Èd pou Etid
TJS, 1 Samyèl 16


TJS, 1 Samyèl 16:14–16, 23. Konpare avèk 1 Samyèl 16:14–16, 23; kèk chanjman sanblab te fèt nan 1 Samyèl 18:10 ak 19:9

Move lespri ki vini sou Sayil la pa soti nan Senyè a.

14 Men Lespri Senyè a te kite Sayil, epi yon lespri satanik ki pa t soti nan Senyè a te twouble l.

15 Epi sèvitè Sayil yo te di l konsa, Reyèlman, kounyeya, yon lespri satanik ki pa t soti nan Bondye ap twouble w.

16 Kounyeya kite Senyè nou an pase sèvitè w yo lòd ki devan w, pou y al chèche yon nonm ki konn jwe hap byen; epi se pral konsa, lè lespri satanik la ki pa soti nan Bondye a sou ou, nonm nan ap jwe avèk men l epi w ap santi w byen.

23 Epi se te konsa, lè lespri satanik la ki pa t soti nan Bondye a te sou Sayil, David te pran yon hap, epi l te jwe avèk men l; konsa, Sayil te vin rafrechi, epi l te santi l byen, epi lespri satanik la te soti nan li.