Ekriti yo
Moyiz 8


Chapit 8

(Fevriye 1831)

Metichèla pwofetize—Noye ak pitit gason l yo preche levanjil la—Gwo mechanste domine—Yo inyore apèl pou repantans lan—Bondye dekrete destriksyon tout kò fizik nan Delij la.

1 Epi tout jou Enòk yo te katsantrant ane.

2 Epi se te konsa, aMetichèla, pitit gason Enòk la pa t transpòte, pou alyans Senyè a te fè avèk Enòk la kapab akonpli; paske li te fè alyans avèk Enòk an verite pou Noye vin yon fwi ki sòti nan ren l.

3 Epi se te konsa, Metichèla te pwofetize, se nan ren li tout nasyon ki sou tè a pral soti (pa mwayen Noye), epi li te glorifye tèt li.

4 Epi te vin gen yon gwo famin nan peyi a, epi Senyè a te modi tè a ak yon move malediksyon, epi anpil nan abitan peyi a te mouri.

5 Epi se te konsa, Metichèla te viv sankatrevensèt ane epi l te fè Lemèk;

6 Epi Metichèla te viv sankatrevende ane apre l te fin fè Lemèk, epi l te fè pitit gason ak pitit fi;

7 Epi tout jou Metichèla yo te nèfsanswasantnèf ane, epi l te mouri.

8 Epi Lemèk te viv sankatrevende ane, epi l te fè yon pitit gason,

9 Epi l te rele non l aNoye, epi l te di: Pitit gason sa a pral rekonfòte nou anba travay nou ak mizè men n ap pase, poutèt tè a Senyè a te bmodi a.

10 Epi Lemèk te viv senksankatrevenkenz ane apre l te fin fè Noye, epi l te fè pitit gason ak pitit fi;

11 Epi tout jou Lemèk yo te sètsanswasanndisèt ane, epi l te mouri.

12 Epi Noye te gen katsansenkant ane, epi l te a Jafèt; epi karanndezan apre sa, li te fè bSèm avèk menm moun ki te manman Jafèt la, epi lè l te gen senksan ane li te fè cKam.

13 Epi aNoye ak pitit gason l yo te bkoute Senyè a, epi yo te pote atansyon, epi yo te pote non cpitit Bondye.

14 Epi lè moun sa yo te kòmanse miltipliye sou fas tè a, epi yo te fè pitit fi, apitit lèzòm yo te wè pitit fi sa yo te bèl, epi yo te chwazi pou marye avèk yo.

15 Epi Senyè a te di Noye: Pitit fi pitit gason ou yo avann tèt yo; paske gade kòlè m limen kont pitit gason lèzòm yo, paske yo pa vle koute vwa m.

16 Epi se te konsa, Noye te pwofetize, epi l te preche pawòl Bondye jan l te ye depi nan kòmansman an.

17 Epi Senyè a te di Noye: Lespri m p ap toujou alite avèk lòm, paske lòm pral konnen tout b fizik pral mouri; men li pral viv sanventan; epi si lòm pa repanti, m ap voye cdelij la sou yo.

18 Epi nan epòk sa yo te gen ajeyan sou tè a, epi yo chèche Noye pou yo touye l; men, Senyè a te avèk Noye epi bpouvwa Senyè a te sou li.

19 Epi Senyè a te aòdone bNoye daprè pwòp clòd pa l, epi l te kòmande l pou l ale ddeklare piti lèzòm yo Levanjil li a, menm jan Enòk te resevwa l la.

20 Epi se te konsa, Noye te rele pitit lèzòm pou yo arepanti; men, yo pa t koute pawòl li yo;

21 Epi tou, apre yo te fin tande l, yo te vini devan l epi yo te di: Gade, nou se pitit Bondye; èske nou pa pran pitit fi lèzòm yo pou tèt pa nou? Epi èske nou pa amanje, marye epi fè maryaj? Epi madanm nou yo fè pitit pou nou, epi pitit nou yo se gason vanyan, ki tankou moun ansyen tan yo, gason ki gen gran renome. Epi yo pa t koute pawòl Noye yo.

22 Epi Bondye te wè amechanste lèzòm vin anpil sou tè a; epi chak moun te leve tèt li nan bimajinasyon ak panse kè li, paske yo te move tout tan.

23 Epi se te konsa, Noye te kontinye apredikasyon li a devan pèp li a, li te di: Koute epi fè atansyon ak pawòl mwen yo;

24 aKwè epi repanti pou peche nou yo epi bbatize nan non Jezikri, Pitit Gason Bondye a, menm jan avèk zansèt nou yo, epi n ap resevwa don Sentespri a, pou tout bagay kapab cmanifeste devan nou; epi si nou pa fè sa, delij la ap vin monte sou nou; malgre sa, yo pa t koute.

25 Epi sa te fè Noye repanti, epi kè l te fè l mal paske Senyè a te fè lòm sou tè a, sa te blese kè l.

26 Epi Senyè a te di: M ap adetwi lòm m te fè a, sou fas tè a, ni lòm ak bèt yo, ak bagay ki ranpe yo, ak volay yo ki anlè a; paske sa te fè Noye repanti paske m te kreye yo, epi m te fè yo; epi li te priye m; paske yo te chèche touye l.

27 Epi se konsa Noye te jwenn alagras devan je Senyè a; paske Noye te yon moun ki jis, epi l te bpafè nan jenerasyon li a; epi l te cmache avèk Bondye menm jan twa pitit gason li yo Sèm, Kam, ak Jafèt te fè a.

28 Tè a te akòwonpi devan Bondye, epi l te ranpli avèk vyolans.

29 Bondye te gade tè a, epi gade, li te kòwonpi, paske tout kò fizik te kòwonpi nati yo sou tè a.

30 Epi Bondye te di Noye: Lafen tout kò fizik vini devan mwen, paske tè a ranpli avèk vyolans, epi gade, m ap adetwi tout kò fizik sou tè a.