Ekriti yo
Moyiz 4


Chapit 4

(Jen–Oktòb 1830)

Kòman Satan te vin tounen dyab la—Li tante Èv—Adan ak Èv tonbe, epi lanmò antre nan mond lan.

1 Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te pale avèk Moyiz, m di: aSatan ke ou te kòmande nan non Sèl Pitit Literal mwen an, li se menm sa a ki te la depi nan bkòmansman an, epi l te vini devan m, epi l te di—Gade, men mwen, voye m, m vle tounen pitit gason ou lan, epi m ap rachte tout limanite, konsa pa menm yon sèl nanm p ap pèdi, epi asireman m ap c sa; se sa ki fè, ban m onè ou la.

2 Men, gade, apitit gason byenneme m nan, ki te byenneme m nan epi ki te bchwazi depi nan kòmansman an, te di m konsa—cPapa, se pou dvolonte ou fèt, epi se pou ou elaglwa a pou tout tan gen tan.

3 Se sa ki fè, poutèt Satan arevòlte kont mwen, epi l chèche pou l detwi blib abit lòm, lib abit mwen menm Senyè Bondye a, m te bay lòm nan, epi poutèt Satan te vle pou m ba li pwòp pouvwa pa m nan; pa pouvwa Sèl Pitit Literal mwen an, m te fè cchase l;

4 Epi l te vin tounen Satan, wi, dyab la menm, papa tout amanti yo, pou twonpe epi pou vegle je lèzòm, epi pou mennen yo kaptif daprè volonte l, sa vle di tout moun ki pa koute vwa mwen.

5 Epi kounyeya, sèpan an te gen plis ariz pase nenpòt bèt nan jaden an, mwen menm Senyè Bondye a m te kreye.

6 Epi Satan te mete sa nan kè sèpan an, (paske l te rale anpil dèyè li,) epi l te chèche tou pou l twonpe aÈv, paske li pa t konnen panse Bondye, se sa ki fè li te chèche detwi mond lan.

7 Epi l te di fi a: Wi, èske Bondye pa t di—ou pa dwe manje nan fwi ki nan ajaden an? (Epi l te pale pa bouch sèpan an.)

8 Epi fi a te di sèpan an: Nou kapab manje nan fwi pyebwa ki nan jaden an;

9 Men, fwi pyebwa ou wè nan mitan jaden an, Bondye te di—nou pa dwe manje ladan l, nou pa dwe touche l tou, pou nou pa mouri.

10 Epi sèpan an di fi a: an verite ou p ap mouri;

11 Paske Bondye konnen jou ou manje ladan l, lè sa a aje w ap vin louvri, epi w ap vin tankou Bondye, paske w ap bkonnen byen ak mal.

12 Epi lè fi a te wè pyebwa a te bon pou manje, epi li te vin agreyab devan je l, epi se te yon fwi ki te akapab fè l vin saj, li te pran nan fwi a, epi l te bmanje, epi tou li te bay mari l, ki te manje avèk li.

13 Epi je yo toulède te vin louvri, epi yo te konnen yo te atoutouni. Epi yo te koud fèy figye ansanm pou yo fè tabliye pou yo met sou yo.

14 Epi yo te tande vwa Senyè Bondye a, pandan yo t ap amache nan jaden an, pandan jounen an te fre; epi Adan ak Èv t al kache lwen prezans Senyè Bondye a nan mitan pyebwa ki te nan jaden an.

15 Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te rele Adan, epi m te di l: ki kote w aprale?

16 Epi l te di: M te tande vwa ou nan jaden an, epi m te pè, paske m te wè m toutouni, epi m te kache.

17 Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te di Adan: Kiyès ki te di w ou toutouni? Èske w te manje nan pyebwa m te kòmande w pou ou pa manje a, e an verite si w te fè sa w t ap amouri asireman?

18 Epi lòm nan te di: Fi ou te ban mwen epi ou te kòmande pou rete ansanm avèk mwen an te ban mwen nan fwi pyebwa a epi m te manje.

19 Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te di fi a: Kisa w te fè konsa? Epi fi a te di: Sèpan an te atwonpe m, epi m te manje.

20 Epi Senyè Bondye a te di sèpan an: Poutèt ou te fè sa, w ap vin pi amodi pase tout betay, epi pase tout bèt ki nan jaden an; epi w ap rale sou vant ou, epi ou pral manje pousyè pou tout rès vi w;

21 Epi m ap mete dezinyon ant ou menm avèk fi, ant desandan w ak desandan l; epi li pral pile tèt ou, epi ou pral mòde talon l.

22 Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te di fi a: M pral miltipliye soufrans ou nan akouchman ou. Ou pral fè pitit nan asoufrans, epi w ap gen anvi pou mari ou, epi l ap dirije ou.

23 Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te di Adan: Poutèt ou te koute vwa madanm ou, epi ou te manje nan fwi pyebwa m te kòmande ou, lè m te di—ou pa dwe manje ladan l, tè a pral modi poutèt ou; ou pral manje sa ki soti nan tè a avèk soufrans pou tout lavi ou.

24 Li pral pwodui pikan ak zepin pou ou, epi ou pral manje zèb ki nan jaden an.

25 Se avèk aswè figi w ou pral manje pen, jistan ou retounen nan tè a—paske an verite—kòm w ap mouri se ladan l ou te soti: konsa ou se bpousyè, epi se nan pousyè a ou pral retounen.

26 Epi Adan te rele madanm li Èv, paske li se manman tout vivan; paske se konsa mwen menm Senyè Bondye a, m te rele fi ki te premye nan pami tout lòt fi yo, ki aanpil.

27 Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te fè rad avèk po bèt pou Adan ak Èv, epi m te aabiye yo.

28 Epi mwen menm Senyè Bondye a, m te di Sèl Pitit Literal mwen an: Gade, alòm vin tounen tankou youn nan pami nou, ki vin bkonnen byen ak mal; epi kounyeya, pou l pa lonje men l cpran nan dpyebwa lavi a tou, epi pou l pa manje l pou viv pou tout tan,

29 Se sa ki fè, Mwen menm Senyè Bondye a, m ap fè l soti nan Jaden aEdenn nan, pou l kiltive tè a kote l te soti a;

30 Paske, menm jan Mwen menm Senyè Bondye a, m vivan an, se konsa tou apawòl mwen pa kapab vin san konsekans, paske jan yo soti nan bouch mwen an, yo dwe akonpli.

31 Konsa, m te chase lòm, epi m te plase aCheriben nan kote lès Jaden Edenn nan, ak yon epe tou limen, ki vire nan tout direksyon pou pwoteje pyebwa lavi a.

32 (Epi men pawòl m te di Moyiz yo, epi yo se verite jan m vle a menm; epi m di w yo. Pa montre pèsonn moun yo, jistan m kòmande w, eksepte moun ki kwè yo. Amèn.)