Ansyen Testaman 2022
27 Desanm–2 Janvye. Moyiz 1: Abraram 3: “Sa a se Travay Mwen ak Laglwa Mwen”


“27 Desanm–2 Janvye. Moyiz 1; Abraram 3: ‘Sa a se Travay Mwen ak Laglwa Mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“27 Desanm–2 Janvye. Moyiz 1; Abraram 3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
foto etwal nan lespas

27 Desanm–2 Janvye

Moyiz 1; Abraram 3

“Sa a se Travay Mwen ak Laglwa Mwen”

Pandan w ap li sa Bondye te di Moyiz ak Abraram, reflechi sou sa L te ka di timoun w ap anseye yo. Kijan w ede yo santi amou L pou yo?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pafwa yon chan kapab ede timoun yo sonje sa y ap aprann nan. Jwe oubyen fredone kèk nòt nan “Je suis enfant de Dieu” a (Chants pour les enfants, 2–3), epi fè timoun yo devine chan an. Ede timoun yo panse a fason paran yo ak lòt moun “dirije [yo], gide [yo],” epi “ede [yo] jwenn wout la.”

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Moyiz 1:1–4, 6

Mwen se yon Pitit Bondye.

Kisa w aprann nan Moyiz 1:1–4, 6 sou relasyon w avèk Pè Selès la? Kijan w ka ede timoun yo konprann kisa pitit Bondye vle di?

Aktivite posib

  • Li sa Bondye te di Moyiz la pou timoun yo: “Ou se pitit gason m” (Moyiz 1:4). Envite yon timoun vin kanpe devan klas la, epi mande lòt timoun yo pou yo repete avèk ou: “[Non timoun nan], ou se yon pitit Bondye.” Repete gwoup mo a pou chak timoun nan klas la.

  • Montre plizyè foto timoun, epi mande klas la si tout timoun sa yo se pitit Bondye. Ensiste pou di chak moun se yon pitit Bondye. Kite tout timoun yo gade nan yon glas nan tou pa yo, epi temwaye ke yo se pitit Bondye tou.

  • Chante “Je suis enfant de Dieu” (Chants pour les enfants, 2–3) avèk timoun yo. Kite yo kolore paj aktivite semèn sa a, epi itilize l pou repase verite chan sa a anseye.

    Imaj
    Jezikri pami etwal yo

    Kris la ak Kreyasyon an, pa Robert T. Barrett

Abraram 3:22–28

Mwente viv avèk Pè Selès la anvan m te fèt.

Lè nou konnen nou te gen yon lavi premòtèl, sa ka enspire nou pou noui fè chwa ki baze sou verite etènèl. Pandan w ap etidye Abraram 3:22–28, reflechi sou kijan w pral anseye timoun yo sou idantite etènèl yo.

Aktivite posib

  • Itilize “À propos de l’Ansyen Testaman an” (nan Histoires de l’Ansyen Testaman an) pou anseye timoun yo sou lavi premòtèl nou. Apre sa, envite timoun yo pou yo repete istwa a ba ou. Poukisa Pè Selès la te voye nou isit sou tè a? Ede timoun yo dekouvri yon repons pandan w ap li avèk yo Abraram 3:25.)

  • Chante avèk timoun yo yon kantik sou plan Bondye a pou nou, (tankou “Je veux suivre le plan de Dieu” [Chants pour les enfants, 164–65]). Ede yo konprann verite etènèl yo anseye yo nan pawòl chan an.

Moyiz 1:39

Pè Selès la vle pou m viv avèk Li ankò.

Kijan verite ki nan Moyiz 1:39 yo te beni lavi w? Kisa w ka fè pou ede timoun yo fè eksperyans avèk benediksyon sa yo tou?

Aktivite posib

  • Montre gwoup mo ki di “sa a se travay mwen” ak “lavi etènèl” la nan Moyiz 1:39, epi ede timoun yo repete gwoup mo yo. Pale timoun yo de travay ou fè chak jou. Anseye yo ke travay Pè Selès la se ede nou jwenn lavi etènèl, ki vle di pou nou vin tankou Li ak viv avèk Li ankò.

  • Envite yon paran pou l vini nan klas la epi pale de jan l santi l lè yon timoun retounen lakay apre l te ale (pa egzanp, lekòl oswa nan misyon), oubyen pataje sa w te santi diran eksperyans sa yo. Itilize egzanp sa a pou anseye timoun yo kijan Pè Selès la vle nou retounen al jwenn Li.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Moyiz 1:4, 30, 37–39; Abraram 3:22–28

Mwen se pitit Bondye, e Li vle ede m retounen al jwenn Li.

Moyiz 1:4, 37–39 ak Abraram 3:22–28 anseye kèk verite presye apwopo relasyon nou avèk Bondye ak bi ki fè Li voye nou sou tè a. Medite sou kijan w pral ede timoun yo aprann verite sa yo.

Aktivite posib

  • Li avèk timoun yo Moyiz 1:4, 37–39 ak Abraram 3:24–25. Ba yo opòtinite pou yo poze kesyon epi pataje mo oswa gwoup mo yo pi renmen nan vèsè sa yo. Kisa nou aprann nan vèsè sa yo apwopo Pè Selès la? apwopo noumenm?

  • Montre timoun yo foto kèk nan pil kreyasyon Pè Selès la fè yo. Li Moyiz 1:30, epi eksplike ke Moyiz te poze Bondye kesyon sou bi kreyasyon sa yo. Ede yo chèche nan vèsè 39 la pou yo jwenn repons Bondye. Temwaye ke objektif Bondye se ede chak pitit li jwenn lavi etènèl.

  • Ede timoun yo panse a sitiyasyon kote yo konn oblije chwazi pou yo fè oubyen pou yo pa “fè tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo” (Abraram 3:25). Fè yo fè pratik oubyen diskite sou kèk repons ki posib pou sitiyasyon sa yo. Kijan Sovè a ka ede nou lè nou fè yon move chwa?

Moyiz 1:12–26

Mwen ka reziste anba tantasyon Satan yo.

Pandan w ap etidye Moyiz 1:12–26la, chèche wè kisa Moyiz te fè pou l te reziste anba Satan. Kijan egzanp Moyiz la ta ka ede timoun yo lè y ap fè fas a tantasyon?

Aktivite posib

  • Rezime eksperyans Moyiz la ki nan Moyiz 1:12–26 nan pwòp mo pa w, oubyen mande youn nan timoun yo pou l fè sa Envite timoun yo pou yo chèche nan vèsè sa yo pou yo ka aprann kijan Moyiz te fè kapab venk Satan. (Si yo bezwen èd, di yo pou yo li vèsè 13, 15, 18, 20–22, 26.)

  • Pote yon bwat zouti (oubyen foto zouti), epi mete yon etikèt sou chak zouti pou montre yon fason nou ka reziste anba tantasyon (tankou priye, chante yon kantik, li ekriti yo, oubyen sèvi lòt moun). Fè chak timoun chwazi yon zouti epi pale de yon sitiyasyon kote aksyon ki ekri sou etikèt ki sou zouti a ta ka ede nou reziste anba tantasyon. Li vèsè 25–26 ansanm, epi temwaye ke Bondye ap ede nou lè nou anfas tantasyon.

Abraram 3:22–28

Mwen te viv avèk Pè Selès la anvan m te fèt.

Vèsè sa yo ki dekri vizyon Abraram te fè sou lavi premòtèl la ka ede timoun yo jwenn repons kesyon: “Ki kote m soti?” ak “Poukisa mwen isit la?” Kijan ou kapab ede yo jwenn repons?

Aktivite posib

  • Sou tablo a, ekri kesyon ki gen rapò avèk Abraram 3:22–28, tankou Kisa k te pase nan lavi nou anvan nesans nou? Kiyès ki te la? Poukisa tè a te kreye? Envite timoun yo li vèsè sa yo pou yo ka jwenn repons yo.

  • Si gen yon nouvo tibebe ki fèt nan pawas la, envite paran yo pou yo mennen l nan klas la epi di kisa yo te santi lè yo t ap akeyi timoun sa a nan mond lan. (Ou ta gen dwa montre foto yon tibebe ki fèk fèt tou.) Pale avèk timoun yo de ki kote espri tibebe sa a te ye anvan l te vini sou tè a. Poukisa li enpòtan pou tibebe sa a aprann ke li se yon pitit Bondye?

  • Chante kèk chan sou plan Bondye pou nou, tankou “Je sais que mon Dieu vit” oswa “Je veux suivre le plan de Dieu” (Chants pour les enfants, 8, 86–87). Envite timoun yo fè desen ki ale avèk pawòl sa yo. Mande yo pou yo itilize desen yo fè yo pou youn anseye lòt lòt verite ki nan chan sa yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Konsidere fason aprantisaj ki te fèt nan klas Primè w la kapab ankouraje, sipòte, oswa ranfòse sa timoun yo ap aprann lakay yo. Pa egzanp, ou ta gen dwa envite yo pou yo pataje paj aktivite semèn sa a avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Timoun aprann anpil fason. Timoun renmen aprann atravè nouvo eksperyans ki varye. Itilize aktivite ki ap pèmèt yo bouje, itilize tout sans yo, eksplore, ak eseye nouvo bagay. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 25–26.)