Ekriti yo
Etè 11


Chapit 11

Lagè, divizyon ak mechanste domine lavi Jaredit yo—Pwofèt yo pwofetize destriksyon total Jaredit yo si yo pa repanti—Pèp la rejte pawòl pwofèt yo.

1 Nan epòk Kòm nan, te gen anpil pwofèt ki te vin pwofetize destriksyon gran pèp sa a si yo pa repanti, epi si yo pa tounen vin jwenn Senyè a, si yo pa abandone asasina ak mechanste yo.

2 Epi, se te konsa, pèp la te rejte pwofèt yo, epi yo te kouri al jwenn Kòm pou pwoteksyon, paske pèp la t ap chèche touye yo.

3 Yo te pwofetize anpil bagay bay Kòm; epi li te beni nan tout rès lavi l.

4 Li te viv jistan l te gen bon laj avanse, epi li te fè Chiblòm; epi Chiblòm te gouvène nan plas li. Frè Chiblòm nan te revòlte kont li, epi te kòmanse gen yon gwo lagè nan tout peyi a.

5 Epi, se te konsa, frè Chiblòm nan te fè touye tout pwofèt ki te pwofetize destriksyon peyi a;

6 Te gen gwo kalamite nan tout peyi a, paske yo te temwaye te gen yon gwo malediksyon ki t ap tonbe sou peyi a, ak pèp la, epi t ap gen yon gwo destriksyon nan pami yo, yon kalite destriksyon moun pa t janm wè sou sifas tè a, epi zo yo t ap fè tankou apil tè sou sifas peyi a, si yo pa repanti soti nan mechanste yo.

7 Epi yo pa t koute Senyè a, poutèt konbinezon mechan yo; se poutèt sa, te kòmanse gen lagè ak chirepit nan tout peyi a, epi te tèlman gen anpil famin ak lapès, te gen yon gran destriksyon, yon kalite destriksyon moun pa t janm wè sou sifas tè a, epi tout bagay sa yo te pase sou gouvènman Chiblòm nan.

8 Epi, pèp la te tèlman kòmanse repanti nan inikite yo, Senyè a te gen amizèrikòd pou yo.

9 Epi, se te konsa, yo te touye Chiblòm; yo te mennen Sèt nan kaptivite, epi li rete nan kaptivite pou tout lavi l.

10 Epi, se te konsa, pitit gason li a, Aha te resevwa wayòm nan, epi li gouvènen pèp la pou tout lavi l. Li te fè tout kalite inikite pandan l t ap viv; li te fè anpil san koule; epi li pa t viv lontan.

11 Epi, Etèm ki te yon desandan Aha, te resevwa wayòm nan; epi li menm tou, li te fè sa ki pa t bon nan lavi l.

12 Epi, se te konsa, nan epòk Etèm nan, te gen yon pakèt pwofèt ki te vin pwofetize pèp la ankò; wi, yo te pwofetize Senyè a t ap detwi pèp la sou sifas tè a si yo pa repanti nan inikite yo.

13 Epi, se te konsa, pèp la te fè kè di, yo pa t vle akoute pawòl yo; pwofèt yo te lamante, epi yo te wete kò yo nan pami pèp la.

14 Epi, se te konsa, Etèm te egzekite jijman nan mechanste pandan tout lavi l; epi li te fè Mowon. Epi, se te konsa, Mowon te gouvène nan plas li, epi Mowon te fè sa ki mal devan Senyè a.

15 Epi, se te konsa, yon arebelyon te leve nan pami pèp la poutèt konbinezon ansekrè a ki te monte pou l pran pouvwa avèk pwofi; te gen yon nonm fò ki te leve nan inikite nan pami yo, epi li te goumen avèk Mowon; nan batay la, li te pran mwatye nan wayòm nan, epi li te kenbe mwatye wayòm nan pou anpil ane.

16 Epi, se te konsa, Mowon te chavire l, epi Mowon te pran wayòm nan ankò.

17 Epi, se te konsa, yon lòt nonm fò te leve; se te yon desandan frè Jarèd la.

18 Epi, se te konsa, li te chavire Mowon, epi li te pran wayòm nan; se poutèt sa, Mowon te rete nan kaptivite pandan tout rès lavi l, epi li te fè Koryantò.

19 Epi, se te konsa, Koryantò pase tout lavi l nan kaptivite.

20 Nan epòk Koryantò a, anpil pwofèt te vin pwofetize anpil gwo bagay; yo te kriye repantans nan pye pèp la pou fè konnen si yo pa repanti, Senyè Bondye a ap egzekite ajijman kont yo, jistan l detwi yo nèt.

21 Epi, Senyè Bondye a ap voye yon alòt pèp pou posede peyi a, avèk pouvwa l, menm jan l te mennen zansèt Jaredit yo.

22 Yo te rejte tout pawòl pwofèt yo poutèt sosyete sekrè ak abominasyon moun mechan yo.

23 Epi, se te konsa, Koryantò te fè aEtè, epi Koryantò te mouri apre l te fin pase tout lavi l nan kaptivite.