Jèn yo
Lafwa


Lafwa

Lafwa se pa lè moun gen yon konesans total konsènan kèk bagay; paske si w gen lafwa ou espere bagay ou pa wè, men ki vre (Alma 32:21).

M se yon pitit fi Papa mwen ki nan Syèl la, ki renmen mwen. Mwen gen lafwa nan plan etènèl li a, ki santre sou Jezikri, Sovè mwen.

Aktivite obligatwa pou vèti a

Akonpli twa aktivite obligatwa sa yo pou vèti sa a. Fè paran ou oswa dirijan ou siyen epi date chak aktivite lè w fini.

  1. Premye prensip levanjil la se lafwa nan Senyè Jezikri. Aprann sou lafwa nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt aktyèl yo. Li Ebre 11; Alma 32:17–43; Etè 12:6–22; ak Joseph Smith—Istwa 1:11–20. Li de diskou konferans jeneral sou lafwa. Egzèse lafwa ou nan etabli bon abitid priyè nan lavi ou. Kòmanse nan fè priyè ou regilyèman maten ak aswè. Apre twa semèn w ap suiv chema sa a, pale avèk yon paran oswa yon dirijan sou sa ou aprann sou lafwa ak kijan priyè pèsonèl fòtifye lafwa ou. Ekri santiman ou sou lafwa ak lapriyè nan jounal ou.

  2. Dekouvri prensip lafwa ki te anseye pa manman jèn gèrye Elaman yo. Li Alma 56:45–48 ak 57:21. Repase sa “Fanmi: yon pwoklamasyon pou mond lan” (gade paj 101) di sou wòl yon manman. Avèk yon manman, yon grann, oswa yon dirijan, pale sou kalite yon fi bezwen pou l ka anseye timoun pou yo gen lafwa ak pou baze desizyon yo sou verite levanjil yo. Nan ki fason prensip sa yo ede ou nan lavi ou jodi a epi ede w prepare pou w yon fi, madanm, ak manman fidèl? Ekri panse ou ak santiman ou nan jounal ou.

  3. Viv prensip levanjil yo mande lafwa. Li sou lafwa nan Diksyonè Bib la oubyen nan Ankre nan lafwa. Lafwa nan Sovè a, Jezikri, mennen nan aksyon. Chwazi yon prensip tankou priyè, dim, jèn, repantans, oswa sanktifye jou Saba a. Nan pwòp kay ou oubyen nan yon lòt kote, planifye epi prezante yon leson sware familyal sou kijan lafwa ede ou viv prensip levanjil sa a. Si posib, mande yon manm fanmi pou pataje yon eksperyans ki te fòtifye lafwa li. Pataje pwòp eksperyans pa w tou. Nan jounal ou ekri youn nan eksperyans sa yo epi dekri santiman ou sou lafwa.

Aktivite adisyonèl pou vèti a

Akonpli twa aktivite adisyonèl pou vèti a. Ou gen dwa chwazi opsyon yo pral bay yo oubyen ekri youn oubyen de pa ou. Paran ou oswa dirijan ou dwe apwouve pwòp pa w yo anvan ou kòmanse. Fè paran ou oswa dirijan ou siyen ak date chak aktivite lè w fini.

  1. Aprann plis osijè Sentsèn. Li sa yo di sou Dènye Soupe a nan Matye 26:26–28; Mak 14:22–24; ak Lik 22:17–20. Etabli yon abitid pou medite pandan Sentsèn nan kote w ap koute kantik Sentsèn nan ak priyè Sentsèn yo atantivman. Panse sou rezon ki fè nou pran pen an ak dlo a. Apre twa semèn ap suiv chema sa a, ekri kèk nan pwomès ou fè lè w ap pran Sentsèn nan nan jounal ou epi sonje alyans batèm ou yo ak kisa ou fè pou kenbe pwomès sa yo. Ekri nan jounal ou kijan konpreyansyon ou sou pwomès sa yo fòtifye lafwa ou nan Sovè a.

  2. Ogmante konpreyansyon ou sou Ekspyasyon Jezikri a nan li Ezayi 53:3–12; Jan 3:16–17; Women 5; 2 Nefi 9:6–7, 21–26; Alma 7:11–13; 34:8–17; ak Doktrin ak Alyans 19:15–20. Nan jounal ou, ekri santiman ou sou Sovè a ak sa li fè pou ou. Pataje santiman ou nan yon reyinyon temwayaj.

  3. Ogmante konpreyansyon ou sou plan sali a. Materyèl pou w etidye yo enkli 1 Korentyen 15:22; Revelasyon 12:7–9; 2 Nefi 9:1–28; 11:4–7; Doktrin ak Alyans 76:50–113; 93:33–34; Moyiz 4:1–4; ak Abraham 3:24–27. Desine oubyen chèche jwenn yon imaj ki dekri plan sali a, ansanm avèk egzistans premòtèl la, nesans, lavi mòtèl, lanmò, jijman, ak lavi apre jijman an. Itilize imaj sa a pou eksplike plan sali a pou klas ou, fanmi ou, oswa yon zanmi. Di kijan konnen plan an afekte aksyon ou, ede ou konprann idantite ou, epi fòtifye lafwa ou.

  4. Senyè a kòmande nou pou n peye dim. Li Doktrin ak Alyans 119 ak Malachi 3:8–12. Etandone ke lwa dim nan se yon prèv lafwa ou, peye yon dim konplèt. Apre twa mwa, ekri nan jounal ou kijan peye dim te ede lafwa ou grandi. Fè lis benediksyon ou resevwa nan lavi ou, ni gwo ni piti, ki vini akoz lafwa ou nan prensip dim nan.

Aktivite pèsonèl pou vèti a

Pwojè vèti a

Lè w fin reyalize sis aktivite konsènan vèti lafwa yo, kreye yon pwojè ki ap ede w pratike sa ou te aprann. Sa ta dwe yon efò enpòtan ki ap mande ou omwen dizèdtan pou reyalize li. Nan lapriyè, chèche direksyon Sentespri a pou w chwazi yon pwojè valab.

Fè paran ou oswa dirijan ou apwouve pwojè a anvan ou kòmanse. Ekri yon evalyasyon lè ou fini. Men kèk ide pou yon pwojè konsènan vèti sa a.

  • Aprann “Kris Vivan an” pa kè (gade paj 102). Pandan w ap fè sa, konsidere enfliyans Sovè a nan lavi ou ak fason lafwa ou nan li grandi. Eseye suiv egzanp Sovè a.

  • Li Alma 32:28–43. Panse sou lafwa antanke yon semans pandan ke w ap ede plante, pran swen, ak rekòlte yon jaden legim. Ekri nan jounal ou kijan ou ka nouri, pran swen, ak fòtifye lafwa ou.

  • Pran yon klas jeneyaloji nan pawas ou oswa branch ou. Rasanble istwa ki egziste sou fanmi ou oswa lòt moun ki te demontre lafwa, oubyen entèvyouve manm fanmi nou oswa lòt moun epi ekri istwa yo.

  • Dekri benediksyon lafwa a nan ekri yon istwa, yon powèm, oswa yon chan pa ou oubyen fè yon pwojè atistik vizyèl pou ilistre lafwa ou nan Jezikri.

Pwojè mwen se:

Plan mwen pou reyalize pwojè m nan se:

Apwobasyon

Dat pwobab pou fini li

Men evalyasyon mwen sou pwojè a (ekri sa ou te santi ak fason konpreyansyon ou sou lafwa ogmante):

Siyati paran oswa dirijan

Dat:

Kantite lè sa te pran