Ansyen Testaman 2022
Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Pandan Lekti Ansyen Testaman an


“Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Pandan Lekti Ansyen Testaman an,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Pandan Lekti Ansyen Testaman an,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
senbòl panse yo

Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou

Pandan Lekti Ansyen Testaman an

Jwenn Siyifikasyon Pèsonèl

Lè w konsidere opòtinite w genyen pou w etidye Ansyen Testaman an ane sa a, kijan w santi w? Antouzyas? Ensèten? Enkyè? Tout emosyon sa yo konpreyansib. Ansyen Testaman an se youn nan pi ansyen koleksyon ekriti nan mond lan, epi sa ka fè li alafwa pasyonan ak entimidan. Ekriti sa yo soti nan yon kilti ansyen ki ka sanble etranj ak dwòl pafwa oubyen menm enkonfòtab. Men, malgresa, nan ekriti sa yo nou wè moun k ap fè eksperyans ki sanble familye, epi nou rekonèt tèm levanjil ki temwaye de divinite Jezikri ak levanjil Li a.

Wi, moun tankou Abraram, Sara, Ann, ak Danyèl te viv lavi ki, nan yon sètèn fason, te trè diferan de lavi pa nou. Men yo te fè eksperyans lajwa familyal ak diskòd familyal, moman lafwa ak moman ensètitid, ak siksè ak echèk tou—tankou nou tout fè. Sa k pi enpòtan, yo te egzèse lafwa, yo te repanti, fè alyans, fè eksperyans spirityèl, epi yo pa t janm sispann fè efò pou yo te obeyi Bondye.

Si w ap mande si oumenm ak fanmi w ka jwenn siyifikasyon pèsonèl nan Ansyen Testaman an ane sa a, kenbe nan lespri w ke fanmi Leyi ak Sarya te jwenn sa. Nefi te pataje istwa konsènan Moyiz ak ansèyman nan Ezayi yo lè frè l yo te bezwen ankourajman oubyen koreksyon oubyen pwendvi. Lè Nefi te di, “Nanm mwen pran plezi nan ekriti yo” (2 Nefi 4:15) la, li t ap pale de ekriti yo ki kounyea fè pati Ansyen Testaman an.

Chèche Sovè a

Si w ap mande èske oumenm ak fanmi w ka vin pi pwòch Jezikri nan etidye Ansyen Testaman an, kenbe nan lespri w ke Sovè a Limenm envite nou pou n fè sa. Lè L te di dirijan Juif yo, “Ekriti yo … temwaye de mwen” (Jan 5:39) an, Li t ap pale de ekriti nou rele Ansyen Testaman an. Pou w jwenn Sovè a nan sa w ap li yo, ou gen dwa oblije medite avèk pasyans epi chèche gidans spirityèl. Pafwa referans avèk Li yo sanble yo trè dirèk, tankou nan deklarasyon Ezayi a “Nou gen yon ti pitit ki fèk fèt, Bondye ba nou yon tigason: … epi ya rele l : … Prens Lapè a” (Ezayi 9:6). Gen lòt kote, Sovè a reprezante pi sibtilman, atravè senbòl ak similarite—pa egzanp, atravè deskripsyon sou sakrifis zannimo yo (gade Levitik 1:3–4) oubyen nan istwa Joseph ki padone frè l yo epi sove yo anba grangou.

Si w ap chèche pi gwo lafwa nan Sovè a pandan w ap etidye Ansyen Testaman an, w ap jwenn ni. Petèt sa ta ka tounen objektif etid ou ane sa a. Priye pou Lespri a ka gide w pou w jwenn ak rete konsantre sou pasaj, istwa, ak pwofesi ki ap mennen w pi pwòch Jezikri yo.

Imaj
ansyen pwofèt k ap ekri

Pwofèt Ansyen Testaman, Judith A. Mehr

Divinman Prezève

Pa atann ke Ansyen Testaman an ap prezante yon istwa konplè ak presi sou istwa limanite. Se pa sa otè ak konpilatè orijinal yo t ap eseye kreye. Pi gwo sousi yo sete pou anseye yon bagay konsènan Bondye—konsènan plan Li pou pitit Li yo, konsènan kisa sa vledi pou nou se pèp alyans Li, ak fason pou nou jwenn redanmsyon lè nou pa viv nan respè alyans nou yo. Pafwa yo te fè sa nan rakonte evènman istorik yo jan yo te konprann yo—enkli istwa nan lavi gran pwofèt yo. Jenèz se yon egzanp sou sa a, menmjan ak liv Jozye a , liv Jij la, ak 1e ak 2 Wa tou. Men gen lòt ekriven Ansyen Testaman an ki pa t janm vize aspè istorik la ditou. Olyesa, yo te anseye atravè bagay atistik tankou pwezi ak literati. Sòm yo ak Pwovèb yo tonbe nan kategori sa a. Epi apresa nou jwenn pawòl presye pwofèt yo, soti nan Ezayi rive nan Malachi, ki te pale pawòl Bondye te di ansyen Izrayèl la—epi, atravè mirak Bib la, kontinye ap pale avèk nou jodia.

Èske tout pwofèt, powèt, ak konpilatè sa yo te konnen ke moun tout kote nan mond lan ta pral li pawòl yo dèmilye ane apre? Nou pa konnen. Men nou emèveye dèske se egzakteman sa k rive. Nasyon te monte epi tonbe, vil te konkeri, wa te viv epi mouri; men Ansyen Testaman an te viv pi lontan pase yo tout, de jenerasyon an jenerasyon, de yon ekriven ak yon lòt ekriven, yon tradiksyon rive nan yon lòt tradiksyon. Evidamman kèk bagay te pèdi oubyen modifye, men gen anpil bagay ki te prezève mirakilezman.1

Sa yo se jis kèk bagay pou w kenbe nan lespri w pandan w ap li Ansyen Testaman an ane sa a. Petèt Bondye te prezève ansyen ekriti sa yo paske L konnen oumen ak sa w t ap gen pou w travèse. Petèt Li prepare yon mesaj spirityèl pou ou nan pawòl sa yo, yon bagay ki pral rapwoche w pi pre Li epi bati lafwa w nan plan L lan ak nan Piti gason Byenneme L la. Petèt Li pral dirije w nan yon pasaj oubyen yon ide ki pral beni yon moun ou konnen—yon mesaj ou ka pataje avèk yon zanmi, yon manm fanmi, oubyen yon lòt Sen. Gensi anpil posiblite. Èske sa pa eksitan lè w panse a sa?

Liv yo nan Ansyen Testaman an

Nan pifò vèsyon Kretyèn yo sou Ansyen Testaman an, liv yo òganize diferaman de fason yo te aranje lè yo te premye konpile yo nan yon sèl koleksyon an. Donk, pandan ke Bib Ebre a gwoupe liv yo an twa kategori—lalwa, pwofèt yo, ak ekriti yo—pifò Bib Kretyen yo ranje liv yo an kat kategori: lalwa (Jenèz–Detewonòm); istwa (Jozye–Estè), liv powetik (Job–Chan Salomon an), ak pwofèt (Ezayi–Malachi).

Poukisa kategori sa yo enpòtan? Paske lè w konn ki kalite liv w ap etidye, sa kapab ede w konprann kijan pou w etidye li.

Men yon bagay pou w kenbe nan lespwi w lè w ap kòmanse li “lalwa a,” oubyen senk premye liv yo nan Ansyen Testaman an. Liv sa yo, ki atribye ak Moyiz, pwobableman te pase nan men anpil ekriven ak konpilatè atravè tan yo. Malgre sa, liv Moyiz yo se pawòl Bondye te enspire, malgre ke—menmjan ak tout pawòl Bondye te transmèt atravè moun mòtèl—yo sijè anba enpèfeksyon lòm (gade Moyiz 1:41; Atik Lafwa yo 1:8). Pawòl Mowoni yo, an referans a rejis sakre Liv Mòmon an ke l te ede konpile a, kapab itil la a: “Si gen fòt se erè lèzòm yo ye; se poutèt sa, pa kondane bagay Bondye yo” (paj tit nan Liv Mòmon an). Otremandi, yon liv ekriti pa bezwen san erè imèn pou l ka konsidere kòm pawòl Bondye.

Nòt

  1. Prezidan M. Russell Ballard te di: “Se pa pa chans ni pa kowensidans ke nou gen Bib la jodia. Moun ki jis te jwenn espirasyon Lespri a pou yo te ekri bagay sakre yo te wè yo ak pawòl enspire yo te tande ak pale. Lòt moun devwe te jwenn enspirasyon pou yo te pwoteje ak prezève rejis sa yo” (Le Miracle de la Sainte Bible,” Lyawona, Me 2007, 80).