Vini, Suiv Mwen
22–28 Jen. Alma 17–22: “M ap fè w vin yon enstriman”


“22-28 Jen Alma 17–22: “M ap fè w vin yon enstriman”Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon an 2020 (2020)

“22–28 Jen. Alma 17–22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon an: 2020

Imaj
Amon ap pale avèk Wa Lamoni

Amon ak Wa Lamoni, pa Scott M. Snow

22–28 Jen

Alma 17–22

“M ap fè w vin yon enstriman”

Anvan w ka ede lòt moun dekouvri verite nan ekriti yo, ou bezwen dekouvri verite yo pou tèt pa w. Li Alma 17–22 avèk manm klas ou yo nan lespri w.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou bay manm klas yo yon opòtinite pou yo pataje yon bagay yo te aprann nan etid pèsonèl oswa familyal yo, ou ka envite yo chwazi yon moun yo dekri nan Alma 17–22 a epi konplete yon fraz tankou sa a: “Abich te anseye m ” oubyen “Lamoni te anseye m .”

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Alma 17:1–4

Lafwa nou fòtifye lè nou chèche konn verite a avèk dilijans.

  • Manm klas yo pwobableman konn tande enpòtans senp abitid levanjil yo plizyè fwa. Alma 17:1–4 ka ede yo wè efè puisan abitid sa yo ka genyen nan lavi nou. Ou ka mande mwatye klas la pou chèche vèsè sa yo konsènan sa pitit gason Mozya yo te fè epi lòt mwatye a chèche rezilta pou sa yo te fè yo, Ki rezilta nou jwenn nan fè bagay sa yo nan lavi nou?

  • Pou yon diskisyon pi apwofondi sou kèk nan abitid ki te fòtifye pitit gason Mozya yo, ou ka ekri sou tablo a Sonde ekriti yo, Priyè, ak Jèn. Apresa manm klas yo ta ka chèche ekriti ki anseye konsènan benediksyon ki vini lè nou fè etid ekriti yo, priyè, ak jèn (Gid Sijè a oswa Gid Ekriti yo ka ede). Yo gen dwa ekri sa yo jwenn yo sou tablo a epi youn gen dwa pataje avèk lòt kèk ide sou fason pou amelyore etid ekriti yo, sou priyè, ak jèn nan yon fason ki rapwoche yo pi pre Bondye.

Alma 17–18

Lanmou nou ka ede lòt moun prepare pou yo resevwa levanjil la.

  • Gen anpil fason pou nou pataje levanjil la, epi yo tout pi efikas lè se lanmou ki motive yo. Petèt manm klas yo ta ka idantifye vèsè nan Alma 17–18 la ki montre kijan Amon te motive pa lanmou pou l te pataje levanjil la. Ki lòt verite konsènan pataje levanjil la nou aprann nan egzanp sa a? Manm klas yo ka gen posiblite pou yo pataje eksperyans kote lanmou sensè te adousi kè yon moun epi te pèmèt li vini pi reseptif pou mesaj levanjil la. Deklarasyon Prezidan Dallin H. Oaks la nan “Resous Adisyonèl” la ka ede yo konprann enpòtans pou asire nou ke efò nou yo fonde sou lanmou tou.

Imaj
Amon sove mouton wa a.

Amon sove twoupo wa a, t ablo Minerva K. Teichert

Alma 18–22

Anseye ak aprann verite levanjil yo efikasman ka mennen nan yon chanjman kè reyèl.

  • Lè Amon avèk Aawon te jwenn konfyans Wa Lamoni ak papa li, yo te vin kapab ede yo konprann verite esansyèl levanjil yo. Petèt li ta bon si manm klas yo ta drese yon lis sou verite Amon te anseye Lamoni yo (gade Alma 18:24–39 epi konpare l avèk lis verite Aawon te anseye papa Lamoni yo (gade Alma 22:1–16). Mwatye nan klas la ta ka travay sou yon lis pandan lòt mwatye a ap travay sou lòt lis la. Poukisa konprann verite sa yo te fè Lamoni ak papa l vin kwè nan Pè Selès la ak Pitit Gason l lan, Jezikri, epi fè yo konfyans?

  • Istwa Aawon ak Amon k ap preche Wa Lamoni ak papa l la bay yon gwo opòtinite pou diskite sou ansèyman ak aprantisaj efikas levanjil la. Ki prensip anseyman manm klas la te remake? (gade, paegzanp, Alma 18:24–28 ak Alma 22:7–13). Ki prensip aprantisaj yo te jwenn nan egzanp Wa Lamoni yo ak papa li? (gade, paegzanp, Alma 18:25–31; 22:17–18).

  • Pou aprann sou fason doktrin levanjil la ka enfliyanse lavi nou, manm klas yo ka chèche nan Alma 18:40–41; 20:1–15; ak Alma 22:15–18, 25–27 pou yo ka wè kijan Wa Lamoni avèk papa li te santi yo ak kijan yo te aji apre yo te fin konprann verite levanjil yo epi konvèti a. Kijan verite sa yo ede nou vin jwenn Kris la? Kisa nou ka fè pou ede tèt nou ak moun nou renmen konprann epi viv verite sa yo?

Alma 19–22

Temwayaj nou yo ka gen yon enfliyans pwofond sou lòt moun.

  • Pandan etid pèsonèl yo nan Alma 19–22 la, manm klas yo te siman medite sou efè frè dirab temwayaj yon moun ka genyen sou lòt moun. Ankouraje yo pou yo pataje sa yo te aprann. Kisa resi ki nan Alma 19–22 yo sigjere osijè efò pèsonèl nou pou nou pataje levanjil la? Istwa Prezidan Gordon B. Hinckley a nan seksyon “Resous Adisyonèl” la ka ede w mete aksan sou pwen sa a.

  • Ki kèk bon analoji nou ka pataje pou ilistre sa k ka rive lè nou pataje temwayaj nou avèk lòt moun? Kèk egzanp posib se ka yon tiwòch k ap flote nan yon rivyè oswa leven ki ede yon pat leve. Apre yo fin repase egzanp kèk moun ki te pataje temwayaj yo nan Alma 19–22, manm klas yo gen dwa di kijan temwayaj lòt moun konn afekte yo.

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ou ka mande manm klas yo si yo konn janm mande tèt yo kijan yo te rann konvèsyon yo dirab ak andiran. Nan Alma 23–29, yo pral li konsènan yon gwoup moun ki te aksepte levanjil la epi ki “pa janm ekate de li” (Alma 23:6).

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Pataje lavanjil la pa amou.

Prezidan Dallin H. Oaks te pataje yon leson enpòtan li te aprann nan yon eksperyans li te fè lè l te jèn gason:

“M te gen tach pou m te vizite yon manm inaktif, ki sete yon pwofesyonèl reyisi, ki te pi gran pase m anpil. Lè m ap reflechi sou sa m te fè yo, m reyalize ke m pa t vrèman twò sousye m de mesye sa a m t ap vizite a. Mwen te aji paske sete devwa m, avèk yon dezi pou m te rapòte 100 pousan nan ansèyman ofwaye m. Yon jou swa, prèske nan fen mwa a, m te telefone l pou m te mande si konpayon m avèk mwen te ka vin vizite l. Repons plen repwòch li a te anseye m yon leson inoubliyab.

Li te di: “‘Non, m pa kwè m vle nou vini aswè a.’ ‘M fatige. M deja mete rad pou m dòmi. M ap li, epi m pa dispoze pou deranje m jis pou w ka ka rapòte ke w te fè 100 pousan nan vizit ofwaye w mwa sa a.’ Repons sa a toujou fè m mal paske m te vin konprann ke l te santi motivasyon egoyis mwen.

“Mwen espere ke okenn moun nou apwoche avèk yon envitasyon pou koute mesaj levanjil retabli a pa santi ke nou ap aji pou okenn lòt rezon pase yon lanmou sensè pou yo ak yon dezi sensè pou n pataje yon bagay nou konnen ki presye” (“Sharing the Gospel,” Ensign, Nov. 2001, 8).

Nou souvan pa konn enfliyans nou.

Prezidan Gordon B. Hinckley te rakonte yon istwa kote yon misyonè te bay prezidan misyon l rapò nan fen sèvis li. Misyonè a te di:

“M pa t gen okenn rezilta nan travay mwen. Mwen te gaspiye tan m ak lajan papa mwen. Se te yon gaspiyaj tan. … Mwen batize yon moun sèlman pandan dezan m te la yo. Sete yon tigason douzan nan fenfon Tenesi.”

Prezidan misyon an te deside suiv tras tigason misyonè sa a te batize a. Li te grandi, l te marye, epi l te demenaje al abite Idaho. Pitit li yo te fè misyon, epi pitit pa pitit sa yo te fè misyon. Prezidan misyon an te vwayaje ale Idaho epi l te mande manm fanmi sa a pou yo te pale l de misyon yo. Annapre li te di, “Mwen te dekouvri ke, kòm rezilta batèm yon ti gason nan fenfon Tenesi pa yon misyonè ki te panse li te echwe, plis pase 1,100 moun te rantre nan Legliz la” (Ansèyman Gordon B. Hinckley [1997], 360–61).

Amelyore ansèyman nou

Rezeve tan pou manm klas yo ka pataje ide yo. “Lè manm klas yo pataje sa yo aprann, yo non sèlman santi Lespri a e fòtifye pwòp temwayaj pa yo, men yo ankouraje lòt manm nan klas la pou dekouvri verite a pou tèt pa yo tou. … Rezeve tan pou etidyan yo pataje nan chak leson—nan kèk ka, ou ka vin reyalize ke diskisyon sa yo se leson an” (Anseye nan fason Sovè a, 30