Ekriti yo
Etè 15


Chapit 15

Anpil milyon Jaredit mouri nan batay la—Chiz ak Koryantoumr rasanble tout pèp la pou yo mouri nan batay—Lespri Senyè a sispann lite avèk lèzòm—Nasyon Jaredit la detwi nèt—Koryantoumr sèlman rete.

1 Epi, se te konsa, lè blese Koryantoumr yo te geri, li te kòmanse sonje apawòl Etè te di l yo.

2 Li te wè prèske de milyon moun nan pami pèp li a pase anba epe; epi li te kòmanse regrèt nan kè l; wi de milyon gason fò te mouri avèk madanm yo epi avèk pitit yo.

3 Li te kòmanse repanti nan peche l yo; li te kòmanse sonje pawòl ki te soti nan bouch tout pwofèt yo, epi li te wè yo akonpli, san manke mòso; nanm li te lamante, epi li te refize rekonfòte.

4 Epi, se te konsa, li te ekri Chiz yon epit; li te vle pou Chiz epaye l, epi li te vle bay wayòm nan pou sove lavi pèp la.

5 Epi, se te konsa, lè Chiz te resevwa epit li a, li te ekri Koryantoumr yon epit, si Koryantoumr te vle livre tèt li pou l touye l avèk epe pa l, l ap epaye pèp la.

6 Epi, se te konsa, pèp la pa t repanti nan inikite yo; epi pèp Koryantoumr nan te leve nan kòlè kont pèp Chiz la; epi pèp Chiz la te leve nan kòlè kont pèp Koryantoumr nan; se poutèt sa, pèp Chiz la te goumen avèk pèp Koryantoumr nan.

7 Epi, lè Koryantoumr te wè li ta pral tonbe, li te kouri ankò devan pèp Chiz la.

8 Epi, se te konsa, li te rive nan dlo Ripliyankòm nan, ki vle di li gran, oubyen li plis pase tout lòt; lè yo te rive bò dlo sa a, yo te plante tant yo, epi Chiz te plante tant li bò kote yo tou, epi nan demen yo te vin goumen.

9 Epi, se te konsa, yo te mare yon batay ki te rèd anpil; nan batay la, Koryantoumr te blese ankò, epi li te pèdi konesans paske li te pèdi san.

10 Epi, se te konsa, lame Koryantoumr yo te mache an-avan sou lame Chiz yo; lame Koryantoumr yo te bat yo, epi yo te kouri devan yo; yo te kouri al nan sid, epi yo te plante tant yo yon kote ki te rele Ogat.

11 Epi, se te konsa, lame Koryantoumr yo plante tant yo bò kolin Rama a; epi se te nan menm kolin kote papa m, Mòmon te akache rejis sakre yo nan Senyè a.

12 Epi, se te konsa, yo te rasanble ansanm, tout moun ki pa t mouri nan tout peyi a, eksepte Etè.

13 Epi, se te konsa, Etè te wè tout zak pèp la; li te wè moun ki te pou Koryantoumr yo rasanble nan lame Koryantoumr, epi moun yo ki te pou Chiz te rasanble ansanm nan lame Chiz.

14 Yo te rasanble pèp la pandan katran, pou yo te kapab mete tout moun ki te nan peyi a ansanm, epi pou yo te kapab resevwa tout fòs ki ta posib pou yo resevwa.

15 Epi, se te konsa, lè yo tout te rasanble ansanm, chak moun nan lame li te vle a, avèk madanm yo epi avèk pitit yo—ni gason, ni fi, ak timoun te pote zam pou lagè, yo te gen boukliye, akiras, ak kas, yo te gen inifòm pou lagè—yo te mache yonn kont lòt pou yo goumen; yo te goumen tout jou sa a, epi yo pa t gen viktwa.

16 Epi, se te konsa, lè l te nan nuit, yo te fatige, epi yo te antre nan kan yo; lè yo te fin antre nan kan yo, yo te tèlman rele, plenyen, lè a te gwonde anpil.

17 Epi, se te konsa, nan demen, yo ta l batay ankò, jou sa a te gran, epi li te terib; men, yo pa t gen viktwa, epi lè l te nan nuit ankò, yo te souke lè a avèk kriye, avèk plenyen epi avèk lamantasyon poutèt moun ki te mouri yo.

18 Epi, se te konsa, Koryantoumr te ekri Chiz yon lèt ankò, li te mande l pou l pa t vin batay ankò, men pou l pran wayòm nan, epi pou l epaye lavi pèp la.

19 Men, Lespri Senyè a te sispann lite avèk yo, epi aSatan te gen pouvwa total sou kè pèp la; paske, yo te lage kò yo nan kè di, yo te fè panse yo avèg pou yo te kapab detwi; se poutèt sa yo t al goumen ankò.

20 Epi, se te konsa, yo te goumen tout jou sa a, epi lè l te nan nuit, yo te kouche sou epe yo.

21 Epi, nan demen, yo te goumen jistan l te nan nuit.

22 Lè l te nan nuit, yo te asoule anba kòlè, tankou yon nonm ki te soule anba diven; epi yo te kouche sou epe yo ankò.

23 Nan demen, yo te goumen ankò, epi lè l te nan nuit, yo tout te tonbe anba epe, eksepte senkant-de nan pèp Koryantoumr nan ak swasant-nèf nan pèp Chiz la.

24 Epi, se te konsa, yo te kouche sou epe yo nan nuit sa a, epi nan demen, yo te goumen ankò, epi yo goumen avèk fòs, avèk epe yo epi avèk boukliye yo tout jou sa a.

25 Lè l te nan nuit, te gen trann-de nan pèp Chiz la ak vennsèt nan pèp Koryantoumr nan.

26 Epi, se te konsa, yo te manje, epi yo te kouche, epi yo te pare pou lanmò demen. Yo te gwo moun plen fòs, daprè fòs lèzòm.

27 Epi, se te konsa, yo te goumen pou twa zè, epi yo te endispoze paske yo te pèdi san.

28 Epi, se te konsa, lè moun pa Koryantoumr yo te gen ase fòs pou yo mache, yo ta pral kouri pou yo sove lavi yo; men, Chiz te leve avèk moun li yo, epi li te fè sèman avèk kòlè pou l touye Koryantoumr oubyen pou l peri anba epe.

29 Se poutèt sa, li te suiv yo, epi nan demen li te jwenn yo, epi yo te goumen ankò avèk epe. Epi, se te konsa, lè yo atout te fin tonbe anba epe, eksepte Koryantoumr ak Chiz, Chiz te endispoze paske l te pèdi san.

30 Epi, se te konsa, lè Koryantoumr te fin apiye sou epe l pou l pran yon ti repo, li te koupe tèt Chiz.

31 Epi, se te konsa, lè l te fin koupe tèt Chiz, Chiz te leve sou de men l, epi l te tonbe; epi lè l te fin fòse pou l respire, li te mouri.

32 Epi, se te konsa, aKoryantoumr te tonbe atè, epi li te vin kòmsi l te san lavi.

33 Epi Senyè a te pale avèk Etè, epi li te di l: ale; li t ale epi li te wè pawòl Senyè a yo te akonpli; li fini aistwa li a; (epi m pa ekri yon santyèm pati ladan l) epi li te sere yo jan pèp Limi an te jwenn yo a.

34 Men dènye pawòl aEtè te ekri: Menm si Senyè a vle transfòme kò m, oubyen si l vle m fè volonte l nan kò fizik sa a, sa p ap deranje m, depi m sove nan wayòm Bondye a. Amèn.