòtinite pou diskite sou danje pònografi, panse ki pa pwòp ak imoralite. Materyèl sa yo ta ka itil nan diskisyon w lan: revi Oktòb 2019 Lyawona, Resous Pònografi Legliz la (ChurchofJesusChrist.org/addressing-pornography), ak videyo “Kisa pou m Fè Lè m Wè Pònografi?” epi “Fè Atansyon” yo nan (ChurchofJesusChrist.org). Manm fanmi yo ta ka planifye sou kisa y ap fè lè yo tonbe sou pònografi.

1 Wa 11:9–11.Ki “lòt bondye” sa yo (vèsè 10) ki ta ka detounen kè nou al lwen Senyè a? Kijan nou kapab kenbe kè nou santre sou Pè Selès la ak Jezikri?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sigjere: “Ah, donne-moi, Père,” Cantiques, no. 131.

Amelyore ansèyman nou

Konsantre sou prensip k ap beni fanmi w. Pandan w ap etidye pawòl Bondye a nan lapriyè, mande tèt ou, “Kisa m jwenn la a k ap enpòtan espesyalman pou fanmi m?” (gade Anseye nan Fason Sovè a, 17).

Imaj
Tanp Salomon an

Ilistrasyon tanp Salomon an, pa Sam Lawlor