Jèn yo
Entegrite


Entegrite

M ap kenbe entegrite mwen jouk mwen rann dènye souf mwen (Jòb 27:5).

M ap gen kouraj moral pou mete aksyon mwen annakò avèk konesans mwen sou sa ki byen ak mal.

Aktivite obligatwa pou vèti a

Fè twa aktivite sa yo yo mande pou vèti sa a. Fè paran ou oswa dirijan ou siyen epi date chak aktivite lè w fini.

  1. Entegrite se dispozisyon ak dezi pou viv dapre kwayans nou ak prensip nou. Li Mowoni 10:30–33 epi panse sou kisa sa vle di pou “debarase kò nou ak tout endiyite.” Li bwochi Pou fòs jèn yo. Reflechi sou kijan prensip Senyè a diferan avèk prensip pa mond lan. Nan jounal ou, ekri prensip apwopriye pou konpòtman, abiye, ak konvèsasyon yo, osibyen ke literati, sinema, televizyon, entènèt, mizik, telefòn selilè, ak lòt medya yo. Epitou ekri plan ou pou rete moralman pi ak diy pou ale nan tanp. Apre w fin respekte prensip ou yo pandan omwen yon mwa, ekri sa w santi nan jounal ou epi kontinye kenbe angajman ou.

  2. Fè yon evalyasyon entegrite pèsonèl ou. Poze tèt ou kesyon sa yo: Èske m evite komeraj, plezantri ki pa apwopriye, sèmante ak pale lèd, trete sijè sakre yo alalejè? Èske m totalman sensè, moralman pwòp, onèt, diy pou konfyans, nan travay lekòl mwen ak nan lòt aktivite? Priye chak jou pou w jwenn fòs ak gidans Sentespri a pou ede ou avèk entegrite. Ekri nan jounal ou sa ou kapab fè pou amelyore entegrite pèsonèl ou ak omwen yon nouvo abitid ou ta renmen devlope.

  3. Sovè a se egzanp pafè nan entegrite. Li te fè sa l te pwomèt Papa l ke l t ap fè. Li 3 Nefi 11:10–11. Etidye lavi lòt moun nan ekriti yo ki te viv avèk entegrite. Li Jenèz: 39; liv Estè a; Jòb 2:3; 27:3–6; Danyèl 3 ak 6; Travay 26; Doktrin ak Alyans 124:15; ak Joseph Smith—Istwa 1:21–25. Nan jounal ou, idantifye fason moun sa yo te demontre entegrite. Panse avèk yon fwa kote ou te gen kouraj pou montre entegrite, espesyalman lè sa pa t fasil ni popilè. Pataje eksperyans ou ak santiman ou sou sa nan yon reyinyon temwayaj oubyen yon leson oubyen avèk yon paran oswa yon dirijan.

Aktivite adisyonèl pou vèti a

Fè twa lòt aktivite adisyonèl pou vèti sa a. Ou gen dwa chwazi pami opsyon sa yo oubyen ekri pwòp pa ou. Paran ou oswa dirijan ou dwe apwouve sa ou ekri pou tèt pa w yo anvan ou kòmanse. Fè paran ou oswa dirijan ou siyen ak date chak aktivite lè w fini.

  1. Chèche mo entegrite a nan diksyonè. Poze manman ou, grann ou, oubyen yon lòt fi ou respekte kesyon sou kijan li konprann ak aplike mo a. Fè yon lis fason ou kapab fè aksyon ou konsistan avèk konesans ou konsènan sa ki byen ak mal, epi ekri nan jounal ou kisa gen entegrite vledi pou ou.

  2. Aprann sa sa vledi kanpe kòm temwen. Li Mozya 18:9. Apresa ekri nan jounal ou kijan ou kapab pèsonèlman “sèvi kòm [temwen] Bondye tout tan, nan tout bagay, ak tout kote.” Chwazi yon konpòtman pèsonèl ke w bezwen amelyore pou ou kapab vin yon pi bon egzanp. Devlope entegrite nan lavi ou pandan w ap pratike nouvo konpòtman w lan pandan twa semèn. Ekri pwogrè ou nan jounal ou.

  3. Viv lwa jèn nan se yon opòtinite pou pratike entegrite. Nan yon jou Dimanch jèn, pa manje ni bwè pandan de repa epi kontribye nan ofrann jèn fanmi w lan. Fikse yon bi espesifik nan lespri ou pandan w ap jene a. Ou gen dwa jene pou yon zanmi ki malad, pou simonte yon move abitid, pou jwenn yon benediksyon espesyal pou ou menm oswa yon lòt moun, oubyen pou bay remèsiman. Kòmanse epi fini jèn nan avèk yon priyè.

  4. Fè lis sijè, tandans, ak pwoblèm k ap febli fanmi yo. Li mesaj Premye Prezidans lan nan paj 1 an nan liv sa a: “Fanmi an: Yon pwoklamasyon pou mond lan” (gade paj 101), ak seksyon sou fanmi an nan Pou fòs jèn yo. Apresa chèche konsèy moun nou soutni kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè yo nan magazin legliz yo. Nan jounal ou, ekri plan ou pou fòtifye fanmi ou genyen kounyeya ak valè ak tradisyon ou vle etabli nan fanmi w ap vin genyen demen an.

Aktivite pèsonèl pou vèti a

Pwojè vèti

Lè w fin akonpli sis aktivite vèti entegrite yo, kreye yon pwojè ki ap ede ou pratike sa w aprann. Sa ta dwe yon bagay enpòtan ki ap pran omwen dizèdtan pou l reyalize. Nan lapriyè, chèche gidans Sentespri a pou w chwazi yon pwojè valab.

Fè paran ou oswa dirijan ou apwouve pwojè a anvan ou kòmanse. Ekri yon evalyasyon lè w fini. Men kèk ide pou yon pwojè konsènan vèti sa a.

  • Ekri egzanp sou fason manm fanmi ou manifeste entegrite kòm yon kalite nan lavi yo.

  • Gen entegrite vle di kenbe angajman ou. Idantifye epi kenbe angajman ou anvè lòt moun lè ou fè pati yon ekip oswa yon òganizasyon oubyen nan yon pozisyon dirijan nan lekòl ou oswa kominote ou.

  • Pandan w ap itilize 1 Timote 4:12 kòm gid, òganize epi egzekite yon aktivite ki ap ede ou pratike pou w se “yon egzanp pou kwayan yo.”

  • Fè ak kenbe alyans tanp yo mande entegrite. Prepare ou pou w fè alyans nan tanp kote w ap fè ak mete yon vètman ki konfòm avèk prensip abiye avèk pidè yo jan yo eksplike nan bwochi Pou fòs jèn yo ak nan pawòl pwofèt vivan yo.

  • Nan diskou Otorite Jeneral yo fè, chèche sijè ki anrapò avèk entegrite ak onètete. Aprann poukisa prensip sa yo enpòtan pou bonè ou ak pou preparasyon pou w ale nan tanp. Kreye yon objè (tankou yon tablo, yon liv sitasyon, oubyen yon bwodri) ki chak jou ap raple ou angajman ou pou rete onèt ak sensè tout tan epi pou yo rekonèt ou pou entegrite pèsonèl ou.

Pwojè mwen se:

Plan mwen pou reyalize pwojè m nan se:

Apwobasyon

Dat pwobab pou fini li

Men evalyasyon mwen pou pwojè a (note sa ou te santi ak kijan konpreyansyon ou sou entegrite ogmante):

Siyati paran oswa dirijan

Dat:

Kantite lè sa te pran