Ansyen Testaman 2022
24–30 Janvye. Moyiz 7: “Senyè a te Rele Pèp Li a Siyon”


“24–30 Janvye. Moyiz 7; ‘Senyè a te Rele Pèp Li a Siyon,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“24–30 Janvye. Moyiz 7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
anpil moun k ap aji yonn ak lòt avèk afeksyon

Youn Renmen Lòt, tablo Emma Donaldson Taylor

24–30 Janvye

Moyiz 7

“Senyè a te Rele Pèp Li a Siyon”

Pandan w ap li ak medite sou Moyiz 7la, ekri enpresyon spirityèl ou resevwa yo. Lè w fè sa, ou montre ke w valorize gidans Senyè a ba ou yo epi ou vle resevwa plis gidans nan men Li.

Ekri Enpresyon w yo

Atravè tout listwa, moun te eseye akonpli sa Enòk ak pèp li a te akonpli a: bati yon sosyete ideyal kote pa gen okenn povrete ni vyolans. Antanke pèp Bondye, nou pataje dezi sa a. Nou rele i bati Siyon, epi sa enkli—an plis pran swen pòv yo ak ankouraje lapè—fè alyans, demere ansanm nan lajistis, epi vin fè youn avèk lòt epi avèk Jezikri, “Wa Siyon an” (Moyiz 7:53). Paske travay pou etabli Siyon an ap kontinye nan epòk nou an, li bon pou n mande, Kijan Enòk ak pèp li a te fè li? Kijan yo te fè vin “gen yon sèl kè ak yon sèl panse” (Moyiz 7:18) malgre mechanste ki te antoure yo a? Pami anpil detay Moyiz 7 la ba nou konsènan Siyon yo, youn ki patikilyèman gen valè pou Sen Dènye jou yo se kapab sila a: Siyon se pa jis yon vil—men se yon kondisyon nan kè ak lespri. Siyon, jan Senyè a te anseye, se “moun ki gen kè pur” (Doktrin ak Alyans 97:21). Donk petèt meyè fason pou bati Siyon se kòmanse nan pwòp kè nou ak fwaye nou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Moyiz 7:16–21, 27, 53, 62–69

Efò Enòk yo se yon modèl pou bati Siyon nan pwòp lavi pa nou.

Paske Moyiz 7 se yon rejis sou fason disip Bondye yo te reyisi bati Siyon ak siksè, li ka enstwi ak enspire nou nan epòk nou an pandan na p fè efò pou nou fè menmjan an. Panse pou w itilize yon tablo tankou sa a pou ekri sa w aprann konsènan Siyon nan Moyiz 7:16–21, 27, 53, 62–69 yo.

Vèsè

Kisa w aprann konsènan Siyon?

Kisa sa sigjere apwopo efò w pou bati Siyon?

Vèsè

7:18

Kisa w aprann konsènan Siyon?

Pèp nan Siyon yo te gen “yon sèl kè ak yon sèl panse,”

Kisa sa sigjere apwopo efò w pou bati Siyon?

Nou bezwen rete ini kòm fanmi ak kòm yon Legliz.

Vèsè

7:21

Kisa w aprann konsènan Siyon?

“Nan dewoulman tan an, [Siyon] te monte nan syèl la.”

Kisa sa sigjere apwopo efò w pou bati Siyon?

Bati Siyon se yon pwosesis gradyèl.

Moyiz 7:18–19, 53

Pèp Bondye a ta dwe fè efò pou l gen “yon sèl kè ak yon sèl panse,”

Moyiz 7:18–19 bay lis karakteristik enpòtan pèp Senyè a te rele Siyon an. Poukisa w panse karakteristik sa yo nesesè pou bati Siyon? Kijan Siyon, jan l dekri nan chapit sa a, diferan de lòt gwoup oswa òganizasyon ini yo nan mond lan? Pandan w ap medite sou kesyon sa a, ou gen dwa panse a pawòl sa yo Jezikri di nan vèsè 53 a: “M se Mesi a, Wa Siyon an.” Kisa sa vle di pou nou gen Jezikri kòm Wa nou? Kijan Li ede nou lè nou devlope karakteristik Siyon yo?

Gade tou Filipyen 2:1–5; 4 Nefi 01:15-18; Doktrin ak Alyans 97:21; 105:5.

Imaj
moun k ap salye youn lòt

Nou ta dwe fè efò pou nou gen “yon sèl kè ak yon sèl panse” (Moyiz 7:18).

Moyiz 7:21, 23–24, 27, 69

Kisa ki te rive ak vil Enòk la?

Ekspresyon “pran l anlè” (Moyiz 7:21, 23), “leve anlè a” (Moyiz 7:24), ak “te pran yo monte” (Moyiz 7:27), ak “pa t la” (Moyiz 7:69) yo fè referans avèk Siyon ak pèp Enòk la ki te leve anlèepi anlve monte nan syèl la. Moun ki anlve yo “chanje yon fason pou yo pa ka fè eksperyans doulè ni lanmò” kòm mòtèl (Gid Ekriti yo, “Èt Anlve yo,” “Siyon,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org; gade tou 3 Nefi 28:4–9, 15–18, 39–40).

Moyiz 7:28–69

Bondye kriye pou pitit Li yo.

Kèk moun konsidere Bondye kòm yon èt distan ki pa emosyonèlman afekte pa sa k rive nou. Men Enòk te wè yon vizyon kote Bondye te kriye pou pitit Li yo. Pandan w ap li Moyiz 7:28–40la, chèche wè pouki rezon Bondye te kriye. Nan rès vizyon Enòk la, ki dekri nan Moyiz 7:41–69la, ki prèv ou jwenn ke Bondye gen “mizerikòd ak jantiyès pou toutan”? (Moyiz 7:30; gade vèsè 43, 47, ak 62 pou egzanp).

Moyiz 7:62

Nan dènye jou yo Bondye pral rasanble eli L yo.

Vèsè 62 a dekri evènman dènye jou yo. Konsidere kisa fraz tankou sila yo ta ka vledi: “m pral voye lajistis desann soti nan syèl la,” “m pral voye verite a soti nan tè a,” “m pral fè lajistis ak verite bale tè a menmjan delij la te fè a.” Kisa fraz sa yo anseye w sou travay Bondye a nan dènye jou yo?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Moyiz 7:18–19Pou ede manm fanmi wyo vizyalize kisa sa vle di pou nou gen “yon sèl kè” a, ou ta ka fè yon kè an papye epi koupe li an ti pyès jwèt kastèt, ase pou chak manm nan fanmi an ka jwenn yon moso. Manm fanmi w yo ta kapab ekri non yo sou moso paye pa yo a epi apresa travay youn avèk lòt pou remete kè a ansanm. Pandan w ap rezoud jwèt kastèt la, wou ta gen dwa pale de bagay ou renmen nan chak manm fanmi an.

Moyiz 7:28–31, 35.Kisa w aprann konsènan Bondye nan vèsè sa yo?

Moyiz 7:32.Poukisa Bondye te ba nou libabit? Kisa nou ta ka di yon moun ki santi kòmandman Bondhye yo limite libabit nou? Li 2 Nefi 2:25–27 ta gen dwa ajoute sou diskisyon sa a.

Moyiz 7:59–67.Pandan fanmi w ap li Moyiz 7:59–67, eseye make oubyen note bagay Senyè a te di Enòk yo konsènan dènye jou yo—pa egzanp, ke Bondye pral “rasanble moun [Li] chwazi yo” (vèsè 62) epi ke pral gen “gwo tribilasyon nan pamio mechan yo” (vèsè 66). Kijan nou ka gen lafwa ak esperans malgre mechanste nan dènye jou yo? Kòm yon pati nan diskisyon an, konsidere li pawòl sa yo Èldè Ronald A. Rasband te di: “Kouraj, frè m ak sè m yo. Wi, n ap viv nan tan difisil, men, si nou rete sou chemen alyans la, nou pa bezwen pè. M beni nou pou ke pandan n ap fè sa, nou pa twouble pa tan n ap viv la ni anba pwoblèm k ap prezante devan nou. M beni nou pou nou chwazi kanpe nan kote ki sen, e pa kite yo deplase nou. M beni nou pou nou kwè nan pwomès Jezikri yo, ke Li vivan, L ap veye sou nou, L ap pran swen nou epi L kanpe bòkote nou” (“Pa Twouble,” Lyawona, Nov. 2018, 21).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Dans nos foyers tout est beau,” Cantiques, no. 294

Amelyore ansèyman nou

Se pou w obsève. Si w pote atansyon a sa k ap pase nan lavi pitit ou yo, w ap jwenn opòtinite ekselan pou w anseye yo. Kòmantè ak kesyon timoun yo pandan tout jounen an ka mennen nan moman ansèyman ekselan tou. (Gade Anseye nan Fason Sovè a,16.)

Imaj
Tablo sou Enòk ak moun k ap gade anlè nan direksyon limyè

Vil Siyon Anlve, tablo Del Parson, ©