Ansyen Testaman 2022
Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Alyans lan


“Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Alyans lan,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Alyans lan,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
senbòl panse yo

Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou

Alyans lan

Atravè tout Ansyen Testaman an, ou pral tanzantan li mo alyans. Jodia nou dabitid panse a alyans kòm pwomès sakre avèk Bondye, men nan ansyen mond lan, alyans yo sete yon pati enpòtan nan relasyon moun yo youn ak lòt. Pou sekirite ak sivi yo, moun yo te bezwen pou yo fè youn lòt konfyans, epi alyans yo sete yon mwayen pou sekirize konfyans sa a.

Konsa lè Bondye te pale avèk Noe, Abraram, oubyen Moyiz konsènan alyans, Li t ap envite yo pou yo antre nan yon relasyon konfyans avèk Li. Youn nan egzanp moun pi byen konnen sou alyans nan Ansyen Testaman an se alyans Bondye te fè avèk Abraram ak Sara a—epi apresa ke L te renouvle avèk desandan yo, Izaak ak Jakòb (ki rele Izrayèl tou). Nou souvan rele alyans sa a alyans Abraamik, malgre nan Ansyen Testaman an yo rekonèt li senpleman kòm “alyans lan.” Ou pral wè ke Ansyen Testaman an se fondamantalman istwa moun ki te konsidere tèt yo kòm eritye alyans sa a—pèp alyans la.

Alyans Abraamik lan kontinye rete enpòtan jodia, espesyalman pou Sen Dènye Jou yo. Poukisa? Paske nou se pèp alyans la tou, kit nou se desandan dirèk Abraram, Izaak, ak Jakòb ou pa (gade Galat 3:27–29). Pou rezon sa a, li enpòtan pou nou konprann kisa alyans Abraamik la ye ak kijan li aplike avèk nou jodia .

Kisa alyans Abraamik la ye?

Abraram te vle “pou li tounen yon pi gran disip lajistis” (Abraram 1:2), konsa Bondye te envite l pou l te antre nan yon relasyon alyans. Abraram se pa t premye moun ki te gen dezi sa a, epi li se pa t premye moun ki te resevwa yon alyans. Li te chèche “benediksyon zansèt li yo” (Abraram 1:2)—benediksyon ki te ofri atravè alyans avèk Adan ak Èv epi apresa a moun ki te chèche jwenn benediksyon sa yo avèk dilijans.

Alyans Bondye avèk Abraram nan te gen pwomès benediksyon mèveye: yon peyi pou eritaj, yon gran posterite, aksè a òdonans prètriz yo, ak yon non ki t ap onore nan jenerasyon apre yo. Men alyans sa a pa t sèlman konsantre sou benediksyon Abraram ak fanmi li ta pral resevwa yo men sou benediksyon yo ta pral ye pou rès pitit Bondye yo tou. Bondye te deklare: “Ou pral yon benediksyon,” “epi granmesi ou, tout fanmi sou tè a va jwenn benediksyon” (Jenèz 12:2–3).

Èske alyans sa a te bay Abraram, Sara, ak desandan yo yon pozisyon privilejye nan pami pitit Bondye yo? Sèlman nan sans ke l se yon privilèj pou beni lòt moun. Fanmi Abraram te gen pou yo te “pote ministè sa a ak Prètriz la bay tout nasyon,” pou yo te pataje “benediksyon levanjil yo, ki se benediksyon sali, sa ki vle di benediksyon lavi etènèl” (Abraram 2:9, 11).

Alyans sa a sete benediksyon Abraram t ap chèche a. Apre l te fin resevwa li, Abraram te di nan kè l: “Sèvitè w la te chèche ou avèk senserite ; kounyeya m jwenn ou” (Abraram 2:12).

Bagay sa a te pase depi dè milye ane, men, alyans sa a te retabli nan epòk pa nou an (gade 1 Nefi 22:8–12). Epi aktyèlman l ap akonpli nan lavi pèp Bondye a. Anfèt, akonplisman alyans la ap pran plis fòs nan dènye jou yo pandan travay Bondye a ap pwogrese, ap beni fanmi yo atravè tout mond lan. Epi tout moun ki, tankou Abraram, vle pou vin yon pi gran disip lajistis, tout moun ki chèche Senyè a sensèman, kapab vin fè pati li.

Imaj
yon fanmi ki devan yon tanp

Kisa Alyans Abraamik la vledi pou mwen?

Ou se yon pitit alyans lan. Ou te fè yon alyans avèk Bondye lè w te batize. Ou renouvle alyans sa a chak fwa w pran sentsèn. Epi ou fè alyans sakre nan tanp. Ansanm, alyans sa yo fè w vin yon patisipan nan alyans Abraramik la, ki egziste nan plenirtid li nan òdonans tanp yo. Jan Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Finalman, nan tanp sakre a, nou ka vin eritye nan benediksyon yon fanmi etènèl, jan yo te pwomèt Abraram, Izaak, Jakòb, ak posterite yo yon fwa a.”1

Atravè alyans ak òdonans sa yo, nou vin tounen pèp Bondye (gade Egzòd 6:7; Detewonòm 7:6; 26:18; Ezekyèl 11:20). Nou vin diferan de rès mond lan ki antoure nou an. Alyans nou yo rann posib pou nou vin vrè disip angaje pou Jezikri. Prezidan Nelson te eksplike, “Alyans nou yo, lye nou avèk Li epi yo ba nou pouvwa diven.”2 Epi lè Bondye beni pèp Li avèk pouvwa Li, se avèk envitasyon ak atant ke yo pral beni lòt moun—ke yo pral “yon benediksyon” pou “tout fanmi sou tè a” (Abraram 2:9, 11).

Sa se konpreyansyon presye nou resevwa gras ak Retablisman alyans Abraamik la atravè Pwofèt Joseph Smith. Konsa lè w ap li konsènan alyans nan Ansyen Testaman an, pa jis panse a relasyon Bondye avèk Abraram, Izaak, ak Jakob. Panse a relasyon Li avèk ou tou. Lè w li konsènan pwomès posterite sanfen an (gade Jenèz 28:14), pa jis panse a dèmilyon moun ki jodia ap di Abraram se papa yo. Panse a pwomès Bondye fè w sou fanmi etènèl ak pwogresyon etènèl tou (gade Doktrin ak Alyans 131:1–4; 132:20–24). Lè w li pwomès pou yon peyi kòm eritaj la, pa jis panse a peyi yo te pwomèt Abraram nan. Panse a destine selès tè a limenm tou—yon eritaj yo pwomèt moun “dou” yo ki “ap tann Senyè a” (Matye 5:5; Sòm 37:9, 11; gade Doktrin ak Alyans 88:17–20) tou. Epi lè w li sou pwomès ke pèp alyans Bondye a pral beni “tout fanmi yo sou tè a” (Abraram 2:11), pa jis panse a ministè Abraram oubyen pwofèt ki desandan l yo. Panse a sa w ka fè tou—kòm yon disip alyans Jezikri—pou w vin yon benediksyon pou fanmi ki bò kote w yo.