Ansyen Testaman 2022
7–13 Fevriye. Jenèz 12–17; Abraram 1–2: “Pou w Yon Pi Bon Patizan Lajistis”


“7–13 Fevriye. Jenèz 12–17; Abraram 1–2: “Pou w Yon Pi Bon Patizan Lajistis’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“7–13 Fevriye. Jenèz 12–17; Abraram 1–2,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Abraram ak Sara

Ilistrasyon Abraram ak Sara, pa Dileen Marsh

7–13 Fevriye.

Jenèz 12–17; Abraram 1–2

“Pou w Yon Pi Bon Patizan Lajistis”

Sonje ke li pa nesesè—ni menm posib—pou w kouvri tout bagay ki nan plan leson sa a. Kite Lespri a gide w pou w ka chwazi ki prensip ak aktivite ki ap pi siyifikatif pou timoun w ap anseye yo.

Ekri Enpresyon W yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Yo te envite fanmi timoun w ap anseye yo pou chèche jwenn enfòmasyon sou Abraram ak Sara semèn pase a. Bay timoun yo opòtinite pou yo pataje yon bagay yo konnen sou Abraram ak Sara.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Abraram 1:18; 2:8

Jezikri ka dirije m pa lamen.

Abraram te vle rete jis malgre manm fanmi l te mechan. Senyè a te di li: “M pral dirije w avèk men mwen” (Abraram 1:18). Menm jan Bondye te pwomèt pou l te ede Abraram nan, Li ka dirije timoun w ap anseye yo lè yo vle chwazi sa ki byen.

Aktivite posib

  • Li pou timoun yo Abraram 1:18 ak 2:8, epi envite yo koute ki pati nan kò a yo mansyone nan de vèsè sa yo. Kisa nou tap santi si Jezikri te pran men nou pou kondui nou oubyen pou pwoteje nou? Temwaye ke Jezi dirije nou nan gide nou atravè Sentespri a.

  • Itilize “Abraham et Sara” (nan Histoires de l’Ansyen Testaman an) pou ede timoun yo konprann ke moun ki te bò kote Abraram yo t ap fè move chwa, men Abraram te vle fè sa ki te byen epi Senyè a te ede li. Kijan Pè Selès la ak Jezikri ede nou lè nou eseye chwazi sa ki byen? Chante yon chan ki an rapò avèk prensip sa a, tankou “Apprends-moi à marcher dans la clarté” (Chants pour les enfants, 177).

  • Montre plizyè foto Sovè a (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 38, 3940, ak 41), epi ede timoun yo wè sa L te fè avèk men Li. Kisa nou ka fè avèk men nou pou ede lòt moun?

Jenèz 13:5–12

M ka yon patizan lapè.

Lè bèje Abraram yo ak bèje Lòt yo te tonbe an dezakò poutèt patiraj yo, Abraram te pwopoze yon solisyon ki te pote lapè. Ou ka itilize egzanp sa a pou enspire timoun yo pou yo vin patizan lapè.

Aktivite Posib

  • Pataje avèk timoun yo istwa ki nan Jenèz 13:5–12la, epi envite yo pou yo jwe senaryo sou li. Fè yo chak pretann lè tou pa yo pa rive ke yo se Abraram, neve l la, Lòt, ak bèje yo. Sigjere kèk fason yo ka suiv egzanp Abraram nan pou yo vin yon patizan lapè a, tankou pou yo chak pran yon jwèt epi jwe avèk yon zanmi lè tou pa yo rive. Envite yo jwe senaryo sou egzanp sa yo.

  • Li Matye 5:9, epi eksplike ke Jezi vle pou nou patizan lapè. Ede timoun yo panse a sa yo ka fè pou yo vin patizan lapè lakay yo oubyen avèk zanmi yo. Envite yo pou yo desine foto yomenm ki ap aji kòm yon patizan lapè. Mande timoun yo pou yo pale de jan yo santi yo lè yo se patizan lapè tankou Jezikri.

Jenèz 15:1–6; 17:1–8; Abraram 2:9–11

Li enpòtan pou m respekte pwomès mwen yo.

Jwenn enfòmasyon sou alyans Bondye te fè avèk Abraram ak Sara a ka ede timoun yo konprann kisa respekte pwomès vle di. Sa ka ede yo tou pou yo prepare yo pou yo fè ak krespekte alyans.

Aktivite posib

  • Mande yo si yo konn kisa yon pwomès oubyen yon alyans ye. Envite yo pou yo pataje eksperyans kote yo te fè yon pwomès oubyen yon moun te fè yo yon pwomès. Si sa itil, pataje kèk egzanp pa w. Ede timoun yo konprann ke Abraram ak Sara te pwomèt pou yo te obeyi Bondye. Chwazi kèk gwoup mo nan Jenèz 15:1–6; 17:1–8; Abraram 2:9–11 pou w pataje kèk nan benediksyon Bondye te pwomèt yo. Benediksyon sa yo enkli “Pa pè, Abraram: Mwen se pwoteksyon ou,” “Ou pral papa anpil nasyon,” oswa “Tout fanmi sou tè a [ap] beni.”

  • Ki pwomès senp timoun yo ta ka fè ak respekte pandan klas la? Pa egzanp, mande yo pou yo pwomèt y ap rete chita sou chèz yo pandan kèk minit oubyen y ap pliye chèz yo lè klas la fini. Pataje avèk yo yon egzanp kote ou te fè yon pwomès epi w te respekte l, epi envite yo pou yo pataje nenpòt eksperyans yo te fè. Ede yo konprann ke yo pral fè pwomès avèk Papa nou ki nan Syèl la lè yo batize ak lè yo ale nan tanp.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Abraram 1:12–17

Pè Selès la tande priyè m yo e Li reponn yo.

Lè lavi Abraram te an danje, li te rele Bondye epi Bondye te sove l. Timoun w ap anseye yo kapab gen pwòp eksperyans pa yo avèk lapriyè ke yo ka pataje.

Aktivite Posib

  • Afiche foto Abraham sauvé par un ange lan (ChurchofJesusChrist.org), epi envite timoun w ap anseye yo pou yo pataje sa yo konnen sou istwa li dekri a, ke nou jwenn nan Abraram 1:12, 15–17. Mande yo pou yo li vèsè sa yo epi pataje sa yo aprann sou lapriyè.

  • Envite timoun yo pataje eksperyans kote Pè Selès la te reponn priyè yo, epi pataje youn nan pwòp eksperyans pa ou.

Jenèz 13:5–12

M ka yon patizan lapè.

Nou tout fè fas a sitiyasyon ki ba nou tantasyon pou nou vin gen fristrasyon ak kontansyon. Reflechi sou kijan istwa Abraram ak Lòt la ta kapab ede timoun yo pou yo vin patizan lapè nan kalite sitiyasyon konsa.

Aktivite Posib

  • Ekri Pèsonaj Prensipal, Kontèks, Pwoblèm, ak Solisyon sou tablo a. Envite timoun yo li Jenèz 13:5–12 epi idantifye pati nan istwa a ki ekri sou tablo a. Ede yo panse a sitiyasyon kote yo ta kapab patizan lapè, tankou lè yon moun ap diskite oubyen eseye goumen. Apre sa envite yo pou yo fè senaryo sou fason yo ta kapab patizan lapè nan sitiyasyon sa yo.

  • Ede yo chèche sijè “Lapè” ak “Patizan Lapè” yo nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Envite chak timoun pou l chwazi yon ekriti sou lapè epi pou l pataje sa l aprann nan avèk klas la. Ede yo panse a egzanp ki montre Sovè a kòm patizan lapè, tankou nan Lik 22:50–51. Kijan nou ka suiv egzanp Li?

    Imaj
    Lòt ak Abraram avèk twoupo

    Chwa Lòt, © Providence Collection/pibliye avèk otorizasyon goodsalt.com

Jenèz 17:1–8; Abraram 2:8–11

Mwen ka kenbe alyans mwen fè avèk Pè Selès la.

Anseye timoun yo sou alyans Bondye te fè avèk Abraram ak Sara a ka ede yo panse a pwòp alyans pa yo.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo li Jenèz 17:1–8 ak Abraram 2:8–11 epi fè de lis: sa Abraram te gen pou l te fè ak sa Senyè a te pwomèt li an retou. Kisa nou aprann sou Senyè a nan vèsè sa yo?

  • Montre foto yon moun ki ap batize (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 103104). Mande timoun yo pou yo fè lis pwomès yon moun fè nan batèm ak pwomès Bondye fè l an retou. Sigjere pou timoun yo gade nan Mozya 18:10; Doktrin ak Alyans 20:37, 77, 79 pou èd. Kisa nou ka fè pou nou respekte bann alyans nou te fè nan batèm nou an?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Voye yon nòt lakay avèk timoun yo pou ankouraje manm fanmi yo pou yo pote atansyon a lè timoun yo se patizan lapè, lè yo respekte pwomès yo, oubyen lè y ap fè yon lòt bagay ou te pale nan klas la.

Amelyore Ansèyman nou

Timoun yo aktif. Pafwa sa ka sanble ke gwo enèji timoun yo sanble l anpeche yo aprann men, ou ka itilize enèji yo a nan aprantisaj yo. Envite yo pou yo fè senaryo sou yon istwa oubyen fè jès ki mache avèk pawòl nan yon chan oswa yon ekriti. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 25–26.)