Ansyen Testaman 2022
10–16 Janvye. Jenèz 3–4; Moyiz 4–5: Chit Adan ak Èv la


“10–16 Janvye. Jenèz 3–4; Moyiz 4–5: Chit Adan ak Èv la,” Come Follow Me—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“10–16 Janvye. Jenèz 3–4; Moyiz 4–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Adan ak Èv k ap mache ansanm

Adan ak Èv, pa Douglas M. Fryer

10–16 Janvye.

Jenèz 3–4; Moyiz 4–5

Chit Adan ak Èv la

Panse a timoun w ap anseye yo pandan w ap etidye Jenèz 3–4 ak Moyiz 4–5la. Prete atansyon a ankourajman ak enpresyon w ap resevwa yo; yo ka mennen nan nouvo ide pou ansèyman.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Montre foto Adan ak Èv (gade nanplan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo), epi mande timoun yo pou yo kanpe pou yo pataje yon bagay yo wè nan foto a oubyen yon bagay yo sonje sou istwa sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Jenèz 3; Moyiz 4

Adan ak Èv te suiv plan Pè Selès la.

Ede timoun yo konprann sa ki te rive nan Jaden Edèn nan ak kijan sa te ede plan sali Bondye a akonpli. Ki benediksyon nou jwenn akozde chwa Adan ak Èv te fè yo?

Aktivite posib

  • Pou rezime istwa Chit Adan ak Èv la, itilize “Adam et Ève” (nan Histoires de l’Ansyen Testaman an). Ede timoun yo konprann ke chwa Adan ak Èv la pou yo manje fwi a te fè pati plan Pè Selès la.

  • Bay chak timoun yon foto ki reprezante yon bagay nan istwa Adan ak Èv la (tankou yon pyebwa, yon koulèv, yon jaden, oswa Jezikri). Mande yo pou yo leve foto yo a nan moman apwopriye a pandan w ap rakonte istwa a ak li gwoup mo ki nan Mozya 4yo. Paj aktivite semèn sa a kapab itil tou.

    Imaj
    Èv ki kenbe yon fwi

    Kite Edèn, foto Annie Henrie Nader

Moyiz 4:1–4

M ka chwazi bon bagay.

Nan Moyiz 4:3a, nou aprann ke Satan “chèche pou l detwi lib abit lòm, lib abit mwen menm Senyè Bondye a, m te bay lòm nan.” Kijan w ka ede timoun yo apresye kapasite pou yo chwazi ant byen ak mal la?

Aktivite posib

  • Pale timoun yo de kèk chwa ou te fè jodi a, epi ede yo reflechi sou chwa yo te fè. Li pou yo nan Mozya 4:3: “Libabit mwen menm Senyè Bondye a, m te bay lòm nan.” Eksplike ke vèsè sa a anseye nou ke Bondye ba nou kapasite pou nou fè chwa. Eksprime gratitid ou dèske w kapab chwazi sa ki byen, epi temwaye ke timoun yo ka chwazi fè sa ki byen tou.

  • Pataje kèk egzanp senp sou yon timoun ki ap fè yon bon chwa oswa yon move chwa, epi mande timoun yo pou yo endike si chwa a bon oubyen pa bon (yon ta gen dwa kanpe, leve pannkat, oubyen leve men yo). Rann temwayaj ou ke Pè Selès la ap ede nou chwazi bon bagay, epi envite timoun yo pou yo pataje santiman yo tou.

  • Ede timoun yo panse a bon chwa yo kapab fè pou yo suiv Jezikri. Chante ansanm yon kantik sou bon chwa, tankou “Choisir le bien” (Chants pour les enfants,82–83). Pale timoun yo de yon lè kote w te fè yon bon chwa, epi dekri kijan ou te santi w akoz chwa w la.

Moyiz 5:4, 8

Mwen ka priye Papa nou ki nan Syèl la.

Kisa timoun w ap anseye yo bezwen konnen sou lapriyè? Kisa w jwenn nan vèsè sa yo ki ka ede yo?

Aktivite posib

  • Li Moyiz 5:4 pou timoun yo. Ede yo konprann ke lè Adan ak Èv te kite Jaden Edèn nan, yo pa t ka avèk Papa nou ki nan Syèl la ankò, men yo te ka priye Li. Eksplike yo ke nou priye Papa nou ki nan Syèl la nan non Pitit Gason L lan, Jezikri (gade nan Moyiz 5:8). Ki bagay nou ka mande Pè Selès la nan priyè nou yo?

  • Mande timoun yo pou yo montre w kisa yo fè lè y ap priye. Ou ta kapab montre tou foto yon moun ki ap priye (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo 111–12) pou anseye yo ke bese tèt nou, kwaze bra nou, ak fèmen je nou ede nou gen reverans lè n ap priye.

  • Pataje yon eksperyans pèsonèl ou te fè avèk lapriyè oubyen temwayaj ou sou lapriyè. Chante avèk timoun yo yon chan sou lapriyè, tankou “La prière d‘un enfant” (Chants pour les enfants, 6–7).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jenèz 3; Moyiz 4; 5:10–11

Chit Adan ak Èv la te fè pati plan Bondye a.

Si Adan ak Èv te rete nan Jaden Edèn nan, yo pa tap fè pitit epi yo pa tap pwogrese pou yo te vin menm jan avèk Pè Selès la. Nou rekonesan pou chwa yo te fè pou yo manje fwi a paske chwa sa a te rann lavi mòtèl nou ak opòtinite pou nou gen lavi etènèl posib.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo travay ansanm pou yo rakonte istwa Chit Adan ak Èv la la nan pwòp mo pa yo. Pataje kèk vèsè nan Jenèz 3 pou ede yo.

  • Ede yo jwenn nan Moyiz 4:22–25, 29; 5:10–11 konsekans chwa Adan ak Èv pou yo te manje fwi a (gade tou 2 Nefi 2:19–25). Poukisa chwa yo a se yon benediksyon pou nou? Kijan Sovè a te ede nou ranpòte laviktwa sou peche ak lanmò?

Moyiz 4:1–4

Mwen gen pouvwa pou m chwazi.

Èske timoun w ap anseye yo rekonèt ki kado presye sa ye pou nou kapab chwazi ant byen ak mal? Kijan istwa Adan ak Èv la ka ede yo apresye kado sa a?

Aktivite posib

  • Panse a yon leson pratik senp tankou sa yo pral bay la a pou ilistre enpòtans pou nou fè pwòp chwa nou: Envite timoun yo pou yo kolore paj aktivite semèn sa a, men ba yo yon koulè sèlman pou yo itilize. Poukisa li t ap pi bon pou yo ta gen chwa nan sitiyasyon sa a? Li ansanm Moyiz 4:1–4 pou pale de rezon k fè chwa yo enpòtan nan plan Bondye a.

  • Envite timoun yo pou yo pataje yon eksperyans pèsonèl kote yo te oblije chwazi ant byen ak mal. Kite yo diskite sou konsekans posib pou chak chwa yo.

Moyiz 5:4–15

Akozde Jezikri, mwen ka repanti epi viv avèk Bondye ankò.

Papa nou ki nan Syèl la te voye Jezikri vin sekouri nou anba konsekans Chit la. Gras a sakrifis ekspyatwa L la, Jezi te rann li posib pou nou resisite apre nou mouri epi pou nou jwenn padon pou peche nou yo lè nou repanti.

Aktivite posib

  • Ekri de tit sou tablo a: Akozde Adan ak Èv ak Akozde Jezikri. Ede timoun yo idantifye konsekans Chit la pandan n ap li ansanm Moyiz 4:25; 6:48; Women 5:12; 2 Nefi 2:22–23. Fè yo ekri sa yo aprann anba premye tit la. Apre sa, ede yo idantifye kijan Jezikri te ranpòte laviktwa sou peche ak lanmò pandan n ap li ansanm Moyiz 5:8–11, 14–15; 6:59; Alma 11:42. Fè yo ekri sa yo aprann anba dezyèm tit la. Poukisa nou rekonesan pou Jezikri?

  • Pase yon video sou Sakrifis Ekspyatwa Sovè a, tankou “Grâce à lui” (ChurchofJesusChrist.org). Envite timoun yo pou yo di kijan yo santi yo apwopo Jezikri.

  • Kèlke jou alavans, mande plizyè timoun pou yo chwazi yon ekriti oubyen yon chan sou Ekspyasyon Sovè a pou yo pataje nan klas la. Ankouraje yo pou yo di poukisa yo renmen chan an. Chante youn oubyen plis chan ansanm.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje paj aktivite semèn sa a avèk fanmi yo epi pou yo pale de benediksyon nou genyen akozde Chit Adan ak Èv la.

Amelyore Ansèyman nou

Chèche pwòp enspirasyon pa w. Pa konsidere plan leson sa yo kòm enstriksyon ke w dwe suiv lè w ap anseye. Olyede sa, itilize yo kòm ide pou deklannche pwòp enspirasyon pa w pandan w ap reflechi sou bezwen timoun w ap anseye yo. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a,7.)