Èd pou Etid
Entwodiksyon


Seleksyon ki soti nan Tradiksyon Joseph Smith te fè nan Bib la

Men kèk pòsyon ki te seleksyone nan tradiksyon Bib Vèsyon Wa Jak la Joseph Smith te fè a (TJS). Senyè a te enspire Pwofèt Joseph Smith pou retabli verite nan tèks ki nan vèsyon Wa Jak Bib la ki te vin pèdi oubyen chanje depi lè pawòl orijinal yo te ekri. Verite retabli sa yo klarifye doktrin epi yo amelyore konpreyansyon moun ki li ekriti yo.

Paske Senyè a te revele Joseph kèk verite otè orijinal yo te deja anrejistre, Tradiksyon Joseph Smith la pa tankou okenn lòt tradiksyon biblik nan mond lan. Nan sans sa a, mo tradiksyon an itilize nan yon fason ki pi laj epi diferan pase fason abityèl yo, paske tradiksyon Joseph la te plis yon revelasyon pase yon tradiksyon literal soti nan yon lang al nan yon lòt.

Tradiksyon Bib Wa Jak la Joseph Smith te fè a gen koneksyon oubyen mansyone nan plizyè seksyon Doktrin ak Alyans yo (gade seksyon 37, 45, 73, 76, 77, 86, 91, ak 132). Epitou, liv Moyiz la ak Joseph Smith—Matye a se ekstrè ki soti nan Tradiksyon Joseph Smith la.

Pou plis enfòmasyon konsènan Tradiksyon Joseph Smith la, gade nan “Tradiksyon Joseph Smith (TJS)” nan Gid Ekriti yo.

Ilistrasyon suivan an montre yon egzanp seleksyon ki soti nan Tradiksyon Joseph Smith la:

Imaj
egzanp

TJS, Matye 4:1, 5–6, 8–9. Konpare avèk Matye 4:1, 5–6, 8–9; kèk chanjman sanblab te fèt nan Lik 4:2, 5–11

Se Lespri a ki te dirije Jezi, se pa t Satan.

1 Apre sa, Lespri a te dirije Jezi al nan dezè a, pou l te kapab avèk Bondye.

5 Apre sa, Lespri a te leve Jezi al nan vil sen an, epi Lespri a te mete l sou pwent flèch tanp la.

6 Lè sa a, dyab la te vin kote l, epi l te di l konsa, Si w se Pitit Gason Bondye a, lage kò w anba, paske ekriti yo te di: Li t ap pase zanj li yo lòd pou yo responsab ou, epi y ap pote w nan men yo, pou nan nenpòt moman ou pa ta frape pye w nan yon wòch.

8 Epi ankò, Lespri ki te nan Jezi a te pote l monte sou yon mòn ki te wo anpil, epi li te montre l tout wayòm yo mond lan te genyen ak laglwa yo.

9 Epi dyab la te vin kote l ankò, epi l te di konsa, M ap ba w tout bagay sa yo, si w bese pou w adore m.

Referans sa a ki ekri an fonse a se pasaj nan Tradiksyon Joseph Smith te fè nan vèsyon Bib Wa Jak la. Paske tradiksyon l la retabli pawòl ki nan tèks biblik la, vèsè yo kapab diferan avèk edisyon w ap itilize a.

Referans sa a endike pasaj nan Bib nou an nou ta dwe konpare avèk tradiksyon Joseph Smith la.

Fraz sa a eksplike ki doktrin Joseph Smith te klarifye avèk tradiksyon l lan.

Sa a se tèks la jan Joseph Smith te tradui l la. (Yo ajoute italik pou montre diferans ant pawòl yo ki nan vèsyon Wa Jak la.)