Jèn yo
Valè pèsonèl


Valè pèsonèl

Sonje nanm yo genyen gwo valè nan je Bondye (D&A 18:10).

Mwen gen yon valè enfini avèk pwòp misyon divin mwen, ke ma pral eseye ranpli.

Aktivite obligatwa pou vèti a

Fè twa aktivite sa yo konsènan vèti sa a. Fè paran ou oswa dirijan ou siyen epi date chak aktivite lè w fini.

  1. Ou se yon pitit fi Papa nou ki nan Syèl la, ki konnen ou epi ki renmen ou. Li Sòm 8:4–6; Jeremi 1:5; Jan 13:34; Doktrin ak Alyans 18:10; Abraam 3:22–23; ak Joseph Smith—Istwa 1:1–20. Ekri nan jounal ou kijan ekriti sa yo anseye ou ke Papa nou ki nan Syèl la konnen nou, renmen nou, epi sonje nou.

  2. Aprann sou enpòtans benediksyon patriyakal nan etidye sou yo nan Ankre nan lafwa ak dènye diskou konferans yo. Chèche konnen poukisa yo bay yo ak kimoun ki ka bay yo. Pale avèk yon paran oswa yon dirijan Legliz la sou fason pou prepare pou resevwa yon benediksyon patriyakal ak sou fason li ka anseye ou valè ou ak idantite ou epi sèvi kòm yon gid pandan tout lavi ou. Si w poko resevwa benediksyon ou, prepare pou resevwa li.

  3. Li Doktrin ak Alyans 18:10 ak 121:45. Fè tout sa ou kapab pou ankouraje lòt moun epi fè yo santi yo gen valè. Chak jou, pandan de semèn, note kalite ak bonte lòt moun. Fè yo konprann sa oralman oubyen pa ekri. Nan jounal ou, ekri sa ou aprann sou diyite moun ak ki fason konfyans ou grandi lè w ankouraje lòt moun.

Aktivite adisyonèl pou vèti sa a

Konplete twa aktivite adisyonèl pou vèti a. Ou gen dwa chwazi opsyon yo pral bay yo oubyen ekri youn oubyen de pa ou. Paran ou oswa dirijan ou dwe apwouve pwòp pa w yo anvan ou kòmanse. Fè paran ou oswa dirijan ou siyen ak date chak aktivite lè w fini.

  1. W ap prepare kounyeya pou w ranpli yon misyon san parèy sou tè a. Li Doktrin ak Alyans 88:119. Nan jounal ou, fè yon lis esperans ou ak rèv ou pou fwaye ou, fanmi ou, ak edikasyon ou demen ak kèk bagay enpòtan ou ta renmen akonpli nan lavi ou, enkli vin yon madanm ak yon manman. Apresa, ekri yon plan ki ap ede w atenn bi ou. Pataje plan sa a avèk yon manm fanmi, yon dirijan, oswa yon zanmi.

  2. Patisipe nan yon espektak dans, resitasyon, oswa teyat nan lekòl ou, nan kominote ou, oubyen nan legliz la. Nan ki fason patisipe nan aktivite sa a te ranfòse santiman valè pèsonèl ak asirans nan ou menm? Ekri panse ou nan jounal ou.

  3. Lè w patisipe nan istwa familyal (jeneyaloji), ou vin konprann idantite ou ak valè endividyèl ou. Vitize fanmi ou ki vivan yo pou w aprann plis bagay posib sou istwa familyal ou otan sa posib. Apresa ranpli yon fèy asandans sou fanmi ou epi fè lis òdonans tanp ki deja fèt pou chak moun.

  4. Papa nou ki nan Syèl la ba ou don espesyal. Li 1 Korentyen 12:4–12; 13; Mowoni 7:12–13; 10:8–18; ak Doktrin ak Alyans 46:11–26. Mande yon manm fanmi, yon dirijant Jènfi, ak yon zanmi pou ekri kalite pozitif Senyè a ba ou. Fè lis don w yo nan jounal ou, epi ekri kijan ou ka kontinye devlope don sa yo ak itilize yo pou sèvi fanmi ou ak lòt moun.

Aktivite pèsonèl pou vèti a

Pwojè vèti a

Lè w fin akonpli sis aktivite vèti valè pèsonèl yo, kreye yon pwojè ki ap ede ou pratike sa w aprann. Sa ta dwe yon bagay enpòtan ki ap pran omwen dizèdtan pou l reyalize. Nan lapriyè, chèche gidans Sentespri a pou w chwazi yon pwojè valab.

Fè paran ou oswa dirijan ou apwouve pwojè a anvan ou kòmanse. Ekri yon evalyasyon lè w fini. Men kèk ide pou yon pwojè konsènan vèti sa a.

Ou gen yon misyon divin san parèy pou w akonpli sou tè a epi ou resevwa talan pou akonpli misyon sa a. Lè w ap akonpli youn nan pwojè sa yo, w ap wè valè ak kontribisyon lòt moun epitou w ap wè enfliyans ou kapab genyen nan lavi lòt moun. Eksprime gratitid ou pou moun w ap travay avèk yo yo, epi ekri eksperyans ou nan jounal ou.

  • Konpile istwa pèsonèl ou ak istwa familyal ou pandan w ap itilize sa k ekri nan jounal, foto, ak dokiman enpòtan yo.

  • Pataje youn nan don ou yo nan enstwi oswa ede yon moun sou yon sijè lekòl, yon mizik, yon espò, oswa yon talan atistik.

  • Egzekite yon pwojè pou amelyore sitiyasyon yon moun ki nan bezwen.

  • Dirije oubyen patisipe nan yon koral pou jèn moun, nan yon pyès teyat, yon espektak talan, oswa nan yon ekspozisyon atistik.

  • Aprann yon talan ki pwofesyonèlman itil ki ka ede ou nan yon aktivite pwofesyonèl kounyeya oubyen demen.

Pwojè mwen se:

Plan m pou reyalize pwojè m nan se:

Apwobasyon

Dat pwobab pou fini li

Men evalyasyon mwen pou pwojè a (note sa ou te santi ak kijan konpreyansyon ou sou valè endividyèl te ogmante):

Siyati paran oswa dirijan

Dat:

Kantite lè sa te pran