Ekriti yo
Etè 7


Chapit 7

Oriya gouvène nan lajistis—Nan koken ak lobo, de wayòm opoze Choul ak Koyò te tabli—Pwofèt yo kondane mechanste ak idolatri pèp la, pèp la repanti apre sa.

1 Epi, se te konsa, Oriya te egzekite jijman nan peyi a avèk lajistis pou tout lavi l, ki te long anpil.

2 Epi li te fè pitit gason ak pitit fi; wi, li fè tranteyen, epi nan pami yo te gen venntwa gason.

3 Epi, se te konsa tou, li te fè Kib lè l te fin granmoun; epi, se te konsa, Kib te gouvène nan plas li, epi Kib te fè Kòriyò.

4 Lè Kòriyò te gen trann-de zan, li te revòlte kont papa l, epi li t al rete nan peyi Neyò a; li te fè pitit gason ak pitit fi, epi yo te vin bèl anpil; se poutèt sa, Kòriyò te rale anpil moun dèyè l.

5 Lè l te fin rasanble yon lame, li te monte nan peyi Mowon kote wa a te rete a epi li te arete l; sa te fè apawòl frè Jarèd la akonpli, lè l te di konsa yo t ap tonbe nan kaptivite a.

6 Peyi Mowon an, kote wa a te rete a te pre kote Nefit yo te rele Dezolasyon an.

7 Epi, se te konsa, Kib te rete nan prizon, epi pèp li a te anba men Kòriyò, pitit gason li a, jistan Kib te vin granmoun anpil; men, kib te fè Choul lè l te granmoun, pandan l te nan prizon an.

8 Epi, se te konsa, Choul te fache kont frè l la; Choul te vin grandi, epi li te vin fò daprè fòs yon nonm; epi tou, li te entèlijan anpil.

9 Se poutèt sa, li te monte sou kolin Efrayim nan, li te fann nan tèt kolin nan, epi li te fè epe avèk metal pou moun li te pran avèk li yo; lè l te fin ba yo epe, li te retounen nan vil Neyò a, epi li te goumen avèk frè l la, Kòriyò; konsa, li te pran wayòm nan, epi li te remèt li bay papa l, Kib.

10 Poutèt sa Choul te fè a, papa l te ba l wayòm nan; se poutèt sa li te kòmanse gouvène nan plas papa l.

11 Epi, se te konsa, li te egzekite jijman avèk lajistis; li te laji wayòm li nan tout peyi a, paske pèp la te vin tèlman anpil.

12 Epi, se te konsa tou, Choul te fè anpil pitit gason ak pitit fi.

13 Kòriyò te repanti nan pakèt move bagay li te fè yo; se poutèt sa, Choul te ba l pouvwa nan wayòm li a.

14 Epi, se te konsa, Kòriyò te gen anpil pitit gason ak pitit fi; epi nan pami pitit gason Kòriyò yo, te gen youn ki te rele Noye.

15 Epi, se te konsa, Noye te revòlte kont Choul, wa a, epi tou kont papa l, Kòriyò, epi li te pran Koyò, frè l la avèk li ak anpil moun nan pèp la.

16 Li te goumen avèk Choul, wa a; nan batay la, li te pran premye tè yo te eritye a; epi li te vin tounen wa nan pati tè sa a.

17 Epi, se te konsa, li te goumen avèk Choul, wa a ankò; li te pran Choul, wa a, li te mennen l nan kaptivite nan Mowon.

18 Epi, se te konsa, pandan l ta pral touye l, pitit gason Choul yo te glise lakay Noye nan nuit, yo te touye Noye, yo te kraze pòt prizon an, yo te mete papa yo deyò, epi yo te mete l sou twòn li nan wayòm li a.

19 Pitit gason Noye a te konstwi wayòm nan nan plas li; men, yo pa t gen pouvwa ankò sou Choul, wa a; epi pèp ki te sou lòd Choul la, wa a, te pwospere anpil, epi yo te vin fò.

20 Peyi a te divize; te gen de wayòm, wayòm Choul la, ak wayòm Koyò, pitit gason Noye a.

21 Koyò, pitit gason Noye a, te fè pèp li a goumen avèk pèp Choul la; nan batay la, Choul te bat yo, epi li te touye Koyò.

22 Koyò te gen yon pitit gason ki te rele Nimròd; Nimròd te remèt wayòm Koyò a nan men Choul; epi Choul te favorize l; se poutèt sa, Choul te fè l anpil favè, epi li te fè sa l vle nan wayòm Choul la.

23 Sou gouvènman Choul la, te gen pwofèt ki te vini nan pami pèp la. Senyè a te voye yo pwofetize konsènan mechanste ak aidolatri pèp la ki te mete yon malediksyon nan peyi a, epi yo te gen pou yo detwi si yo pa repanti.

24 Epi, se te konsa, pèp la te revòlte kont pwofèt yo, pèp la te moke yo, epi se te konsa, wa Choul te egzekite jijman kont tout moun ki te revòlte kont pwofèt yo.

25 Epi, li te egzekite lalwa nan tout peyi a, ki te bay pwofèt yo pouvwa pou yo kapab ale nenpòt kote yo te vle; konsa, yo te mennen pèp la nan repantans.

26 Poutèt pèp la te repanti nan inikite ak idolatri, Senyè a te epaye yo, epi yo te kòmanse pwospere nan peyi a ankò. Epi, Choul te fè pitit gason ak pitit fi pandan l te granmoun.

27 Pa t gen lagè ankò nan epòk Choul la; epi li te sonje gwo bagay Senyè a te fè pou zansèt li yo, lè l te fè yo atravèse gwo lanmè fon an pou yo vin nan tè pwomiz la; se poutèt sa, li te egzekite jijman avèk lajistis nan tout epòk li a.