Jèn yo
Byenveni nan Pwogrè Pèsonèl


Byenveni nan Pwogrè Pèsonèl

Ou se yon pitit fi byeneme Papa nou ki nan Syèl la, ki te prepare pou vin sou tè a nan epòk patikilye sa a pou yon bi ki sakre ak gloriye. Ou gen yon responsablite nòb pou w itilize fòs ou ak enfliyans ou pou bon bagay. Papa eman nou an ki nan Syèl la te beni ou avèk talan ak kapasite ki ap ede ou ranpli misyon divin ou. Si ou aprann aksepte vèti Jènfi yo nan lavi ou epi aji selon yo, w ap devlope abitid pèsonèl nan lapriyè, etid ekriti, obeyi kòmandman yo, ak sèvi lòt moun. Abit pèsonèl chak jou sa yo ap fòtifye lafwa ou nan Jezikri ak temwayaj ou konsènan li. Y ap pèmèt ou rekonèt ak devlope don eksepsyonèl.

Toujou itilize enfliyans ou pou elve ak beni fanmi ou, lòt jènfi, ak jènjan ou asosye avèk yo. Onore feminite ou, soutni prètriz la, epi apresye matènite ak patènite fidèl.

Si ou patisipe nan pwogram Pwogrè Pèsonèl la, w ap rejwenn dè milye lòt jènfi ki ap eseye vin jwenn Kris la epi “sèvi kòm temwen Bondye nan tout tan, nan tout bagay, e tout kote” (Mozya 18:9). Pran konsèy nan men paran ou, epi, nan espri lapriyè, chwazi bi ki ap ede ou kiltivite kalite feminin, fòtifye temwayaj ou, ak atenn potansyèl diven ou. Pwofite tan ou nan Jènfi a pou prepare pou resevwa òdonans sakre tanp yo, pou vin yon madanm ak manman fidèl, ak pou fòtifye fwaye ou ak fanmi ou.

Premye Prezidans lan