Jèn yo
Pwojeksyon pou Jènfi yo


Pwojeksyon pou Jènfi yo

Objektif Pwogrè Pèsonèl

Pwogrè Pèsonèl ap ede ou fòtifye lafwa ou nan Jezikri ak temwayaj ou konsènan li pandan w ap aprann ansèyman l yo epi aplike yo regilyèman nan lavi ou. L ap ede ou fòtifye ni fanmi ou genyen kounyeya ni fanmi w ap genyen demen an. L ap ede ou prepare pou fè ak kenbe alyans sakre ak resevwa òdonans tanp yo. Epi l ap prepare ou pou w rete yon manm fidèl k ap kolabore nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Pwogram Pwogrè Pèsonèl la itilize uit vèti Jènfi yo pou ede w pi totalman konprann kimoun ou ye, poukisa ou isit la sou tè a, ak kisa ou dwe fè antanke yon pitit fi Bondye pou prepare ou pou jou w ap genyen pou ale nan tanp pou fè alyans sakre yo. L ap ede ou prepare pou wòl ou demen antanke yon fi, yon madanm, yon manman, ak yon dirijan fidèl nan wayòm Bondye a. Patisipe nan Pwogrè Pèsonèl la anseye ou pou w pran angajman, pou aplike yo, epi fè rapò pwogrè ou bay yon paran oswa yon dirijan. Modèl ou etabli pandan w ap travay nan Pwogrè Pèsonèl yo—tankou priyè, etid ekriti, sèvis, ak ekri nan jounal ou—ap vin abitid pèsonèl chak jou. Abitid sa yo ap fòtifye temwayaj ou epi y ap ede ou aprann ak amelyore tèt ou pandan tout lavi ou.

Kondisyon

Pou konplete pwogram Pwogrè Pèsonèl la, w ap bezwen:

  • Ale nan reyinyon Sentsèn regilyèman (kote sa posib).

  • Viv prensip ki nan Pou fòs jèn yo.

  • Akonpli eksperyans vèti ak pwojè vèti yo pou chak nan uit vèti yo.

  • Kenbe yon jounal pèsonèl.

  • Ale nan seminè oubyen patisipe nan etid endepandan (kote sa disponib).

  • Li Liv Mòmon an regilyèman.

  • Ekri temwayaj ou konsènan Sovè a, Jezikri.

Lè w fin ranpli kondisyon sa yo, w ap vin elijib pou resevwa Distenksyon Jènfi Akonpli a apre yon entèvyou diyite avèk evèk ou oswa prezidan branch ou.

Kijan pou kòmanse

Ou gen dwa kòmanse travay sou pwogram Pwogrè Pèsonèl la lè w gen 12 an oswa nan moman batèm ou si ou gen ant 12 ak 18 an. Jènfi ki pa manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo byenveni pou yo patispe tou.

Lè w ap kòmanse, w ap resevwa yon chenn an fòm tòch avèk anblèm tòch Jènfi a sou li. Mete chenn sa a siyifi angajman ou pou kenbe limyè w la wo ak defann laverite ak lajistis.

Envite paran ou pou ede ou planifye ak akonpli pwogram Pwogrè Pèsonèl la. Pataje eksperyans sa yo kapab fòtifye relasyon ou avèk yo. Manman ou oswa yon lòt fi egzanplè kapab travay sou Pwogrè Pèsonèl la avèk ou, epi nou kapab pran Distenksyon Jènfi Akonpli a ansanm. Ou gen dwa modifye eksperyans yo ak pwojè yo selon sitiyasyon pèsonèl ou, enterè ou, ak bezwen ou, avèk apwobasyon yon paran, yon dirijan Jènfi, oswa yon lòt grandèt.

Pwogrè Pèsonèl la kapab fè pati bon bagay w ap fè lakay ou, legliz la, lekòl, nan seminè, ak nan kominote a. Itilize endèks pa sijè a ki nan fen liv sa a pou jwenn sijè espesifik ki enterese ou ak pou aprann kijan ou kapab itilize yo kòm yon pati nan Pwogrè Pèsonèl la. Sonje pou w rekonèt tout bon bagay ou fè chak jou. “Avèk ti bagay senp yo, gwo bagay fèt” (Alma 37:6).

Direksyon

W ap gen pou fè sis aktivite (twa obligatwa ak twa ochwa) ak yon pwojè dizèdtan nan chak nan sèt premye vèti Jènfi yo. Pou vèti ki rele vèti a, w ap gen pou fè kat aktivite obligatwa ak yon pwojè obligatwa ki se li Liv Mòmon an. Ou gen dwa kòmanse pa nenpòt nan vèti yo epi travay nan nenpòt lòd ou vle.

Lè w fin akonpli yon aktivite oswa yon pwojè konsènan yon vèti, repase li avèk yon paran, yon dirijan, oswa yon lòt grandèt. Fè moun nan siyen aktivite ou akonpli a nan liv Pwogrè Pèsonèl ou a. Kenbe yon rapò sou pwogrè ou nan fèy rapò Pwogrè Pèsonèl la (gade paj 77).

Aktivite vèti yo

  • Yo rekòmande pou w akonpli aktivite obligatwa pou yon vèti yo anvan ou ale nan aktivite ochwa yo pou vèti sa a.

  • Pou aktivite ochwa yo konsènan vèti yo, ou gen dwa enskri jiska de aktivite pa ou nan chak vèti oubyen modifye aktivite yo pwopoze yo pou koresponn ak enterè, bi, oswa sitiyasyon pèsonèl ou. Fè yon paran, yon dirijan, oswa yon lòt adilt apwouve yo anvan ou kòmanse.

Pwojè vèti yo

  • Fè aktivite obligatwa yo pou yon vèti anvan ou kòmanse pwojè konsènan vèti sa a, sof pou vèti ki rele vèti a. Ou gen dwa kòmanse li Liv Mòmon an nenpòt kilè.

  • Fè yon paran, yon dirijan, oswa yon lòt adilt apwouve chak pwojè vèti anvan ou kòmanse.

  • Ou gen dwa envite lòt moun pou ede ou avèk pwojè vèti w yo tou, men chak pwojè dwe pran yon minimòm dizèdtan nan tan pa ou.

Vitès ak akonplisman

  • Ou gen dwa travay nan pwòp vitès pa ou, men ou dwe toujou ap travay sou omwen yon aktivite oswa yon pwojè. Men sa yo rekòmande:

    • Akonpli omwen yon eksperyans pa mwa ak yon pwojè chak sis mwa (de pwojè pa ane).

    • Ale nan reyinyon Sentsèn regilyèman epi patisipe nan seminè regilyèman (kote sa posib).

    • Rankontre avèk yon manm nan episkopa a omwen chak ane pou pale sou siksè ou nan Pwogrè Pèsonèl la, efò ou pou viv prensip ki nan Pou fòs jèn yo, ak nenpòt lòt kesyon ou ka genyen.

  • Lè fin konplete tout aktivite yo ak pwojè a pou yon vèti, dirijan ou apral pale de akonplisman ou nan yon reyinyon Jènfi epi l ap remèt ou yon anblèm pou w mete sou sètifika akonplisman Pwogrè Pèsonèl ou an ki nan liv sa a (gade paj 78) ak yon riban pou w mete nan ekriti w yo.

  • W ap gen opòtinite pou pataje akonplisman w yo nan Pwogrè Pèsonèl la chak ane nan Jènfi pa Ekselans lan.

  • Yo ka note siksè ou nan Pwogrè Pèsonèl la tou lè ou resevwa sètifika Abèy, Eglantin, ak Loreyòl yo pandan w ap deplase kite yon klas al nan yon lòt.

Akonpli Pwogrè Pèsonèl la

  • Lè w fin akonpli tout aktivite ak pwojè vèti yo nan Pwogrè Pèsonèl la, ekri temwayaj ou konsènan Sovè a, Jezikri nan paj 79 la. Repase seksyon “Distenksyon Jènfi Akonpli” a nan liv sa a avèk yon paran, yon dirijan, oswa yon lòt grandèt (paj 76). Apresa, planifye yon entèvyou avèk evèk ou pou li kapab siyen rekòmandasyon ki nan paj 82 a epi fè aranjman pou prezantasyon sètifika Distenksyon ak meday Jènfi Akonpli a.

  • Yo rekòmande pou w travay sou Pwogrè Pèsonèl la pandan tout tan w ap pase nan Jènfi a, menm lè ou fin resevwa Distenksyon Jènfi Akonpli a. Sigjesyon sou fason pou w kontinye pwogrese yo nan seksyon “Kisa pou m fè lè m fin akonpli Pwogrè Pèsonèl la?” (paj 83). Repase sa avèk yon paran, yon dirijan, oswa yon lòt adilt. Ou gen dwa chwazi pou pran yon siy Onore Abèy pou mete nan chenn ou an avèk meday ou a, oubyen ou gen dwa rekòmanse tout pwogram nan ankò. Yo ankouraje ou pou ede lòt jènfi yo nan Pwogrè Pèsonèl pa yo tou. Si ou kontinye nan pwogrè ou, w ap rete sou chemen ki mennen nan tanp lan epi w ap devlope kalite ki pral ede ou pandan tout lavi ou.