Vini, Suiv Mwen
8–14 Jen. Alma 8–12: Jezikri ap vini pou rachte pèp li a


“8–14 Jen. Alma 8–12: Jezikri ap vini pou rachte pèp li a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“8–14 Jen. Alma 8–12,” Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Momon 2020

Imaj
Alma k ap preche

Anseye vrè doktrin nan, pa Michael T. Malm

8–14 Jen

Alma 8–12

Jezikri ap vini pou rachte pèp li a

Kòmanse preparasyon w pou anseye nan etidye Alma 8–12. Apresa repase plan leson sa a pou w ka jwenn ide adisyonèl ki ap ankouraje manm klas yo pataje sa yo te aprann nan etid yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Bay manm klas yo kèk minit pou yo reflechi sou etid ekriti pèsonèl oswa familyal yo semèn sa a. Kijan etid yo a te enfliyanse chwa yo te fè pandan semèn nan? Envite kèk manm nan klas pou yo pataje panse yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Alma 8

Efò nou pou pataje levanjil la ka mande pèsistans ak pasyans.

  • Anpil moun twouve l difisil pou yo pataje levanjil la, espesyalman lè yo te santi moun rejte yo, jan Alma te santi l la. Egzanp Alma a ta ka ede yo fè Bondye konfyans epi jwenn kouraj pou yo kontinye pataje temwayaj yo avèk lòt moun. Konsidere kesyon sa yo pou diskisyon: Kisa nou aprann nan mesaj zanj lan te bay Alma a nan Alma 8:15 la? Kijan n panse reyaksyon Alma devan mesaj la, n ap jwenn nan Alma 8:14–32 a ka enspire nou pou n kontinye pataje levanjil la lè moun rejte nou? Ki konsèy nou t ap ba yon moun ki te eseye pataje levanjil la men yo te rejte l? Konsèy Eldè Jeffrey R. Holland nan nan “Resous Adisyonèl” la ka ede nan konvèsasyon sa a.

  • Istwa Alma ak Amilèk la demontre kijan efò manm yo enpòtan pou travay misyonè a. Kisa manm klas yo aprann nan Alma 8:19–30 konsènan relasyon ant manm lokal yo ak misyonè aplentan yo? (gade Alma 10:1–12) tou.

    Imaj
    de fanmi rankontre

    Pataje levanjil la avèk moun nou renmen kapab yon bèl eksperyans.

Alma 9:18–30

Bondye jije pitit li yo dapre limyè ak konesans yo genyen.

  • Gen yon avètisman enpòtan nan vèsè sa yo pou tout tout manm Legliz yo—lè nou fin resevwa limyè ak konesans la, nou gen responsablite pou nou cheri li, nouri li, epi itilize l pou beni lòt moun. Pou ede manm klas yo egzamine responsablite sa a, ou ka mande yo pou yo li ansèyman Alma ki nan Alma 9:18–30 yo epi pataje mesaj yo jwenn konsènan responsablite yo genyen akoz sa yo konnen. Poukisa ka gen pi gwo kondanasyon lè nou peche kont pi gwo limyè? Bay manm klas yo tan pou yo medite sou sa yo ka fè pou yo rete pi sensè nan limyè ak konesans yo te resevwa a. Ou ta ka sigjere pou yo li Doktrin ak Alyans 50:24 pandan y ap medite a.

Alma 11–12

Plan Bondye a se yon plan redanmsyon.

  • Ou ta ka komanse yon diskisyon sou doktrin sa a nan envite manm klas yo pou yo desine yon chema sou plan redanmsyon an sou tablo a. Apresa ou ka divize seksyon nan Alma 11–12 yo pami manm klas yo epi envite yo chèche verite yo ta ka ajoute nan chema a. Paegzanp, anba kisa plan Bondye a rachte nou? (gade Alma 11:38–45). Kijan konesans verite sa yo konsènan plan redanmsyon an a ka beni lavi nou?

  • Pou ede manm klas yo pataje kisa Alma 11–12 anseye yo konsènan plan redanmsyon an, ou ta ka ekri tit sa yo sou tablo a: Chit la, Redanmtè a, Repantans, Lanmò, Rezirèksyon, ak Jijman. Yo gen dwa chwazi youn nan sijè sa yo epi gade nan Alma 11–12 pou yo chèche verite yo aprann yo. Envite yo pou yo ekri verite yo jwenn yo, ansanm avèk yon ekriti referans, anba tit apwopriye a sou tablo a. Antanke klas, diskite kijan lè nou konnen verite sa yo, sa enfliyanse lavi nou ak desizyon n ap pran.

  • Manm nan klas ou yo ka benefisye nan yon diskisyon ki santre sou Alma 12:31–32, kote Alma te anseye ke apre Chit la, Bondye te bay Adan ak Èv kòmandman—men sèlman apre l te fin anseye yo plan l lan. Kijan konsesans nou sou plan an afekte fason nou wè kòmandman yo ak fason nou santi n osijè yo? Petèt ou ta ka pale sou kèk kòmandman espesifik; paregzanp, kijan lè nou konn plan Bondye a, sa ede nou sanktifye jou Saba a oubyen obeyi lwa chastete a?

  • Kèk manm nan klas la ka petèt gen kesyon sou Alma 11:26–39 la, kote Amilèk te di gen yon sèl Bondye a. Ekriti annapre yo klarifye kijan manm Divinite yo se “yon sèl Bondye” pandan yo toujou èt separe: Jan 17:20–23; 2 Nefi 31:21; ak 3 Nefi 19:29. Deklarasyn sa a Èldè Jeffrey R. Holland te fè a ta ka ede tou: “Nou kwè ke yo fè youn nan tout aspè enpòtan ak etènèl ki imajinab men nou pa kwè ke yo se twa pèsonaj ki konbine nan yon sèl sibstans” (“Sèl vrè Bondye a ak Jezikri ou te voye a,” Ensign oswa Lyawona Nov. 2007, 40).

Alma 12:9–14

Si nou pa andisi kè nou, nou ka resevwa plis nan pawòl Bondye a.

  • Youn nan mesaj Alma ak Amilèk te anseye anpil fwa sete kijan kondisyon kè nou enfliyanse kantite verite nou ka resevwa nan men Senyè a. Pou ede manm klas yo dekouvri verite prensip sa a, ou ka envite yo li Alma 12:9–14 de pa de oswa an ti gwoup epi diskite sou konsekans ki vini lè yon moun andisi kè li. (Ou ka mande yo pou yo li Alma 8:9–11; 9:5, 30–31; ak 10:6, 25) tou. Kisa sa vledi pou gen yon kè adousi? (gafe Jeremi 24:7; Alma 16:16; Elaman 3:35). Kijan yon kè adousi kapab ede nou pi byen konprann pawòl Bondye a?

  • Alma te anseye ke lè nou andisi kè nou, nou resevwa “yon pi piti pòsyon” nan pawòl Bondye a(Alma 12:10). Petèt manm klas yo ta ka pataje eksperyans nan ekriti yo ki ilistre prensip sa a. Kijan Senyè a adousi kè nou pou nou ka kontinye aprann plis nan men li? Ki eksperyans pèsonèl nou ka pataje?

  • Pou ede manm klas yo konprann kisa sa vledi pou gen yon kè adousi, ou gen dwa pataje kèk nan eksperyans ki nan seksyon“Resous Adisyonèl” la.

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas yo pou yo li Alma 13–16 semèn sa a, ou ta ka di yo ke yo pral reyalize kijan pawòl Alma yo te akonpli nan lavi Zizwòm ak pèp Amoniya a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Pran pozisyon kourajezman.

Èldè Jeffrey R. Holland te bay ankourajman sa a pou moun ki sibi move tretman paske y ap pataje oswa defann levanjil la:

“Si sa poko rive w, ou gen dwa twouve yon jou nan sitiyasyon kote w ap oblije defann lafwa ou oubyen menm sibi atak pèsonèl, senpleman paske w se yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Sitiyasyon sa yo pral mande kouraj ak koutwazi bò kote pa ou.

“… Ou gen dwa ap mande tèt ou si sa vo lapèn pou w kourajezman defann valè moral ou nan lekòl ou, oubyen pou w ale nan yon misyon kote moun pral meprize kwayans ou pi respekte yo oubyen pou w lite kont pakèt bagay nan yon sosyete k ap pafwa ridikilize yon lavi devosyon relijye. Wi, sa vo lapèn. …

“Zanmi m yo, espesyalman jèn zanmi m yo, pran kouraj. Lanmou pi Kris la ki soti nan vrè fidelite a kapab chanje mond lan. …

“Rete fèm. Viv levanjil la fidèlman menmsi lòt moun bòkote nou p ap viv li ditou. Defann kwayans nou avèk koutwazi epi avèk konpasyon, men defann yo” (“Pri—ak Benediksyon—pou vin Disip,” Ensign oswa Lyawona, Me 2014, 6–9).

Kè yo te adousi.

Diskous konferans jeneral sa yo bay egzanp sou moun ki te gen kè yo adousi pa Senyè a:

  • Istwa fanmi Hatfield yo nan mesaj Prezidan Russell M. Nelson “Pri pouvwa Prètriz la” (Ensign oswa Lyawona, Me 2016, 66–67).

  • Istwa Harold Gallacher a nan mesaj Prezidan Thomas S Monson “Apèl sakre sèvis la” (Ensign oswa Lyawona, Me 2005, 55).

  • Istwa David nan mesaj Prezidan Dieter F. Uchtdorf “Aprann nan men Alma ak Amilèk” la (Ensign oswa Lyawona, Nov. 2016, 73–74).

Amelyore ansèyman nou

Gade atravè je Bondye. Fè efò pou w wè manm klas ou yo jan Bondye wè yo, epi Lespri a ap montre w valè ak potansyèl divin yo. Lè w fè sa, w ap jwenn direksyon nan efò ou pou ede yo a (gade Anseye nan Fason Sovè a, 6).