Ansyen Testaman 2022
14–20 Fevriye. Jenèz 18–23: “Èske gen Yon Bagay Ki Twò Difisil pou Senyè a?”


“14–20 Fevriye. Jenèz 18–23: ‘Èske gen Yon Bagay Ki Twò Difisil pou Senyè a?’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“14–20 Fevriye. Jenèz 18–23,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Sara kenbe tibebe Izaak

Jakòb ak Enòs, tablo Scott Snow

14–20 Fevriye

Jenèz 18–23

“Èske gen Yon Bagay Ki Twò Difisil pou Senyè a?”

Li epi medite sou Jenèz 18–23a, epi ekri enpresyon w yo. Ou kapab itilize ide yo bay yo nan plan leson sa a pou ede w etidye chapit sa yo, epi ou ka jwenn enspirasyon tou pou w chèche lòt mesaj nan ekriti yo ke Senyè a gen espesifikman pou ou.

Ekri Enpresyon w yo

Lavi Abraram, ki te ranpli avèk evènman ki te alafwa dechiran ak rekonfòtan se prèv yon verite Abraram te aprann nan yon vizyon—ke nou sou tè a pou yo mete nou aleprèv, “pou wè si [nou] pral fè tout bagay Senyè Bondye [nou] an pral kòmande nou” (Abraram 3:25). Èske Abraram limenm te montre fidelite? Èske li te kontinye gen lafwa nan pwomès Bondye pou yon gran posterite, menm lè limenm ak Sara te toujou pa gen pitit nan laj avanse yo a? Epi apre Izaak te pran nesans, èske lafwa Abraram ta pral andire yon bagay enpansab—yon kòmandman pou sakrifye menm pitit gason sa ke Bondye te pwomèt ki t ap sèvi pou akonpli alyans sa a? Abraram te vrèman montre fidelite. Abraram te fè Bondye konfyans, epi Bondye te fè Abraram konfyans. Nan Jenèz 18–23, nou jwenn istwa nan lavi Abraram ak lòt moun ki ka ankouraje nou panse a pwòp kapasite nou pou nou kwè nan pwomès Bondye yo, pou n abandone mechanste epi pa janm gade dèyè, ak pou nou fè Bondye konfyans kèlkeswa sakrifis sa mande.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Jenèz 18:9–14; 21:1–7

Senyè a akonpli pwomès Li yo nan pwòp tan pa li.

Senyè a fè moun ki fidèl yo bèl pwomès, men, pafwa sikonstans lavi nou kapab lakòz nou mande kijan pwomès sa yo ap ka akonpli an reyalite. Abraram ak Sara kapab te santi yo konsa kèk fwa. Kisa w ka aprann nan eksperyans yo? Li ta ka bon si w ta kòmanse etid ou a nan repase sa Senyè a te pwomèt Abraram yo nan Jenèz 17:4, 15–22. Kijan Abraram ak Sara te reyaji? (gade tou Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 17:23 [nan Jenèz 17:17, nòt anba paj b]; Jenèz 18:9–12). Kijan Senyè a te reponn pou L te ede yo gen pi gwo lafwa nan pwomès Li yo? (gade Jenèz 18:14).

Kisa w jwenn nan vèsè sa yo ki bati lafwa ou? Ki lòt eksperyans—nan lavi w oubyen nan lavi yon lòt moun—ki fòtifye lafwa w ke Senyè a ap akonpli pwomès Li fè w yo nan pwòp moman ak fason pa Li?

Gade tou Doktrin ak Alyans 88:68.

Jenèz 19:12–29

Senyè a kòmande nou pou nou kouri pou mechanste.

Ki leson w aprann sou kouri pou mechanste pandan w ap li konsènan Lòt ak fanmi l la ? Pa egzanp, kisa ki enpresyone w nan sa zanj yo te di ak fè pou ede Lòt ak fanmi li chape anba destriksyon? (gade Jenèz 19:12–17). Kijan Senyè a ede oumenm ak fanmi w kouri oubyen jwenn pwoteksyon kont enfliyans mal ki nan mond lan?

Pou plis enfòmasyon konsènan peche Sodòm ak Gomò yo, gade Ezekyèl 16:49–50 ak Jid 1:7–8.

Gade tou Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 50:24–38 (nan apendiks Bib la).

Imaj
ilistrasyon sou Lò ak fanmi li k ap pati kite Sodòm ak Gomò

Kouri kite Sodòm and Gomò, tablo Julius Schnorr von Carolsfeld

Jenèz 19:26

Kisa madanm Lòt te fè ki pa t bon?

Èldè Jeffrey R. Holland te anseye:

“Aparamman, pwoblèm madanm Lòt sete ke li pa t jis ap gade dèyè; men nan kè l, li te vle retounen dèyè. Ta sanble ke anvan menm li te depase limit vil la, li te deja sonje sa Sodòm ak Gomò te ofri li. … Li pa t gen lafwa. Li te doute sou kapasite Senyè a pou ba l yon bagay ki te pi bon pase sa l te deja genyen an. …

“Pou tout [moun] nan chak jenerasyon, m ap di, ‘Sonje madanm Lòt’ [Lik 17:32]. Lafwa se pou lavni. Lafwa bati sou lepase, men, li pa t sipoze rete la. Lafwa gen konfyans ke Bondye gen gwo bagay an rezèv pou nou chak epi ke Kris la se vrèman ‘gran prèt bon bagay k ap vini yo’ (Ebre 9:11)” (“Sa k pi bon an toujou nan wout,” Ensign, Jan. 2010, 24, 27).

Jenèz 22:1–19

Dispozisyon Abraram pou l te sakrifye Izaak la se yon similitid avèk Bondye ak Pitit gason L lan.

Nou pa konn tout rezon k fè Bondye te kòmande Abraram pou l te ofri Izaak kòm yon sakrifis; men nou konnen ke sete yon tès sou lafwa li nan Bondye (gade Jenèz 22:12–19). Pandan w ap li Jenèz 22:1–19 la, medite sou sa w aprann nan eksperyans Abraram nan.

Dispozisyon Abraram pou l te sakrifye Izaak la sete “yon similitid sou Bondye ak Sèl Pitit gason Byenneme L la” (Jakòb 4:5). Pandan w ap medite sou similarite ant tès Abraram nan ak Bondye Papa a ki ofri Piti gason L la kòm yon sakrifis pou nou, kisa w santi pou Pè Selès ou a?

Gen resanblans ant Izaak avèk Sovè a tou. Panse pou w li Jenèz 22:1–19 ankò, pandan w ap chèche resanblans sa yo.

Gade tou “Akedah (The Binding [Koneksyon an])” (videyo), ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
family study icon

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jenèz 18:14Èske gen istwa nan ekriti yo, nan istwa fanmi ou, oubyen nan pwòp lavi pa w ke w ta ka pataje, ki te anseye w ke pa gen anyen ki twò difisil pou Senyè a?

Jenèz 18:16–33.Kisa w aprann konsènan karaktè Abraram nan vèsè sa yo? Kijan nou ka suiv egzanp li? (Gade tou Alma 10:22–23.)

Jenèz 19:15-17.Vèsè sa yo kapab ede manm fanmi ou yo prepare pou moman kote yo bezwen abandone sitiyasyon mechanste yo. Kisa kèk nan sitiyasyon sa yo ta ka ye? Paregzanp, ou ta ka louvri yon diskisyon konsènan medya inapwopriye oubyen tantasyon pou fè tripotaj. Kijan nou ka abandone sitiyasyon konsa yo?

Jenèz 21:9–20.Kisa ki enpresyone fanmi w nan fason Bondye te trete Aga ak Izmayèl apre Sara ak Abraram te mete yo deyò a?

Jenèz 22:1–14.Kijan w ka ede fanmi w wè koneksyon ant istwa Bondye ki ap kòmande Abraram pou l sakrifye Izaak la ak sakrifis ekspyatwa Sovè a? Ou ta ka montre foto Abraram ak Izaak ak Krisifiksyon an (gade “Abraram ak Izaak,” nan Istwa Ansyen Testaman yo) pandan manm fanmi yo ap diskite sou similarite yo wè ant evènman sa yo. Ou gen dwa chante yon kantik oubyen yon chan sou Sovè a tou, tankou: “Il envoya son fils” (Chants pour les enfants, 16–17), pou jwenn lòt fraz ki dekri sakrifis Sovè a.

Ki sakrifis yo mande nou pou nou fè antanke yon fanmi? Kijan sakrifis sa yo te mennen nou pi pre Bondye?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: ““Notre Dieu nous a tant aimés,”,” Cantiques, no.111

Amelyore etid pèsonèl nou

Koute Lespri a. Pandan w ap etidye a, pote atansyon a sa w panse ak sa w santi yo, menmsi yo pa sanble yo an rapò avèk sa w ap li a. Enpresyon sa yo se ka egzakteman sa Bondye vle pou w konnen.

Imaj
Abraram ak Izaak ka p mache

Ilistrasyon sou Abraram aknd Izaak, tablo Jeff Ward