Èd pou Etid
TJS, 1 Kwonik 21


TJS, 1 Kwonik 21:15. Konpare avèk 1 Kwonik 21:15

Bondye anpeche yon zanj detwi Jerizalèm.

15 Epi Bondye voye yon zanj nan Jerizalèm pou detwi li. Epi zanj la lonje men l sou Jerizalèm pou detwi li; epi Bondye di zanj lan, Sispann, kenbe men w, sa sifi; paske pandan l t ap detwi l la, Senyè a te wè Izrayèl, li te wè yo repanti pou mal la; se poutèt sa, Senyè a te rete zanj lan ki t ap detwi a, pandan l te kanpe toupre glasi Onan, moun lavil Jebis la.