Ansyen Testaman 2022
3–9 Janvye. Jenèz 1–2; Moyiz 2–3; Abraram 4–5: “Nan Kòmansman an Bondye te Kreye Syèl la ak Tè a”


“3–9 Janvye. Jenèz 1–2; Moyiz 2–3; Abraram 4–5: “Nan Kòmansman an Bondye te Kreye Syèl la ak Tè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“3–9 Janvye. Jenèz 1–2; Moyiz 2–3; Abraram 4–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
imaj tè a ak lalin

3–9 Janvye.

Jenèz 1–2; Moyiz 2–3; Abraram 4–5

“Nan Kòmansman an Bondye te Kreye Syèl la ak Tè a”

Menmsi w te li konsènan Kreyasyon an anvan, toujou gen plis pou w aprann nan ekriti yo. Priye pou w jwenn direksyon Sentespri a pou ede w jwenn nouvo konpreyansyon.

Ekri Enpresyon w yo

Paske mond lan ki antoure nou an sitèlman bèl ak majestye, li difisil pou nou imajine tè a lè l te “san fòm, e li pa t gen anyen sou li,” “vid ak dezole” (Jenèz 1:2; Abraram 4:2). Yon bagay istwa Kreyasyon an anseye nou sèke Bondye kapab fè yon bagay mayifik apati yon bagay ki pa t òganize. Se yon bagay ki itil pou nou sonje lè lavi a sanble l toumante. Pè Selès la avèk Jezikri se Kreyatè, epi travay kreyatif Yo avèk nou an poko fini. Yo kapab fè limyè briye nan moman fènwa lavi nou yo. Yo kapab fòme teren solid nan mitan tanpèt lavi nou yo. Yo kapab kòmande eleman yo, epi si nou obeyi pawòl yo jan eleman yo te fè sa a, Yo kapab transfòme nou vin tounen bèl kreyasyon nou te prepare pou n vin ye a. Sa fè pati de sa sa vledi ke nou te kreye dapre imaj Bondye, dapre resanblans Li (gade Jenèz 1:26). Nou gen potansyèl pou nou vin tankou Li: èt selès, egzalte, glorifye.

Pou yon koudèy sou liv Jenèz la, gade “Jenèz” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Jenèz 1:1–25; Moyiz 2:1–25; Abraram 4:1–25

Sou direksyon Pè Selès la, Jezikri te krete tè a.

Èldè D. Todd Christofferson te di: “Kèlkeswa detay yo ki nan pwosesis kreyasyon an, nou konnen sa pa t fèt pa aksidan men, se Bondye Papa a ki te dirije l epi Jezikri te reyalize l” (“Poukisa Maryaj, Poukisa Fanmi,” Lyawona, Me 2015, 51). Pandan ke gen anpil bagay nou pa konnen egzakteman konsènan fason mond lan te kreye, medite sou sa w aprann konsènan Keyasyon an nan sa Bondye revele nan Jenèz 1:1–25; Moyiz 2:1–25; ak Abraram 4:1–25 yo. Kisa w remake nan istwa sa yo ki gen similarite? Kisa w remake ki diferan? Ki refleksyon w fè sou Pè Selès la ak Jezikri pandan w ap li sou Kreyasyon an?

Gade Doktrin ak Alyans 101:32–34 tou.

Imaj
dra ki dekri etap kreyasyon yo

Kreyasyon, tablo Joan Hibbert Durtschi

Jenèz 1:27–28; 2:18–25; Moyiz 3:18, 21–25; Abraram 5:14–19

Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay Bondye òdone.

“Adan ak Èv te ini ansanm nan maryaj pou letan ak letènite pa pouvwa prètriz etènèl [la]” (Russell M. Nelson, “Leson nan men Èv,” Ensign Nov. 1987, 87). Poukisa sa se yon verite enpòtan pou nou konnen? Medite sou sa pandan w ap li Jenèz 1:27–28; 2:18–25; Moyiz 3:18, 21–25; ak Abraram 5:14–19. Si w ta renmen aprann plis sou maryaj andedan plan Bondye a, li epi medite sou resous ki nan lis pi ba yo. Kisa resous sa yo pouse w pou w fè pou amelyore maryaj ou oubyen pou prepare w pou maryaj nan lavni?

Gade tou Matye 19:4–6; 1 Korentyen 11:11; Linda K. Burton, “N ap Monte Ansanm,” Lyawona Me 2015, 29–32; “Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” ChurchofJesusChrist.org.

Jenèz 2:2-3; Moyiz 3:2-3; Abraram 5:2-3

Bondye te beni ak sanktifye jou Saba a.

Bondye te fè jou Saba a sakre, epi Li mande nou pou nou kenbe li sakre. Èldè David A. Bednar te anseye: “Saba a se moman Bondye, yon moman sakre ki espesifikman mete apa pou adore Li ak pou nou resevwa ak sonje gwo pwomès presye L yo” (“Promès Ekstrèman Gran ak Presye,” Lyawona Nov. 2017, 92. Kijan w ta ka itilize deklarasyon sa a ak Jenèz 2:2–3; Moyiz 3:2–3; oubyen Abraham 5:2–3 pou eksplike yon moun rezon k fè w chwazi onore jou Saba a? Kijan Senyè a beni ou paske w sanktifye jou sa a?

Gade tou Ezayi 58:13–14; Doktrin ak Alyans 59:9–13; “Saba a Se yon Delis ” (videyo), ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
family study icon

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jenèz 1:1–25; Moyiz 2:1–25; Abraram 4:1–25.Kijan w kapab rann sa w ap aprann konsènan Kreyasyon an amizan pou fanmi ou? Ou ta ka mennen fanmi an al fè yon rechèch deyò a sou kalite bagay ki te fèt pandan chak peryòd nan istwa Kreyasyon an, tankou zetwal yo, pyebwa yo, oubyen bèt yo. Ou ta gen dwa montre yo foto sou bagay ki te kreye nan chak peryòd yo epi envite manm fanmi w yo pou yo mete foto yo nan lòd apre yo fin li youn nan resi Kreyasyon ansanm. Kisa kreyasyon sa yo anseye nou konsènan Pè Selès la ak Jezikri?

Jenèz 1; Moyiz 2; Abraram 4.Yon fason pou apwoche istwa Kreyasyon an se envite fanmi w pou yo chèche ki kantite fwa nan Jenèz 1 oubyen Moyiz 2 a Bondye te kalifye bagay li te fè yo kòm “bon.” Kisa sa sigjere sou fason nou ta dwe trete kreyasyon Bondye yo—enkli noumenm? Kisa nou aprann apati fason yo dekri evènman sa yo nan Abraram 4?

Jenèz 1:26–27; Moyiz 2:26–27; Abraram 4:26–27.Poukisa li enpòtan pou nou konnen ke nou te kreye dapre imaj Bondye? Kijan sa afekte fason nou santi n konsènan noumenm, lòt moun, ak Bondye?

Si w gen timoun piti, ou ta ka vle li Moyiz 2:27 ansanm avèk yo epi jwe yon jwèt senp: Montre yon foto ki dekri Pè Selès la ak Jezikri, tankou imaj 90 nan Liv Ilistrasyon Levanjil la (2009), epi mande manm fanmi an pou yo lonje dwèt yo youn apre lòt sou yon pati nan kò Pè Selès la ak Jezikri. Apresa lòt manm fanmi yo ta ka lonje dwèt sou menm pati sa a nan kò yo.

Jenèz 1:28; Moyiz 2:28; Abraram 4:28.“Kòmandman Bondye te bay pitit li yo pou yo miltipliye epi ranpli latè a toujou an aplikasyon” (“Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” ChurchofJesusChrist.org). Manm fanmi w yo ta ka jwe senaryo sou fason pou eksplike kwayans nou sou kòmandman sa a bay moun ki pa konn verite sa a oubyen ki kwè diferamman.

Jenèz 1:28; Moyiz 2:28; Abraram 4:28.Kisa sa vledi pou “genyen dominasyon … sou chak bagay vivan k ap bouje sou sifas tè a”? (gade tou Doktrin ak Alyans 59:16–21). Kijan fanmi nou ka ranpli responsablite nou pou pran swen tè a?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Mon Père céleste m’aime,” Chants pour les enfants, 228–29.

Amelyore Ansèyman Nou

Aplike ekriti yo nan lavi nou. Lè w fin li yon pasaj nan ekriti yo, mande manm fanmi yo pou aplike li nan lavi yo. Pa egzanp, kijan Moyiz 3:1–3 an aplike pou obsève jou Saba a chak semèn? (Gade Anseye nan Fason Sovè a,21.)

Imaj
Jezikri kanpe nan mitan nyaj.

Kreyasyon an, tablo Annie Henrie Nader