Ansyen Testaman 2022
31 Janvye–6 Fevriye Jenèz 6–11; Moyiz 8: “Noe te Jwenn gras devan Je Senyè a”


“31 Janvye–6 Fevriye. Jenèz 6–11; Moyiz 8: ‘Noe te Jwenn gras devan Je Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“31 Janvye–6 Fevriye. Jenèz 6–11; Moyiz 8,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Noe, fanmi li, zannimo yo, lach la, ak yon lakansyèl

Ilistrasyon sou Noe ka p kite lach la, tablo Sam Lawlor

31 Janvye–6 Fevriye

Jenèz 6–11; Moyiz 8

“Noe te jwenn lagras devan je Senyè a”

Istwa yo nan ekriti yo souvan kapab anseye nou diferan leson spirityèl. Pandan w ap li konsènan Gwo Delij la ak Tou Babèl la, chèche jwenn enspirasyon sou fason resi sa yo aplike pou ou.

Ekri Enpresyon w yo

Jenerasyon moun ki li Bib la te jwenn enspirasyon nan istwa Noe a ak Delij la. Men noumenm k ap viv nan dènye jou yo nou gen rezon espesyal pou n pote atansyon ak li. Lè Jezikri te anseye kijan nou ta dwe rete tann Dezyèm Vini L lan, Li te di, “ Menmjan sa te fèt nan epòk Noe a, se konsa sa pral ye tou nan aparisyon Pitit Gason Lòm nan” (Joseph Smith—Matye 1:41). Anplis, fraz ki dekri epòk Noe a, tankou “kòwonpi” ak “ranpli avèk vyolans” lan, ta ka osi fasilman sèvi pou dekri epòk pa nou an (Jenèz 6:12–13; Moyiz 8:28). Istwa Tou Babèl la kapab aplike pou epòk nou an tou, avèk deskripsyon l sou ògèy ki te suiv pa konfizyon ak divizyon nan mitan pitit Bondye yo.

Ansyen resi sa yo gen valè pa sèlman paske yo montre nou ke mechanste toujou ap repete atravè listwa. Sa k pi enpòtan, yo anseye nou kisa pou nou fè konsènan sa. Noe “te jwenn lagras devan je Senyè a” (Moyiz 8:27) malgre mechanste ki te antoure l la. Epi fanmi Jarèd ak frè l la te vire kote Senyè a epi yo te jwenn direksyon pou yo t ale lwen mechanste nan Babèl la (gade Etè 1:33–43). Si nou ap mande kijan pou n kenbe tèt nou ak fanmi nou ansekirite pandan epòk kòripsyon ak vyolans nou an, istwa familye yo nan chapit sa yo gen plis pou anseye nou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Jenèz 6; Moyiz 8

Gen sekirite spirityèl nan suiv pwofèt Senyè a.

Gras a retablisman levanjil la, nou konnen pi plis toujou konsènan Noe pase sa nou jwenn nan Ansyen Testaman an. Tradiksyon enspire Joseph Smith pou Jenèz 6 la, ki nan Moyiz 8 la, revele ke Noe sete youn nan gran pwofèt Bondye yo. Li te òdone epi jwenn manda pou l te preche levanjil Jezikri a, li te mache epi pale avèk Bondye, epi li te chwazi pou l te reetabli pitit Bondye yo sou tè a apre Delij la (gade tou Enseignements des Présidents de l’Eglise: Joseph Smith [2007], 104, 201). Kisa w aprann konsènan pwofèt yo apati eksperyans Noe a?

Pandan w ap li konsènan epòk Noe a, ou gen dwa jwenn resanblans avèk epòk pa nou an. Pa egzanp:

Kisa pwofèt yo ap anseye jodia konsènan levanjil Jezikri a ki ta ka kenbe nou ansekirite nan mond epòk nou an? Pandan w ap li konsènan eksperyans Noe yo, kisa ki enspire w pou w suiv pwofèt Senyè yo jodia?

Gade tou Mozya 13:33; Doktrin ak Alyans 21:4–7.

Jenèz 9:8–17

Siy oubyen senbòl yo ede nou sonje alyans nou yo avèk Senyè a.

Alyans levanjil yo kapab reprezante pa yon siy, yon senbòl oubyen “tokenn” (Jenèz 9:12). Pa egzanp, panse sou fason pen ak dlo sentsèn nan oubyen dlo batèm yo fè w sonje verite sakre yo ki anrapò avèk alyans ou yo. Dapre Jenèz 9:8–17, kisa yon lakansyèl ka fè nou sonje? Kisa Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 9:21–25 la (nan apenndiks Bib la) ajoute sou konpreyansyon nou? Poukisa Senyè a vle pou nou sonje Li ak alyans nou fè yo?

Gade Gerrit W. Gong, “Toujou Sonje Li,” Lyawona, Nov. 2016, 108-11.

Jenèz 11:1–9

Sèl fason pou nou rive nan syèl la se nan suiv Jezikri.

Sepi lontan yo itilize Ansyen Babel, oswa Babilòn kòm yon senbòl mechanste ak mondanite (gade Revelasyon 18:1–10; Doktrin ak Alyans 133:14). Pandan w ap etidye Jenèz 11:1–9la, medite sou ide pwofèt Mòmon bay yo, kote l te ekri ke se Satan “ki te mete nan kè pèp la pou yo te bati yon fòrès ki ase wo pou yo te kapab ale nan syèl la” (Elaman 6:28; gade vèsè 26–27) tou. Ki avètisman istwa Tou Babèl la genyen pou ou?

Gade Sòm 127:1 tou.

Imaj
tou Babèl la

Ilistrasyon sou Tou Babèl la, tablo David Green

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jenèz 6–8.Kijan w ta ka itilize istwa lach Noe a pou anseye fanmi w kijan suiv pwofèt la kapab kenbe nou ansekirite spirityèlman? (gade “Noe ak Fanmi Li,” nan Istwa Ansyen Testaman yo). Petèt fanmi ou ta ka travay ansanm pou bati yon bato anjwèt senp avèk papye oubyen blòk. Pandan w ap li Jenèz 6–7 la, ou ta ka konpare sekirite bato a ak sekirite nou jwenn nan suiv pwofèt la. Ou gen dwa diskite sou konsèy resan pwofèt la te bay epi ekri pawòl konsèy li yo sou bato w la.

Ki lòt bagay Bondye te ba nou ki ta ka konpare avèk lach la ki te sove fanmi Noe a? Resous sa yo sigjere kèk repons, malgre gen anpil lòt: 2 Nefi 9:7–13; Doktrin ak Alyans 115:5–6; ak mesaj Prezidan Russell M. Nelson “Vin tounen Sen dènye jou Egzanplè” a nan (Lyawona, Nov. 2018, 113–14).

Moyiz 8:17.Kisa sa vledi pou Lespri Senyè a ap “lite” avèk nou? (gade nan 1 Nefi 7:14; Doktrin ak Alyans 1:33). Kilè nou te fè eksperyans Lespri a k ap fè lite avèk nou?

Jenèz 9:8–17.Jèn timoun yo gen dwa pran plezi nan desinen oubyen kolore yon lakansyèl pandan w ap pale de sa l reprezante (gade also Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 9:21–25 [nan apendiks Bib la]). Ou gen dwa diskite sou bagay ki ede nou sonje alyans nou yo tou, tankou sentsèn nan, ki ede nou sonje alyans batèm nou pou n suiv Jezikri a (gade Doktrin ak Alyans 20:75–79).

Jenèz 11:1–9.Sa ta ka ede si w ta li Etè 1:33–43 pandan fanmi w ap etidye Jenèz 11 la epi aprann sou Tou Babèl la. Kisa nou aprann nan fanmi Jarèd ak frè l la ki kapab ede fanmi nou jwenn sekirite spirityèl malgre mechanste ki nan mond lan? Ki leson adisyonèl nou aprann nan men Noe ak fanmi li pandan yo te fè fas a menm kalite difikilte yo? (gade Moyiz 8:13, 16–30).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Suivez le Prophète,” Chants pour les enfants, 110–11 (3èm kouplè).

Amelyore etid pèsonèl nou

Pataje ide ou. Lè w pataje sa w ap aprann nan ekriti yo, ou non sèlman beni lòt moun men ou apwofondi pwòp konpreyansyon pa w tou. Kisa w santi w enspire pou w pataje nan ekriti yo avèk fanmi, zanmi, oubyen manm pawas ou yo?

Imaj
Lach Noe a

Deskripsyon lach Noe a, tablo Adam Klint Day