Ansyen Testaman 2022
21–27 Fevriye. Jenèz 24–27: Alyans lan Renouvle


“21–27 Fevriye. Jenèz 24–27: Alyans lan Renouvle,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“21–27 Fevriye. Jenèz 24–27,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Rebeka

Ilistrasyon sou Rebeka, tablo: Dileen Marsh

21–27 Fevriye

Jenèz 24–27

Alyans lan Renouvle

Lè w ap li Jenèz 24–27, pote atansyon a enpresyon spirityèl ou resevwa yo. Priye pou w konnen kijan prensip ou jwenn yo gen koneksyon avèk lavi ou.

Ekri Enpresyon w yo

Alyans Bondye avèk Abraram nan te enkli pwomès ke atravè Abraram ak posterite li “tout fanmi sou tè a ap beni” (Abraram 2:11). Sa se pa yon pwomès ki t ap ka akonpli nan yon sèl jenerasyon: nan anpil fason, Bib la se istwa akonplisman pwomès Li a k ap kontinye. Epi Li te kòmanse avèk renouvèlman alyans lan avèk fanmi Izaak ak Rebeka a. Atravè eksperyans yo, nou aprann yon bagay konsènan fè pati nan alyans la. Egzanp yo anseye nou sou jantiyès, pasyans, ak konfyans nan benediksyon Bondye pwomèt yo. Epi nou aprann ke sa vo lapèn pou nou abandone nenpòt “soup” mond lan (Jenèz 25:30) pou nou ka asire benediksyon Bondye yo pou tèt pa nou ak pou pitit nou yo pou jenerasyon k ap vini yo.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Jenèz 24

Maryaj esansyèl nan plan etènèl Bondye a.

Jodia anpil moun fè maryaj tounen yon priyorite segondè oubyen menm konsidere li kòm yon fado. Abraram te gen yon pwendvi diferan—pou limenm, maryaj pitit gason l la, Izaak, te gen gwo enpòtans. Poukisa w panse sa te enpòtan konsa pou li? Pandan w ap li Jenèz 24la , panse a enpòtans maryaj nan plan sali Bondye a. Ou ta ka li mesaj Èldè D. Todd Christofferson nan tou “Poukisa Maryaj, Poukisa Fanmi” (Lyawona, Me 2015, 50–53) epi konsidere poukisa “yon fanmi ki bati sou maryaj yon gason ak yon fi founi meyè anviwònman pou plan Bondye a pwospere” (paj 52).

Kesyon tankou sa yo ta ka ede w konsidere lòt prensip ki enpòtan nan chapit sa a.

Jenèz 22:1–14. Kisa Abraram ak sèvitè l yo te fè pou enkli Senyè a nan efò yo pou yo te jwenn yon madanm pou Izaak?

Jenèz 24:15–28, 55–60. Ki kalite w jwenn nan Rebeka ke w ta renmen imite?

Ki lòt ide ou jwenn?

Gade tou nan Doktrin ak Alyans 131:1–4; “Fanmi An: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” ChurchofJesusChrist.org.

Gade nan Jenèz 25:29–34.

M ka chwazi ant gratifikasyon imedyat ak bagay ki gen pi gran valè.

Nan kilti Abraram nan, pi gran pitit gason an nan yon fanmi te tipikman resevwa yon pozisyon dirijan ak privilèj, ki rele dwa denès. Pitit gason sa a te resevwa yon pi gwo eritaj nan men paran li, ansanm avèk pi gwo responsablite pou pran swen rès fanmi an.

Pandan w ap li Jenèz 25:29–34la, konsidere ki rezon k dwe te fè Ezayi dispoze pou l te boukante dwa denès li a pou yon plat manje. Ki leson w jwenn pou tèt ou nan resi sa a? Pa egzanp, èske gen nenpòt “soup” ki ka detounen w de benediksyon ki gen pi gran valè pou ou yo. Kisa w ap fè pou w rete konsantre sou benediksyon sa yo ak apresye benediksyon sa yo?

Gade tou Matye 6:19–33; 2 Nefi 9:51; M. Russell Ballard, “Sa ki Pi Enpòtan yo Se Sa ki Dire Pi lontan,” Lyawona, Nov. 2005, 41–44.

Jenèz 26:1-5

Alyans Abraramik la te renouvle atravè Izaak.

Alyans Bondye te fè avèk Abraram nan te fèt pou l te kontinye atravè anpil jenerasyon, konsa eritaj kenbe alyans Abraram ak Sara a t ap bezwen pase desann al jwenn Izaak, Jakòb, ak lòt fi ak gason fidèl yo nan posterite yo a. Pandan w ap li Jenèz 26:1–5la, chèche kèk nan benediksyon alyans lan Bondye te mansyone yo. Kisa w aprann osijè Bondye nan vèsè sa yo?

Jenèz 26:18-25, 32-33

Jezikri se pui dlo lavi a.

Ou gen dwa remake ke pui ak sous ak lòt sous dlo jwe yon wòl enpòtan nan anpil istwa nan Ansyen Testaman an. Sa pa etonan, paske pifò nan istwa sa yo te rive nan kote ki te sèch anpil. Pandan w ap li nan Jenèz 26 sou pui Izaak la, medite sou sa dlo ka senbolize nan ekriti yo. Ki ide w jwenn konsènan pui spirityèl “dlo vivan”? (gade Jan 4:10–15). Kijan w ap fouye pui spirityèl nan lavi ou? Kijan Sovè a se tankou dlo vivan pou ou? Remake ke Filisten yo te “bloke” pui yo (gade Jenèz 26:18). Èske gen nenpòt bagay nan lavi w ki ap bloke pui dlo lavi w yo?

Imaj
yon ansyen pui

Yon pui nan ansyen Beer-sheba, kote Abraram ak Izaak te fouye pui yo.

Jenèz 27

Èske Rebeka ak Jakòb te antò dèske yo te twonpe Izaak?

Nou pa konn rezon ki dèyè apwòch Rebeka ak Jakob te itilize pou yo te jwenn yon benediksyon pou Jakob la. Sa ta itil pou nou sonje ke Ansyen Testaman jan nou genyen l kounyea enkonplè (gade Moyiz 1:23, 41). Gen dwa gen enfòmasyon ki nan rejis orijinal yo ki manke, ki ta ka bay eksplikasyon sou sa k petèt parèt twoublan pou nou yo. Sepandan, nou byen konnen ke sete volonte Bondye pou Jakòb te resevwa benediksyon nan men Izaak paske Rebeka te jwenn yon revelasyon ke Jakob te dwe dirijan sou tèt Ezayi (gade Jenèz 25:23). Apre Izaak te rekonèt ke l te beni Jakòb nan plas Ezayi, li te afime ke Jakòb “t ap beni” (Jenèz 27::33)—sa ki sigjere ke volonte Bondye te akonpli.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jenèz 24:2-4, 32-48.Abraram te mande yon sèvitè kredib pou l t al chèche yon madanm pou Izaak, epi sèvitè a te fè alyans avèk Abraram pou l te fè sa. Kijan sèvitè Abraram nan te montre fidelite nan kenbe alyans li a? Kijan nou ka suiv egzanp li?

Jenèz 24:15–28, 55–60.Fanmi w ta ka gade nan vèsè sa yo pou jwenn kalite ki te fè Rebeka te yon konpay etènèl diy pou Izaak. Ankouraje manm fanmi yo pou yo chwazi youn nan kalite sa yo ke yo santi yo ta dwe devlope.

Jenèz 25:19–3427.Pou repase istwa sou fason dwa denès ak benediksyon Ezayi a te vin jwenn Jakob pito, ou ta ka ekri fraz ou pran nan “Jakob ak Ezayi” (nan Istwa Ansyen Testaman yo) sou kèk moso papye separe. Manm fanmi yo ta ka travay ansanm pou yo mete fraz yo nan lòd ki kòrèk la.

Pandan w ap diskite sou Ezayi k ap vann dwa denès li a, ou ta gen dwa pale de sa ki gen plis enpòtans pou fanmi w tou, tankou relasyon nou avèk Pè Selès la ak Jezikri. Petèt manm fanmi yo ta kapab jwenn objè oswa foto ki reprezante sa yo konsidere ki gen valè etènèl. Kite yo eksplike poukisa yo te chwazi bagay sa yo.

Jenèz 26:3–5.Pou ede fanmi w konprann alyans Abraramik la, ou ta ka envite yo pou yo chèche pwomès yo dekri nan vèsè sa yo. Poukisa li enpòtan pou nou konnen konsènan pwomès sa yo jodia? (gade “Panse pou nou toujou Sonje: Alyans lan,” nan resous sa a).

Jenèz 26:18-25, 32-33.Poukisa pui enpòtan? Nan ki fason Jezikri tankou yon pui dlo?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Kantik yo sigjere: “Bien Choisir,” Cantiques, no. 154

Amelyore etid pèsonèl nou

Memorize yon ekriti. Èldè Richard G. Scott te anseye: “Yon ekriti nou memorize vin yon zanmi lwayal ki pa febli atravè tan kap pase a” (Pouvwa ekriti yo,”,” Lyawona, Nov. 2011,6).

Imaj
Ezayi ak Jakòb

Ezayi vann Jakòb Dwa Denès li a, tablo: Glen S. Hopkinson