Vini, Suiv Mwen
1–7 Jen. Alma 5–7: “Èske nou te santi gwo chanjman sa a nan kè nou?”


“1–7 Jen. Alma 5–7: “Èske nou te santi gwo chanjman sa a nan kè nou?”“ Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“1–7 Jen. Alma 5–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020

Imaj
Jezi kenbe yon ti mounton

Yo pa bliye nou, pa Jon McNaughton

1–7 Jen.

Alma 5–7

“Èske nou te santi gwo chanjman sa a nan kè nou?”

Pandan w ap li Alma 5–7 la, panse ak manm nan klas ou yo ki se egzanp ansèyman yo baynan chapit sa yo. Panse sou fason w ka ede yo enplike nan diskisyon w lan Dimanch.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Bay manm klas yo kèk minit pou yo sonje sa yo te li nan Alma 5–7 yo epi pou yo jwenn yon verite yo ta renmen pataje nan klas la. Apresa mande yo pataje li avèk yon moun ki chita bò kote yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Alma 5:14–33

Nou dwe fè eksperyans—epi kontinye santi—yon gwo chanjman nan kè nou.

  • Yo te envite manm klas you pou yo reflechi sou kesyon ki nan Alma 5:14–33 yo nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a. Ou ka kòmanse yon diskisyon sou vèsè sa yo nan mande manm klas la pataje ki kesyon nan vèsè sa yo ki te enpòtan pou yo. Apresa ou ka envite yo pou yo travay an gwoup pou repase Alma 5:14–33 a epi dekouvri kisa sa vledi pou n santi yon chanjman kè atravè Sovè a ak Ekspyasyon l lan. Yo ka chèche benediksyon ki suiv yon chanjman kè tou. Ki lòt metafò yo itilize pou dekri chanjman Alma dekri a? (Paegzanp, gade Jan 3:1–7; 2 Korentyen 5:17; Dale G. Renlund, “Konsève chanjman puisan nan kè sa,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2009, 97–99. Kijan nou konsève yon chanjman kè pandan tout lavi nou? (gade Alma 5:26).

    Imaj
    yon tifi k ap priye bò kot yon kabann

    Lè nou tounen nou vè Bondye, nou ka fè eksperyans yon “chanjman kè.”

Alma 5:44–51

Nou ka akeri pwòp temwayaj nou sou Sovè a ak levanjil li atravè Sentespri a.

  • Tankou Alma, manm yo nan klas la te akeri pwòp temwayaj pa yo sou Sovè a ak levanjil li a. Pou ede yo aprann kisa Alma te fè pou l te resevwa temwayaj li atravè Lespri a, ou ka distribiye moso papye avèk mo Temwayaj la ekri anlè yo. Yo ka travay de pa de pou repase Alma 5:44–51 epi itilize sa yo aprann nan vèsè sa yo pou yo ekri yon ”resèt” pou yon temwayaj. Paregzanp, “engredyan” yo nan resèt la ta ka verite ki konstitye temwayaj nou. “Enstriksyon” yo pou resèt la ta ka bagay nou bezwen fè pou n akeri yon temwayaj yo. (Gade messaj Eldè Dieter F. Uchtdorf la nan “Resous Adisyonèl” la pou kèk lide.) Ki “engredyan” ak “enstriksyon” yo ta ka ajoute nan resèt yo a apati pwòp eksperyans pa yo oswa lòt eksperyans nan ekriti yo? Envite chak gwoup pataje sa yo te aprann ak sa y ap fè pou envite Sentespri a pou temwaye yo laverite.

Alma 6

Nou reyini kòm Sen pou n tande pawòl Bondye ak akonpli travay li.

  • Pou raple manm klas yo enpòtans ki genyen nan rasanble ansanm antanke Sen, ou ka envite yo imajine ke yon moun yo konnen santi ke l pa enpòtan pou w fè pati yon legliz. Kisa w ta ka pataje nan Alma 6 la pou anseye moun sa a kèk nan bekediksyon nou resevwa lè nou fè pati yon legliz? Kijan nou ka pi byen akonpli objektif rasanbleman Alma dekri a?

Alma 7:7–16

Sovè a te pran peche, doulè, ak afliksyon nou yo sou tèt li.

  • Gen dwa gen moun nan klas ou a ki grandman bezwen konnen sa Alma 7:7–16 anseye yo—ke Sovè a te pran sou tèt li non sèlman peche nou yo men doulè , afliksyon, maladi, ak enfimite nou yo tou. Kijan w pral ede yo dekouvri sa? Petèt ou ka fè yon dyagram sou tablo a avèk tit sa yo Sa Sovè a te soufri ak Poukisa li te soufri. Klas la ka konplete dyagram nan apre yo fin li Alma 7:7–16. Sa ta bon tou si w ta konsidere lòt bagay Sovè a te soufri pandan lavi l yo (gade egzanp nan “Resous Adisyonèl”).

  • Apre diskisyon sou sa Alma te anseye nan Alma 7:7–16 yo, petèt manm klas yo ta ka pataje eksperyans kote Sovè a te pote yo sekou, ki vledi kote l te ede yo (gade “Resous Adisyonèl” pou egzanp sou fason Jezi pote nou sekou). Ou ta ka pataje tou sitasyon annapre a de Prezidan Dallin H. Oaks: “Sovè nou an te revele ke Li te ‘desann pi ba pase tout bagay’ (D&A 88:6). … Nou ka menm di ke, paske l te desann pi ba pase tout bagay la, li pafètman nan pozisyon pou soulaje nou ak ba nou fòs nou bezwen pou andire afliksyon nou yo. Nou sèlman bezwen mande” (“Fòtifye pa Ekspyasyon Jezikri a,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2015, 64).

  • Alma te deklare ke vini Redanmtè a “gen plis enpòtans pase” tout lòt bagay. Petèt manm klas yo ka imajine ke yo nan yon nan klas istwa ap diskite evenman ki pi enpòtan nan istwa yo. Ki vèsè nan Alma 7 la yo t ap pataje pou soutni sa Alma a deklare nan vèsè 7 la? Ki konsèy Alma te bay pèp li a ki ka ede nou prepare pou vini Sovè a?

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo li Alma 8–12, ou gen dwa eksplike yo ke chapit sa yo rakonte istwa de mesye. Youn pa t enterese nan Legliz la epi lòt la sete yon pèsekitè zele, men tou de te vin defansè lafwa ki te plen kouraj.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Akeri pwòp temwayaj pa nou.

Eldè Dieter F. Uchtdorf te bay modèl sa a nan ekriti yo pou n ka “resevwa yon temwayaj pèsonèl ki anrasine nan temwayaj Sentespri a”:

Premyèman: Dezi pou kwè. Liv Mòmon ankouraje nou: ‘Si [w] reveye w, epi si w aktive kapasite ou yo, menm pou ou teste pawòl mwen yo, epi si w egzèse yon ti kras lafwa, wi, … menm si [ou] sèlman vle kwè’ (Alma 32:27). … Bondye pwomèt nou èd divin ni menm si nou sèlman gen dezi pou nou kwè, men sa dwe yon dezi sensè, pa yon fèsanblan.

Dezyèmman: Sonde ekriti yo. Poze tèt nou kesyon; egzamine yo, chèche repons nan ekriti yo. Ankò, Liv Mòmon an gen bonjan konsèy pou nou: ‘Si nou fè plas pou yon semans plante nan ckè nou’ atravè etid pawòl Bondye a ak dilijans, bon semans la ‘ap kòmanse grandi nan kè nou’ si nou pa chase l avèk enkredilite. Bon semans sa a ap ‘grandi nanm [ou]’ epi ‘klere konpreyansyon [ou]’ (Alma 32:28).

Twazyèmman: Fè volonte Bondye; kenbe kòmandman yo. … Nou bezwen vin jwenn Krisla epi suiv ansèyman l yo. Sovè a te anseye: ‘Doktrin mwen an se pa doktrin pa m, men se doktrin moun ki voye m nan. Si yon moun fè volonte li, l ap konnen doktrin nan’ [Jan 7:16–17; italik ajoute]. …

Katriyèmman: Medite, jene, ak priye. Pou resevwa konesans nan men Sentespri a, nou dwe mande Pè Selès la [gade Alma 5:45–46; Mowoni 10:3–4]” (“Pouvwa yon Temwayaj Pèsonèl,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2006, 38–39).

Kisa Jezikri te soufri?

Ki lòt afliksyon Sovè a te fè eksperyans?

Kijan Jezikri pote nou sekou?

Nan ki lòt fason Jezi te pote nou sekou?

Amelyore Ansèyman nou

Amelyore w antanke yon enstriktè nan fason Kris la. Antanke enstriktè, li enpòtan pou w medite sou fason w ka ede manm klas ou yo bati lafwa nan Pè Selès la ak nan Jezikri. Panse pou w itilize kesyon evalyasyon pèsonèl yo ki nan paj 37 nan Anseye nan Fason Sovè a pou enspire ou.