Ansyen Testaman 2022
7–13 Fevriye. Jenèz 12–17; Abraram 1–2: “Vin Tounen yon Pi Gwo Disip Lajistis”


“February 7–13. Jenèz 12–17; Abraram 1–2: “Vin Tounen yon Pi Gwo Disip Lajistis,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2022 (2021)

“February 7–13. Jenèz 12–17; Abraram 1–2,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Abram ak Sara

Ilistrasyon Abraram ak Sara, tablo Dilleen Marsh

7–13 Fevriye.

Jenèz 12–17; Abraram 1–2

“Vin Tounen yon Pi Gwo Disip Lajistis”

Pandan w ap li konsènan Abram ak Sarai a (ki te vin rele Abraram ak Sara nan apre) ak fanmi yo, medite sou fason egzanp yo enspire ou. Ekri enpresyon w sou sa w ka fè pou w “vin tounen yon pi gwo disip lajistis” (Abraram 1:2).

Ekri Enpresyon w yo

Poutèt alyans Bondye te fè avèk li a, Abraram te vin rele “papa fidèl yo” (Doktrin ak Alyans 138:41) ak “zanmi Bondye” (Jak 2:23). Dèmilyon moun jodia onore l kòm zansèt dirèk yo, epi lòt moun vin adopte kòm fanmi li atravè konvèsyon nan levanjil Jezikri a. Men, Abraram pou tèt pa l te sòti nan yon fanmi twouble—papa l, ki te abandone vrè adorasyon Bondye a, te eseye fè sakrifye Abraram bay fodye. Malgre sa, Abraram te vle “vin tounen yon pigran disip lajistis” (Abraram 1:2), epi istwa lavi l montre ke Bondye te onore dezi l la. Lavi Abraram kanpe kòm yon temwayaj ke, kèlkeswa istwa familyal yon moun, demen ka ranpli lespwa.

Imaj
Learn More image
Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Abraram 1:1–19

Bondye ap beni m pou lafwa m ak dezi jis mwen yo.

Tankou anpil nan pami nou, Abraram te viv nan yon anviwònman mechanste, malgre sa, li te vle viv jis. Prezidan Dallin H. Oaks te anseye enpòtans pou nou gen dezi ki jis “Osi enpòtan sa ye pou nou chase chak dezi pou nou peche, lavi etènèl mande plis pase sa. Pou nou akonpli destine etènèl nou, n ap vle epi n ap travay pou n gen kalite ki nesesè pou nou vin tounen yon èt etènèl yo. … Si sa parèt twò difisil—e asireman li pa fasil pou onkenn nan nou—enben, nou dwe kòmanse avèk yon dezi pou n gen kalite kalite sa yo, epi priye Papa byenneme nou ki nan syèl la pou L ede nou avèk santiman nou yo [gade nan Mowoni 7:48]” (“Dezi,” Lyawona, Me 2011, 44–45). Pandan w ap li Abraram 1:1–19 la, konsidere kijan vèsè sa yo demontre sa Prezidan Oaks te anseye a. Kesyon tankou sa ki suiv la yo ta ka ede:

  • Kisa Abraram te vle ak chèche? Kisa l te fè pou l te demontre lafwa li?

  • Ki dezi w genyen? Èske gen yon bagay ou santi w ta dwe fè pou pirifye dezi w yo?

  • Ki difikilte Abraram te rankontre poutèt bon bagay li te dezire yo? Kijan Bondye te ede li?

  • Ki mesaj vèsè sa yo genyen pou moun ki gen manm nan fanmi yo ki pa gen dezi lajistis?

Gade nan Matye 7:7; “Delivrans Abraram” (video), ChurchofJesusChrist.org; “Educate Your Desires, Elder Andersen Counsels” (ChurchofJesusChrist.org).

Abraram 2:10–11

Kiyès ki fè pati alyans Abraramik la?

Lè Senyè a te fè alyans Li a avèk Abraram nan, Li te pwomèt alyans sa a t ap kontinye nan posterite oswa “desandan” Abraram, epi “tout moun ki resevwa Levanjil sa a pral … konte kòm desandan ou” (Abraram 2:10–11). Sa vle di, pwomès alyans Abraramik yo aplike pou manm Legliz yo jodia, keseswa yo se desandan literal Abraram oubyen yo adopte nan fanmi li atravè batèm ak konvèsyon nan levanjil Jezikri a (gade nan Galat 3:26–29; Doktrin ak Alyans 132:30–32). Pou l ka konte kòm desandan Abraram, yon moun dwe obeyi lwa ak òdonans levanjil yo.

Jenèz 12:1–3; 13:15–16; 15:1–6; 17:1–8, 15–22; Abraram 2:8–11

Alyans Abraamik la beni m ak fanmi m.

Paske tout manm Legliz yo fè pati alyans Abraramik la, ou ta gen dwa pase enpe tan ap medite sou rezon k fè alyans sa a siyifikatif nan lavi ou. Ekri panse w konsènan kesyon sa yo:

Kijan pwomès ki nan Abraram 2:8–11 yo ka beni mwenmenm ak fanmi m? (gade tou nan Jenèz 12:1–3; 13:15–16).

Kisa m aprann konsènan alyans Abraramik la nan Jenèz 15:1–6; 17:1–8, 15–22?

Kisa m santi m enspire pou m fè pou m akonpli pwomès ki di “tout fanmi sou tè a ap beni” a? (Abraram 2:11).

Ou ta ka konsidere ke kèk nan benediksyon terès Bondye te pwomèt Abraram ak Sara yo, tankou eritye yon tè pwomiz ak vin paran yon gran posterite, ta ka gen paralèl etènèl. Sa enkli yon eritaj nan wayòm selès la (gade nan Doktrin ak Alyans 132:29) ak maryaj etènèl avèk posterite etènèl (gade nan Doktrin ak Alyans 131:1–4; 132:20–24, 28–32). Se “nan tanp la,” Prezidan Russell M. Nelson te anseye ke “nou resevwa benediksyon final nou yo, kòm desandan Abraram, Izaak, ak Jakòb” (“Rasanbleman Izrayèl ki dispèse a,” Lyawona, Nov. 2006, 80).

gade nan Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 15:9–12; 17:3–12 lis sijè Bibb la); Diksyonè Bib la, “Alyans Abraram”; “Panse pou Kenbe nan Panse nou: Alyans la,” nan manyèl sa a tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jenèz 13:5–12.Kisa Abraram te fè pou l te kreye lapè nan fanmi l? Petèt, manm fanmi w yo ta ka fè pratik pou yo se patizan lapè tankou Abraram nan jwe senaryo sou fason pou yo rezoud konfli ki ta ka leve nan fanmi ou.

Jenèz 13:16; 15:2–6; 17:15–19.Kijan w ka ede fanmi w konprann pwomès Senyè a nan vèsè sa yo—ke malgre Abraram ak Sara pa t ko gen pitit, posterite yo t ap osi anpil ke pousyè tè a, zetwal yo nan syèl la, oubyen sab bò lanmè a? (gade tou nan Jenèz 22:17). Petèt ou ta ka montre manm fanmi w yo yon veso ki gen sab, gade zetwal yo, oubyen itilize foto ki akonpaye plan leson sa a. Kòman nou ka kwè nan pwomès Bondye yo menm lè yo parèt enposib?

Jenèz 14:18–20.Kisa nou aprann konsènan Mèlkisedèk nan Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 14:25–40 la? (nan apendiks Bib la; gade tou nan Alma 13:13–19). Kòman nou ka “[etabli] jistis” tankou Mèlchizedèk te fè a? (vèsè 36). Ki lòt bagay konsènan ministè Mèlkisedèk la ki enspire nou?

Imaj
Mèlkisedèk k ap beni Abram

Mèlkisedèk beni Abram, tablo: Walter Rane

Jenèz 16.Lè nou li konsènan Aga, sa ta ka yon opòtinite pou n diskite sou fason Senyè a ede nou lè nou santi yo fè nou ditò. Ou ta gen dwa souliye ke “Izmayèl” vledi “Bondye Tande.” Ki lè nou konn santi Senyè a tande nou epi ede nou lè nou te santi yo te fè nou ditò? (gade nan Jenèz 16:11).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sijere: “I Want to Live the Gospel,” Children’s Songbook, 148.

Amelyore Ansèyman Nou

Ou dwe disponib ak aksesib. “Kèk nan pi bon moman ansèyman yo kòmanse avèk yon kesyon oubyen yon sousi nan kè yon manm nan fanmi an. Fè manm fanmi w yo konnen, atravè pawòl ou ak aksyon ou, ke w anvi tande yo. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 16.)

Imaj
Sara k ap gade syèl la ki chaje ak etwal.

Bondye te pwomèt posterite Abraram ak Sara t ap tankou “etwal nan syèl la” (Jenèz 22:17). Medite sou Pwomès Bondye, tablo: Courtney Matz.