Ansyen Testaman 2022
27 Desanm–2 Janvye. Moyiz 1; Abraram 3: “Sa a se Travay Mwen ak Laglwa Mwen”


“27 Desanm–2 Janvye. Moyiz 1; Abraram 3: “Sa a se Travay Mwen ak Laglwa Mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“27 Desanm–2 Janvye. Moyiz 1; Abraram 3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
foto etwal ki nan espas

27 Desanm–2 Janvye

Moyiz 1; Abraram 3

“Sa a se Travay Mwen ak Laglwa Mwen”

Pandan w ap li sa Bondye te di Moyiz ak Abraram nan, medite sou kisa Li ta ka di w tou.

Ekri Enpresyon ou

Bib la kòmanse avèk pawòl: “nan kòmansman an Bondye te kreye syèl la ak latè a” (Genèz 1:1). Men, kisa ki te la anvan “kòmansman” sa a? Epi poukisa Bondye te kreye tout bagay sa yo? Palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith, Senyè a te bay klarifikasyon sou kesyon sa yo.

Paregzanp, Li te ban nou resi sou vizyon kote Abraram te wè egzistans nou kòm espri “anvan mond la te egziste”a (gade nan Abraram 3:22–28). Senyè a te ba nou yon tradiksyon oubyen revizyon enspire sou sis premye chapit Jenèz yo tou, ki rele liv Moyiz la—ki pa kòmanse avèk mo “nan kòmansman an .” Okontrè, li kòmanse avèk yon eksperyans Moyiz te fè ki mete nou nan kontèks istwa Kreyasyon nou deja konnen an. Ansanm, ekriti dènye jou sa yo se yon bon kote pou nou kòmanse etid nou sou Ansyen Testaman an, paske yo adrese kèk kesyon fondamantal ki ka ankadre lekti nou: Kiyès Bondye ye? Kiyès nou ye? Kisa travay Bondye a ye, epi ki plas nou genyen ladan l? Nou ta ka konsidere chapit ki kòmanse Jenèz yo kòm repons Senyè a pou demand Moyiz la: “Gen mizèrikòd pou sèvitè w la, O Bondye, epi pale m konsènan tè sa a, ak abitan ki sou li yo, ak syèl yo” (Moyiz 1:36).

Imaj
Learn More image
Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Moyiz 1

Kòm yon pitit Bondye, m gen yon destine diven.

Prezidan Dieter F. Uchtdorf te anseye: “Majorite konfizyon nou eksperimante nan lavi a se senpleman paske nou pa konnen kiyès nou ye” (“Refleksyon nan Dlo a” [Kwendfe Sistèm Edikatif Legliz la pou jèn adilt yo, Nov. 1, 2009], ChurchofJesusChrist.org). Papa nou ki nan Syèl la konnen sa, epi Satan konn sa tou. Premye mesaj Bondye te bay Moyiz la te gen verite sa yo: “ou se pitit gason m” epi “ou nan resanblans Sèl Pitit Literal Mwen an” (Moyiz 1:4, 6). An kontras, Satan te adrese Moyiz sèlman kòm yon “pitit gason lòm” (Moyiz 1:12). Kòman lavi w ak desizyon w yo t ap diferan si w te konsidere tèt ou jan Satan ta vle w konsidere l la, tankou yon “pitit gason [oubyen pitit fi] lòm”? Kòman sa beni lavi w lè w konnen epi w sonje ke w se yon pitit Bondye?

Ki vèsè oubyen fraz nan Moyiz 1 an ki ba ou yon sans sou valè divin ou?

Imaj
Jezikri nan pami etwal yo.

Kris la ak Kreyasyon an, tablo: Robert T. Barrett

Moyiz 1:12–26

M ka reziste anba enfliyans Satan

Jan Moyiz 1 byen demontre a, gwo eksperyans espirityèl pa ekzante nou anba tantasyon. Anfèt, yonn nan taktik Satan se tante nou pou nou doute eksperyans sa yo, oubyen sa nou te aprann ladan yo. Pandan w ap li repons Moyiz te bay Satan an nan vèsè 12–26yo, kisa w aprann ki ka ede w rete vrè nan temwayaj ou te resevwa a? Kisa ki ede w reziste anba lòt tantasyon Satan yo? (gade, paregzanp nan, vèsè 15 ak 18).

Baze sou sa w aprann yo, ou ta ka fè yon plan pou w reziste anba tantasyon. Paregzanp, ou ta ka konplete deklarasyon sa a: “Lè m tante pou m , m ap .”

Gade tou nan Matye 4:1–11; Elaman 5:12; Gary E. Stevenson, “Pa Twonpe M,” Lyawona, Nov. 2019, 93–96; “M Se Yon Pitit Gason Bondye” (video), ChurchofJesusChrist.org.

Moyiz 1:27–39; Abraram 3

Travay Bondye ak laglwa Li se pou L ede m gen lavi etènèl.

Apre l te fin fè vizyon sou kreyasyon Bondye yo, Moyiz te fè Senyè a demand sa a: “Di mwen … poukisa bagay sa yo konsa” (Moyiz 1:30). Kisa ki enpresyone ou nan repons Senyè a nan Moyiz 1:31–39 la?

Abraram tou te fè eksperyans yon vizyon, ki nan Abraram 3. Kisa w wè nan vèsè 22–26 yo ki ta ka ede reponn kesyon Moyiz la?

Konsidere pou w ta fè lis lòt verite Abraram ak Moyiz te aprann nan vizyon yo a: laverite konsènan Bondye, konsènan tèt pa yo, ak konsènan bi kreyasyon Bondye yo. Kòman verite sa yo afekte fason w konsidere tèt ou ak mond ki antoure w la?

Gade tou nan Dieter F. Uchtdorf, “Ou Enpòtan pou Li,” Lyawona, Nov. 2011, 19–22; Sijè Levanjil yo, “Premòtalite,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Abraram 3:22–23

Èske te gen lòt moun apa Abraram ki “te chwazi anvan [yo te] fèt”?

“Nan mond espri premòtèl la, Bondye te anplwaye sèten espri pou akonpli kèk misyon espesifik nan lavi mòtèl yo. Se rele preòdinasyon. … Doktrin preòdinasyon an aplike pou tout manm nan Legliz la, pa sèlman Sovè a ak pwofèt Li yo” (Sijè Levanjil yo, “Preòdinasyon,” topics.ChurchofJesusChrist.org).

Kòman nou te jwenn liv Moyiz ak Abraram nan?

Liv Moyiz la se premye pati tradiksyon enspire Joseph Smith te fè sou Bib la. Liv Abraram nan te revele bay Joseph Smith pandan l t ap travay avèk pachemen Ejipsyen yo. Liv sa yo, nou jwenn jodia nan Pèl Gran Pri a, ba nou anpil enfòmasyon sou Moyiz, Abraram, ak lòt pwofèt ke nou pa jwenn nan Ansyen Testaman an. Pou w aprann plis sou fason nou te jwenn liv sa yo, gade nan “Tradiksyon Joseph Smith sou Bib la” (Sijè Istwa Legliz la, ChurchofJesusChrist.org/study/history/topics) ak “Tradiksyon ak Istorik Liv Abraram nan” (Sijè Levanjil yo, topics.ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Moyiz 1:2–6; Abraram 3:11–12.Ou ta gen dwa envite manm fanmi yo pou yo chèche fraz nan chan “Je suis enfant de Dieu”a (Chants pour les enfants, 2–3) ki gen relasyon avèk verite yo anseye nan ekriti sa yo.

Moyiz 1:4, 30–39.Èske fanmi w ta ka kontan chèche kèk “travay men [Bondye]”? (vèsè 4). Petèt ou ta ka li vèsè sa yo nan yon plas piblik oubyen anba etwal yo lè aswè. Apresa, ou ta ka pale de rezon k fè Bondye te kreye mond lan ak fason nou patisipe nan “travay ak laglwa [Li]” (vèsè 39).

Moyiz 1:18.Ki konsèy nou ka pataje pou yonn ede lòt “jije ant” Bondye ak Satan? (Gade tou nan Mowoni 7:12–18; Doktrin ak Alyans 50:23–24.)

Abraram 3:24–26.Ou ta ka bay manm fanmi yo yon ti tachamizan men ki difisil, pou pèmèt yo pwouve ke yo ka suiv enstriksyon, tankou pliye yon avyon an papye oubyen suiv yon resèt. Kijan aktivite sa a sanble avèk bi lavi nou nan mòtalite a jan sa dekri nan vèsè sa yo?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Je suis enfant de Dieu,” Chants pour les enfants, 2–3.

Amelyore etid pèsonèl

Chèche verite levanjil yo. Nan ekriti yo, kèkfwa yo deklare verite levanjil yo dirèkteman; kèkfwa yo enplike atravè yon egzanp oubyen yon istwa. Mande tèt ou: “Ki verite etènèl yo anseye nan vèsè sa yo?”

Imaj
Moyiz k ap kòmande Satan pou l retire kò l sou li.

Moyiz Gen Viktwa Sou Satan, tablo: Joseph Brickey