Jèn yo
Nati divin


Nati divin

Patisipe nan sa Bondye ye a. … Fè tout sa nou kapab pou nou rete ak konfyans nou gen nan Bondye a sèlman, men, apa konfyans lan se pou nou gen bon konduit; apa bon konduit la, se pou nou gen konesans; apa konesans la se pou nou konn kontwole tèt nou; apa konn kontwole tèt nou an, se pou nou gen pasyans; apa pasyans la, se pou nou sèvi Bondye; apa sèvi Bondye a se pou nou gen renmen pou frè nou yo; epi apa renmen nou gen pou frè nou an, se pou nou gen renmen pou tout moun (2 Pyè 1:4–7).

Mwen eritye kalite divin, ke m pral fè efò pou m devlope.

Aktivite obligatwa pou vèti a

Akonpli twa aktivite obligatwa sa yo pou vèti sa a. Fè paran ou oswa dirijan ou siyen ak date chak aktivite lè w fini.

  1. Ki kalite divin yon pitit fi Bondye genyen? Li “Fanmi an: Yon pwoklamasyon pou mond lan” (gade paj 101); 2 Pyè 1; Alma 7:23–24; ak Doktrin ak Alyans 121:45. Nan pwòp mo pa ou, fè lis kalite divin yo pale yo nan sa w li a. Reflechi sou fason ou kapab dekouvri ak devlope chak nan kalite sa yo. Ekri ide w yo nan jounal ou.

  2. Antanke yon jènfi, ou beni avèk kalite feminin divin. Ogmante konpreyansyon ou ak apresyasyon ou pou nati feminin. Li Pwovèb 31:10–31 ak de diskou sou feminite nan yon revi konferans Legliz la. Repase sa “Fanmi an: Yon pwoklamasyon pou mond lan” (gade paj 101) di sou kisa sa ye pou yon moun se yon madanm ak yon manman. Apresa mande manman ou oubyen yon lòt manman ou admire kisa l panse sou kalite enpòtan yon moun dwe genyen pou vin yon manman. Fè lis kalite sa yo nan jounal ou. Apresa chwazi youn nan kalite sa yo epi fè efò pou devlope li. Apre de semèn, fè rapò siksè ou bay yon paran oswa yon dirijan.

  3. Fè lavi lakay ou vin pi bon. Pandan de semèn, fè yon efò espesyal pou fòtifye relasyon ou avèk yon manm fanmi nan montre lanmou atravè aksyon ou. Veye pou w pa jije, kritike, oubyen di bagay ki pa janti, epi chèche kalite pozitiv nan manm fanmi sa a. Ekri nòt ankourajman, priye pou manm fanmi sa a, chèche fason pou w sèvyab, epi eksprime lanmou ou an pawòl. Pataje eksperyans ak kalite divin ou dekouvri yo avèk manm fanmi sa a oubyen avèk yon paran oswa yon dirijan.

Aktivite adisyonèl pou vèti a

Fè twa lòt aktivite adisyonèl pou vèti sa a. Ou gen dwa chwazi pami opsyon sa yo oubyen ekri youn oubyen de pa ou. Paran ou oswa dirijan ou dwe apwouve sa ou ekri pou tèt pa w yo anvan ou kòmanse. Fè paran ou oswa dirijan ou siyen ak date chak aktivite lè w fini.

  1. Aprann priyè Sentsèn yo ki nan Doktrin ak Alyans 20:77, 79 la pa kè. Pandan Sentsèn nan, koute priyè yo byen epi panse sou kisa sa vle di pou pran non Jezikri sou tèt pa ou ak kijan fè sa afekte aksyon ou ak desizyon ou. Fè pratik kenbe alyans batèm ou yo. Kòmanse fè yon bagay chak jou pou rekonèt ak pi plis devlope kalite divin ou yo epi ede w toujou sonje Senyè Jezikri. Apre de semèn, ekri aktivite w la nan jounal ou.

  2. Obeyisans se yon kalite Sovè a. Eseye pou w pi obeyisan anvè paran ou. Li Lik 2:40–51 ak Jan 6:38. Devlope yon abitid obeyisans pandan w ap fè yon efò pou trete paran ou avèk respè ak jantiyès epi fè sa paran ou mande w fè san yo pa bezwen raple ou. Apre de semèn ekri nan jounal ou kijan vin pi obeyisan te motive ou pou fè w anvi kontinye fè sa ak kijan sa te ede ou konprann nati divin ou ak wòl diven manman ak papa yo.

  3. Devlope kalite divin ou yo. Li Matye 5:9; Jan 15:12; Galat 5:22–23; Kolosyen 3:12–17; 1 Jan 4:21; ak Mowoni 7:44–48. Memorize vèsè ou pi renmen nan youn nan pasaj sa yo. Idantifye kalite divin yo mansyone nan tout ekriti sa yo epi fè lis yo nan jounal ou. Chwazi yon kalite, epi pandan de semèn, eseye entegre l nan lavi kotidyèn ou. Ekri pwogrè ou ak eksperyans ou nan jounal ou.

  4. Aprann definisyon mo patizan lapè yo. Apresa chèche jwenn epi li senk ekriti ki anseye sou patizan lapè. Rete yon egzanp patizan lapè nan fwaye ou ak nan lekòl ou pandan w ap efòse ou pou w pa kritike, ni plenyen, ni di lòt moun bagay ki pa janti. Priye Papa nou ki nan Syèl la chak maten ak chak swa pou w jwenn èd pou fè sa. Apre de semèn, ekri nan jounal ou kijan ou pral kontinye rete yon patizan lapè.

Aktivite pèsonèl pou vèti a

Pwojè vèti

Lè w fin akonpli sis aktivite vèti nati divin yo, kreye yon pwojè ki ap ede ou pratike sa w aprann. Sa ta dwe yon bagay enpòtan ki ap pran omwen dizèdtan pou l reyalize. Nan lapriyè, chèche gidans Sentespri a pou w chwazi yon pwojè valab.

Fè paran ou oswa dirijan ou apwouve pwojè a anvan ou kòmanse. Ekri yon evalyasyon lè w fini. Men kèk ide pou yon pwojè konsènan vèti sa a.

  • Devlope yon talan ou ka itilize nan fwaye ou demen, tankou fè manje, koud, fè reparasyon, òganize, oswa dekore. Anseye yon moun talan sa a, epi eksplike kijan etabli yon kay lòd (gade D&A 109:8) se youn nan wòl diven ou.

  • Pandan yon peryòd pwolonje, rann yon moun ki nan bezwen sèvis, tankou yon jèn manman, yon moun ki andikape, oubyen yon moun ki granmoun. Ekri nan jounal ou kijan sèvis ou te ede ou rekonèt nati divin nan nan ou menm ak nan lòt moun.

  • Fè lis kalite ak wòl diven fi yo jan yo anseye nan “Fanmi an: Yon pwoklamasyon pou mond lan” (gade paj 101), epi reyalize yon pwojè ki ap ede w aprann plis osijè youn nan wòl sa yo.

  • Itilize yon talan atistik oubyen atizana ou te aprann pou w fè yon bagay pou fwaye ou kounyeya oswa demen. Ekri nan jounal ou kijan kreyativite fè pati nati divin ou ak kijan pataje kreyativite ou beni lòt moun.

  • Travay an amoni avèk lòt moun se yon kalite diven (gade D&A 38:27). Fè yon pwojè ki ap favorize inite nan fanmi elaji ou, nan lekòl ou, oswa nan kominote ou. Ekri nan jounal ou kijan ou ka fè yon diferans lè w travay nan inite avèk lòt moun.

Pwojè mwen se:

Plan mwen pou reyalize pwojè m nan se:

Apwobasyon

Dat pwobab pou konplete li

Men evalyasyon mwen pou pwojè a (note sa ou te santi ak kijan konpreyansyon ou sou nati divin te ogmante):

Siyati paran oswa dirijan

Dat:

Kantite lè sa te pran