Ekriti yo
Etè 14


Chapit 14

Inikite pèp la mennen yon malediksyon nan peyi a—Koryantoumr angaje lagè kont Galaad, epi kont Lib, epi kont Chiz—San ak masak kouvri peyi a.

1 Kounyeya, te kòmanse gen yon gwo amalediksyon nan tout peyi a akoz inikite pèp la, ki fè, si yon nonm ta depoze zouti l oubyen epe l sou etajè l, oubyen nenpòt kote li ta kite l, nan demen, li pa t kapab jwenn li, tèlman malediksyon nan peyi a te fò.

2 Se poutèt sa chak moun te sere sa ki te pou yo anba men yo, epi yo pa t vle prete nan men lòt moun, ni tou yo pa t vle prete lòt moun zafè pa yo; epi chak moun te kenbe manch epe yo nan men dwat yo, pou yo defann zafè yo, lavi yo, lavi madanm yo ak lavi pitit yo.

3 Apre dezan te fin pase, epi apre lanmò Charèd, frè Charèd la te leve, li te goumen avèk Koryantoumr; nan batay la, Koryantoumr te bat li, epi li te kouri dèyè l nan dezè Akich la.

4 Epi, se te konsa, frè Charèd la goumen avèk li nan dezè Akich la, batay la te move anpil, epi anpil milye moun te tonbe anba epe.

5 Epi, se te konsa, Koryantoumr te anvayi dezè a; frè Charèd la te soti nan nuit, epi li te touye yon pati nan lame Koryantoumr nan pandan yo te sou.

6 Li t ale nan peyi Mowon an, epi li te chita nan twòn Koryantoumr nan.

7 Epi, se te konsa, Koryantoumr te rete nan dezè a avèk lame li a pou dezan, pandan dezan sa a, lame li a te pran anpil fòs.

8 Frè Charèd la ki te rele Galaad, te jwenn anpil fòs pou lame li a tou anba konbinezon sekrè.

9 Epi, se te konsa, gran prèt li a te touye l pandan l te chita nan twòn li a.

10 Epi, se te konsa, yon moun nan konbinezon sekrè li yo touye l nan yon pasaj sekrè, epi li pran wayòm nan pou tèt pa l; li te rele Lib; epi Lib te yon gwo nonm, li te pi gwo pase tout moun nan pèp la.

11 Epi, se te konsa, nan premye ane Lib la, Koryantoumr te monte nan peyi Mowon an, epi li te batay avèk lib.

12 Epi, se te konsa, li te goumen avèk Lib; nan batay la, Lib te frape l nan ponyèt, epi l te blese; men, lame Koryantoumr nan te mache an-avan sou Lib, epi Lib te kouri al nan fwontyè bò rivaj lanmè a.

13 Epi, se te konsa, Koryantoumr te kouri dèyè l, epi Lib te goumen avèk li bò rivaj lanmè a.

14 Epi, se te konsa, Lib te bat lame Koryantoumr nan, epi yo te kouri al nan dezè Akich la.

15 Epi, se te konsa, Lib te kouri dèyè l jistan l te rive nan plèn Agoch la. Koryantoumr te pran tout pèp la avèk li pandan l t ap kouri devan Lib nan zòn li t ap kouri a.

16 Lè l t ale nan plèn Agoch la, li te goumen avèk Lib, li te bat Lib jistan Lib te mouri; men, frè Lib la te vini kont Koryantoumr menm kote a, epi batay la te vin move anpil; epi Koryantoumr te kouri ankò devan lame frè Lib la.

17 Frè Lib la te rele Chiz. Epi, se te konsa, Chiz te kouri dèyè Koryantoumr, li te pran anpil vil, li te touye ni fi, ak timoun yo, epi li te boule vil yo.

18 Tout moun nan peyi a te pè Chiz; wi, tout moun nan peyi a t ap pale pawòl la—Kiyès ki kapab kanpe devan lame Chiz la? Li bale tè a devan l!

19 Epi, se te konsa, pèp la te kòmanse fè pil pou mete ansanm avèk lame Chiz yo nan tout peyi a.

20 Yo te divize; yon pati ladan yo te kouri al jwenn lame Chiz la, epi yon pati t al jwenn lame Koryantoumr nan.

21 Lagè a te tèlman gwo, li te tèlman dire lontan, epi sèn piblik san ak masak te tèlman long, tout peyi a te kouvri avèk a moun mouri.

22 Lagè a te tèlman fè domaj, epi li te tèlman rapid, pa t gen pèsonn dèyè pou antere mò yo; men, yo te mache nan yon masak youn apre lòt, yo te kite kadav gason, fi ak timoun yo pouri sou tè a, pou yo kapab vin tounen nouriti pou avèmin kò.

23 Epi, sant la te monte nan peyi a, menm nan tout peyi a; se poutèt sa, pèp la te gen pwoblèm lajounen ak nan nuit poutèt sant la.

24 Men, Chiz pa t sispan suiv Koryantoumr; paske li te fè sèman pou l vanje san frè l la ki te mouri a sou Koryantoumr, epi pawòl Senyè a te fè Etè konnen Koryantoumr pa t ap mouri anba epe.

25 Konsa, nou wè Senyè a te vizite yo nan totalite kòlè li, epi mechanste yo ak abominasyon yo te pare yon chemen pou destriksyon etènèl yo.

26 Epi, se te konsa, Chiz te suiv Koryantoumr nan direksyon lès, jouk nan fwontyè bò rivaj lanmè a, epi li goumen kote sa a avèk Chiz pou twa jou.

27 Destriksyon nan lame Chiz la te tèlman terib, pèp la te kòmanse pè, epi yo te kòmanse kouri devan lame Koryantoumr nan; yo te kouri al nan peyi Kòriyò a, epi yo te bale pèp la devan yo, tout moun ki pa t vle mete ansanm avèk yo.

28 Yo te plante tant yo nan vale Kòriyò a, epi Koryantoumr te plante tant li nan vale ki te rele Chour la. Vale Chour la te bò kote kolin Komnò a; se poutèt sa, Koryantoumr te rasanble lame l yo sou tèt kolin Komnò a, epi li te sonnen yon twonpèt pou l kapab envite lame Chiz yo vin goumen.

29 Epi, se te konsa, lame Chiz yo te vini, epi lame Koryantoumr yo te bat yo ankò; yo te vini dezyèm lafwa a, epi yo te bat yo ankò yon dezyèm lafwa. Epi, se te konsa, yo te vini yon twazyèm lafwa, epi batay la te vin move anpil.

30 Epi, se te konsa, Chiz te frape Koryantoumr, li te blese l anpil; paske Koryantoumr te pèdi san, li te pèdi konesans, epi yo pote l ale kòmsi li te mouri.

31 Te tèlman gen gason, fi ak timoun ki te mouri, Chiz te kòmande lame li a pou yo pa t suiv lame Koryantoumr yo ankò; se poutèt sa yo te retounen nan kan pa yo.