Ansyen Testaman 2022
17–23 Janvye. Jenèz 5; Moyiz 6: “Anseye Pitit Ou Yo Bagay Sa Yo”


“17–23 Janvye. Jenèz 5; Moyiz 6: “Anseye Pitit Ou Yo Bagay Sa Yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“17–23 Janvye. Jenèz 5; Moyiz 6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022

Imaj
Adan ak Èv k ap kite Jaden Edèn n an

Pi Bon Pase Paradi, tablo Kendal Ray Johnson

17–23 Janvye.

Jenèz 5; Moyiz 6

“Anseye Pitit Ou Yo Bagay Sa Yo”

Pandan w ap li ak medite sou Jenèz 5 ak Moyiz 6 la, ekri enpresyon spirityèl ou resevwa yo. Ki mesaj ou jwenn ki gen valè pou oumenm ak fanmi ou?

Ekri Enpresyon w yo

Majorite Jenèz 5 la se yon lis sou jenerasyon ant Adan ak Èv ak Noe. Nou li yon pakèt non, men, nou pa aprann anpil bagay konsènan yo. Apresa, li te li konsènan Enòk, sis jenerasyon depi Adan, ke yo dekri avèk liy etranj sa a ke yo pa eksplike: “Epi Enòk te mache avèk Bondye: epi, l te disparèt; paske Bondye te pran l avè l” (Jenèz 5:24). Asireman, gen yon istwa dèyè bagay sa a. Men san okenn lòt eksplikasyon, lis jenerasyon yo kontinye.

Erezman, Moyiz 6 revele detay sou istwa Enòk la—epi se yon gwo istwa. Nou aprann konsènan imilite Enòk, ensekirite li, potansyalite Bondye te wè nan li, ak gran travay li te akonpli kòm pwofèt Bondye. Nou jwenn yon ide pi klè sou fanmi Adan ak Èv la ak jan l te pwogrese atravè jenerasyon yo. Nou li konsènan “gran dominasyon” Satan, men tou, sou paran ki te anseye pitit yo “chemen Bondye” ak “predikatè lajistis” ki “te pale ak pwofetize” (Moyiz 6:15, 21, 23). Sa ki espesyalman presye a se sa nou aprann sou doktrin paran ak enstriktè sa yo te anseye yo: lafwa, repantans, batèm, ak resevwa Sentespri a (gade nan Moyiz 6:50–52). Doktrin sa a, tankou prètriz ki akonpaye l la, “te nan kòmansman [epi] l pral nan finisman mond lan tou” (Moyiz 6:7).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Moyiz 6:26–36

Yon pwofèt se yon vwayan.

Pandan w ap etidye Moyiz 6:26–36 la, kisa w aprann konsènan zye, tenèb, ak wè? Nan epòk Enòk la, kiyès ki pa t ka “wè lwen”? Poukisa moun sa yo pa t ka wè laverite? Kisa Enòk te ka wè? Kisa ki bati lafwa ou ke pwofèt nan tan modèn yo se vwayan? (gade nan vèsè 36; Gid Ekriti yo, “Vwayan,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

Moyiz 6:26–47

Bondye rele nou pou fè travay Li malgre enkapasite nou.

Li abityèl pou nou santi nou depase anba sa Senyè aple nou pou nou fè. Menm Enòk te santi l konsa lè Senyè a te aple l pou l te vin yon pwofèt. Pandan w ap li Moyiz 6:26–36 la, chèche rezon k te fè Enòk te santi l depase ak sa Senyè a te di pou te ba l kouraj. Nan vèsè 37–47, chèche fason Senyè a te sipòte Enòk ak ba l pouvwa pou l fè travay li a (gade nan Moyiz 7:13) tou . Ou ta ka konpare eksperyans Enòk la avèk eksperyans lòt pwofèt ki te santi yo te enkapab tou, tankou Moyiz (gade nan Egzòd 4:10–16), Jeremi (gade nan Jeremi 1:4–10), Nefi (gade nan 2 Nefi 33:1–4), ak Moroni (gade nan Etè 12:23–29). Kisa w santi Bondye vle w aprann nan ekriti sa yo konsènan travay li ba w pou w fè a?

Gade nan Jakòb 4:6–8 tou.

Moyiz 6:48–68

Doktrin Kris la se santral plan sali Bondye a.

Paske nou gen liv Moyiz la, nou konnen Bondye te toujou ap anseye pitit Li yo kijan pou yo jwenn padon ak redanmsyon depi nan kòmansman an. Nan ekriti yo, kèkfwa, ansèyman sa yo rele doktrin Kris la (gade nan 2 Nefi 31:13–21). Pandan w ap etidye Moyiz 6:48–68, chèche sa nou dwe konnen ak fè pou nou ka rachte. Ou ta ka wè l itil pou w ta ekri rezime pa w sou sa Enòk te anseye yo. Poukisa li enpòtan pou n konnen ke verite sa yo te anseye depi epòk Adan ak Èv la? Kisa w santi w enspire pou w fè kòm rezilta etid ou sou ansèyman sa yo?

Moyiz 6:51–62

“Anseye pitit ou yo bagay sa yo.”

Yo te anseye Adan ak Èv verite presye yo nan levanjil Jezikri a. Men, pawòl Bondye nan Mosyiz 6:27–28 yo montre klèman ke nan jenerasyon anvan Enòk yo, anpil moun pa t ap viv verite sa yo ankò. Senyè a te vle Enòk retabli verite ki te pèdi yo—ansanm avèk kòmandman sa a Li te bay Adan toudabò a: “Anseye pitit ou yo bagay sa yo” (Moyiz 6:58). Pandan w ap li Moyiz 6:51–62 a, kisa w aprann konsènan Jezikri? Kisa w wè ki ta ka gen valè espesyalman pou jenerasyon k ap grandi a? Kisa w ka fè pou ede verite sa yo pase al jwenn jenerasyon k ap vini yo?

Imaj
yon fanmi k ap li ekriti

Paran yo ta dwe anseye pitit yo levanjil la.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jenèz 5; Moyiz 6:5–25, 46.Lè yo li konsènan “liv souvni” fanmi Adan ak Èv te genyen an, sa ka enspire fanmi w pou yo fè pwòp liv souvni pa yo. Diskite avèk fanmi sou kisa w ta vle mete ladan l. Petèt, ou gen foto, istwa, oubyen dokiman ki nan istwa familyal ou. Ou ka chwazi pou w mete bagay k ap pase nan fanmi w kounyea ladan l. Kisa jenerasyon k ap grandi a ta ka bay anpil valè? Ou ta ka diskite kijan fraz “pa lespri enspirasyon” an (Moyiz 6:5) ak “dapre modèl dwèt Bondye te bay” la (Moyiz 6:46) ta ka gide efò w yo tou. Panse pou w sovgade enfòmasyon ki nan liv souvni w la nan FamilySearch.org.

Moyiz 6:53–62.Kijan nou t ap reponn kesyon Adan an ki nan Moyiz 6:53 a? Ki repons nou jwenn nan vèsè 57–62 yo?

Moyiz 6:59.Kisa sa vle di pou nou “ne denouvo nan wayòm syèl la”? Kisa nou ka fè pou nou kontinye ne denouvo atravè tout lavi nou? Pou èd, gade nan Alma 5:7–14, 26; Gid Ekriti yo, “Ne denouvo, Ne nan Bondyescriptures.ChurchofJesusChrist.org; David A. Bednar, “Toujou Kenbe yon Remisyon pou Peche w Yo” (Lyawona, Me 2016, 59–62).

Moyiz 6:61.Kisa nou aprann konsènan Sentespri a nan vèsè sa a?

Moyiz 6:63.Ki kèk nan bagay ki “rann temwayaj konsènan [Kris la]”? (gade tou nan 2 Nefi 11:4). Konsidere envite manm fanmi ou pou yo pataje yon bagay yo wè “anlè nan syèl la” oubyen “sou tè a” ki ede yo aprann sou Jezikri. Paregzanp, kòman pyebwa, wòch, oubyen solèy la raple nou Sovè a? Kisa tit “Dlo vivan” ak “pen lavi” a anseye nou konsènan Li? (Jan 4:10–14; 6:35).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “J’irai où tu veux,” Cantiques, no. 174.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche senbòl. Nan ekriti yo, objè oubyen evènman souvan reprezante oubyen senbolize verite spirityèl. Senbòl sa yo ka anrichi konpreyansyon w sou doktrin nan. Paregzanp, kisa w aprann nan senbòl je ak ajil yo ki nan Moyiz 6:35 la?

Imaj
Adan ak Èv avèk pitit yo

Adan ak Èv k ap Anseye Pitit Yo, tablo: Del Parson