Ansyen Testaman 2022
10–16 Janvye. Jenèz 3–4; Moyiz 4–5: Chit Adan ak Èv la


“10–16 Janvye. Jenèz 3–4; Moyiz 4–5: Chit Adan ak Èv la,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“10–16 Janvye. Jenèz 3–4; Moyiz 4–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Adan ak Èv kap mache ansanm

Adan ak Èv, foto Douglas M. Fryer

10–16 Janvye

Jenèz 3–4; Moyiz 4–5

Chit Adan ak Èv la

Pandan w ap etidye Jenèz 3–4 ak Moyiz 4–5la, konsidere kisa Senyè a ap eseye anseye ou. Ekri verite sa yo avèk enpresyon spirityèl ou yo, epi refelchi sou yo pandan tout semèn nan.

Ekri Enpresyon w yo

Toudabò, istwa Chit Adan ak Èv la gen dwa sanble yon trajedi. Adan ak Èv te chase soti kite bèl Jaden Eden nan. Yo te presipite yo nan yon mond kote toujou gen lapèn, tristès, ak lanmò (gade Jenèz 3:16–19). Epi yo te separe de Pè Selès yo a. Men gras ak verite ki te retabli atravè Pwofèt Joseph Smith yo nan liv Moyiz la, nou konnen ke istwa Adan ak Èv la se aktyèlman yon istwa ki bay espwa—ak yon pati esansyèl nan plan Bondye pou pitit Li yo.

Jaden Edèn an te bèl. Men Adan ak Èv te bezwen yon bagay plis pase bèl bagay ki te antoure yo. Yo te bezwen—epi nou tout bezwen—yon opòtinite pou pwogrese. Kite Jaden Edèn an sete premye etap nesesè a sou wout pou retounen jwenn Bondye a epi finalman vin tankou Li a. Sa te vledi fè fas ak opozisyon, fè erè, aprann repanti, epi konfye nou nan Sovè a, ke Ekspyasyon L lan rann posib pwogresyon ak “lajwa redanmsyon nou” an (Moyiz 5:11). Donk, lè w ap li konsènan Chit Adan ak Èv la, pa rete konsantre sou trajedi ki aparan an men sou posiblite yo—non pa sou paradi Adan ak Èv te pèdi a men sou laglwa chwa yo a pèmèt nou resevwa a.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Jenèz 3:1–7; Moyiz 4; Abraram 5:4–12

Chit la te yon pati nesesè nan plan Bondye pou rachte pitit Li yo.

Chit Adan ak Èv la te pote lanmò fizik ak spirityèl nan mond lan. Li te pote advèsite, tristès, ak peche tou. Tout sa yo sanble tankou rezon pou nou regrèt Chit la. Men Chit la te fè pati plan Pè Selès la pou rachte ak egzalte piti Li yo atravè “sakrifis Sèl Pitit Gason Literal Papa a” (Moyiz 5:7). Pandan w ap etidye Jenèz 3:1–7; Moyiz 4; ak 5:4-12a, ki verite w jwenn ki ede w konprann Chit la ak fason Ekspyasyon Kris la simonte li? Kesyon tankou sa yo ta ka ede:

  • Kijan Chit la te afekte Adan ak Èv? Kijan l afekte mwen?

  • Poukisa Adan ak Èv te ofri sakrifis? Kisa sakrifis sa yo te senbolize? Kisa m ka aprann nan pawòl zanj la nan vèsè sa yo?

  • Poukisa Adan ak Èv te “kontan” apre Chit yo a? Kisa m aprann nan resi sa a sou plan Bondye pou rachte mwen atravè Jezikri a?

Gras ak Liv Mòmon an ak lòt revelasyon nan dènye jou yo, nou gen yon pèspektiv san parèy sou Chit la. Pa egzanp, konsidere kisa pwofèt Leyi te anseye fanmi li konsènan Adan ak Èv nan 2 Nefi 2:15–27. Kijan ansèyman Leyi yo klarifye sa ki te pase nan Jaden Edèn nan ak ede nou konprann poukisa li te enpòtan?

Gade tou 1 Korentyen 15:20–22; Mozya 3:19; Alma 12:21–37; Doktrin ak Alyans 29:39–43; Atik Lafwa yo 1:3; Dallin H. Oaks, “Gran Plan an,” Lyawona, Me 2020, 93–96; Dallin H. Oaks, “Opozisyon nan Tout Bagay,” Lyawona, Me 2016, 114–17; Jeffrey R. Holland, “Kote Jistis, Lanmou, ak Mizerikòd Rankontre,” Lyawona, Me 2015, 104–6.

Imaj
Èv ki kenbe fwi

Ap kite Edèn, tablo Annie Henrie Nader

Jenèz 3:16; Moyiz 4:22

Kisa sa vledi ke Adan te dwe “dirije” Èv?

Pasaj ekriti sa a pafwa mal entèprete tankou l vledi ke yon mari jwenn jistifikasyon pou l trete madanm ni san jantiyès. Nan epòk nou an, pwofèt Senyè a yo anseye ke pandan ke yon mari ta dwe prezide nan fwaye li avèk jistis, li dwe konsidere madanm ni kòm yon patnè egal ego (gade “Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” [ChurchofJesusChrist.org]). Èldè Dale G. Renlund ak Sè Ruth Lybbert Renlund te eksplike ke yon mari jis “ap chèche pou l sèvi, l ap rekonèt erè epi chèche padon; l ap vit pou ofri louwanj; l ap gen konsiderasyon pou preferans manm fanmi li; l ap santi gwo pwa responsablite pou founi ‘bagay ki nesesè pou lavi ak pwoteksyon’ pou fanmi li; l ap trete madanm ni avèk pi gran respè ak deferans posib. … L ap beni fanmi li” (Prètriz Melkisedèk la: Konprann Doktrin nan, Viv Prensip yo [2018], 23).

Moyiz 5:4–9, 16–26

Bondye ap aksepte sakrifis mwen yo si m ofri yo avèk yon kè byen dispoze ak obeyisan.

Adan ak Èv te aprann ke sakrifis bèt yo sete yon senbòl sakrifis ekspyatwa Kris la, epi yo te “fè pitit gason ak pitit fi yo konnen” sa (Moyiz 5:12). Pandan w ap etidye Moyiz 5:4–9, 16–26la, konsidere diferan atitid de pitit gason yo, Kayen ak Abèl, anvè sakrifis sa yo. Poukisa Senyè a te aksepte sakrifis Abèl la men non pa Kayen an?

Ki kalite sakrifis Senyè a mande nou? Èske genyen nenpòt bagay nan Moyiz 5:4–9, 16–26 la ki chanje fason w panse a sakrifis sa yo?

Gade tou Sòm 4:5; 2 Korentyen 9:7; Omni 1:26; 3 Nefi 9:19–20; Mowoni 7:6–11; Doktrin ak Alyans 97:8; Jeffrey R. Holland, “Gade Ti mouton Bondye a,” Lyawona, Me 2019, 44–46.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jenèz 3; Moyiz 4.Kisa w ka fè pou ede fanmi w pi byen konprann Chit Adan ak Èv la? Ou ta ka kopye foto nan “Adan ak Èv” (nan Istwa Ansyen Testaman yo) epi dekoupe yo. Apresa ou ta ka travay ansanm pou mete foto yo nan lòd pandan w ap diskite sou eksperyans Adan ak Èv la. Poukisa Chit la te nesesè nan plan sali Pè Selès la? Gade videyo “Chit la” nan (ChurchofJesusChrist.org) ta ka ede reponn kesyon sa a.

Moyiz 4:1–4.Kisa nou aprann konsènan Bondye, Jezikri ak Satan apati vèsè sa yo? Poukisa libabit si enpòtan nan plan Bondye a ke Satan ta vle detwi li?

Moyiz 5:5–9.Kisa Bondye te kòmande Adan ak Èv pou yo te fè pou ede yo panse sou Sovè a? Kisa Senyè a ba nou pou ede nou panse a Sovè a?

Moyiz 5:16–34.Kisa sa vledi pou nou se “gadyen frè” nou? Kijan nou ka pi byen pran swen youn lòt kòm yon fanmi?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Choisir le bien,” Chants pour les enfants, 160–61.

Amelyore etid pèsonèl nou

Itilize èd pou etid ekriti yo. Pandan w ap etidye ekriti yo, itilize nòt anba paj yo, Gid pa Sijè, Diksyonè Bib la, Gid Ekriti yo, ak lòt èd pou etid yo pou jwenn ide adisyonèl.

Imaj
yon zanj ka p vizite Adan ak Èv

Similitid, tablo Walter Rane