Èd pou Etid
TJS, Galat 3


TJS, Galat 3:19–20. Konpare avèk Galat 3:19–20

Moyiz se medyatè premye alyans lan, oubyen lalwa a. Jezikri se medyatè nouvo alyans lan.

19 Se sa ki fè, lè sa a lwa a te ajoute poutèt transgresyon, jistan semans la te kapab vini pou moun ki te resevwa pwomès la nan lwa Moyiz la, ki te òdone anba men zanj kòm medyatè premye alyans la, (lwa a.)

20 Kounyeya, medyatè sa a pa t medyatè nouvo alyans lan; men gen yon medyatè pou premye alyans lan ki se Kris la, jan sa ekri nan lwa konsènan pwomès Abraram ak desandan l yo te resevwa a. Kounyeya, Kris la se medyatè lavi; paske se pwomès sa Bondye te fè Abraram.