Èd pou Etid
TJS, 2 Pyè 3


TJS, 2 Pyè 3:3–13. Konpare avèk 2 Pyè 3:3–13

Nan dènye jou yo, anpil moun pral nye Senyè Jezikri. Lè l vini, anpil kalamite natirèl pral rive. Si nou andire nan lajistis, n ap resevwa yon nouvo tè.

3 Konnen anvan tou, ke nan dènye jou yo pral gen moun ki mokè, ki pral mache selon pwòp konvwatiz yo.

4 Y ap nye Senyè a, Jezikri, epi y ap di, Kote pwomès ki di l ap vini an? Paske, depi zansèt yo mouri, tout bagay dwe kontinye jan yo ye a, epi yo te kontinye jan yo ye a depi nan kòmansman kreyasyon an.

5 Poutèt sa yo volontèman inyore ke, nan ansyen tan yo, syèl yo, ak tè a ki te soti nan dlo a epi ki fòme apati dlo a, yo te kreye pa pawòl Bondye;

6 Epi pa pawòl Bondye a, mond lan ki te kreye lè sa a, te peri, inonde anba dlo;

7 Men syèl yo, ak tè a ki egziste kounyea, rezève pa menm pawòl la, prezève pou dife pou jou jijman ak pèdisyon moun ki san Bondye yo.

8 Men, konsènan vini Senyè a, byeneme, mwen pa ta renmen nou inyore grenn bagay sa a, ke yon jou pou Senyè a se tankou mil ane, epi mil ane se tankou yon jou.

9 Senyè a pa pran reta pou kenbe pwomès li ak vini l lan, jan kèk moun panse a; men, se pasyans l ap pran avèk nou, paske li pa ta renmen okenn moun peri, men li ta renmen pou nou tout repanti.

10 Men jou Senyè a ap vini sou nou tankou yon vòlè nan mitan lannuit, jou sa a syèl yo pral sekwe, epi tè a pral tranble tou, epi mòn yo pral fonn, epi disparèt nan yon gwo bri, epi eleman yo pral ranpli avèk yon gwo chalè; tè a pral ranpli tou, epi move zèv ki ladan l yo pral boule nèt.

11 Puiske tout bagay sa yo pral detwi, ki kalite moun nou dwe ye nan konpòtman sentete avèk pyete,

12 K ap tann epi prepare pou jou Senyè a ap vini an, kote bagay koriptib syèl yo pral pran dife, pral detwi, epi mòn yo pral fonn anba gwo dife a?

13 Men, si nou pèsevere, nou va sove selon pwomès li. Epi nou pral wè yon nouvo syèl, ak yon nouvo tè kote lajistis pral abite.