Vini, Suiv Mwen
25–31 Me. Mozya 29–Alma 4: “Yo te fèm ak inebranlab”


“25–31 Me. Mozya 29–Alma 4: ‘Yo te fèm ak inebranlab,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“25–31 Me. Mozya 29–Alma 4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020

Imaj
Jèn Alma ka p preche

Jèn Alma ka p preche pa Gary L. Kapp

25–31 Me

Mozya 29–Alma 4

“Yo te fèm ak inebranlab”

Nan epòk Alma a, yo pa t konsidere yon enstriktè levanjil “tankou yon moun ki te pi bon pase elèv la; epi konsa, yo te egal ego” (Alma 1:26). Pandan w ap prepare pou w anseye a, medite sou fason prensip sa a aplike pou oumenm ak klas ou a.

Ekri enpreyson ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Manm klas yo siman te remake kèk paralèl ant evenman yo dekri nan Mozya 29–Alma 4 yo ak sa k ap pase nan mond lan jodia oswa nan pwòp lavi yo. Ba yo kèk minit pou yo repase chapit yo pou yo ka jwenn yon egzanp. Envite yo pataje sa yo jwenn nan avèk yon moun ki chita bò kote yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Mozya 29:11–27; Alma 2:1–7

Nou ka gen yon enfliyans pozitif nan kominote nou.

  • Si w wè manm klas yo ta ka benefisye nan yon diskisyon sou fason pou yo egzèse yon enfliyans pozitif nan sosyete a, ou ka envite yo reflechi sou kèk pwoblèm kominite w la ap rankontre epi drese lis kèk sou tablo a (evite diskisyon detaye sou pwoblèm sa yo). Manm klas yo ka repase Alma 2:1–7 pou yo jwenn ki pwoblèm Nefit yo te rankontre ak kisa yo te fè konsènan sa. Kisa k te ka rive si “moun yo nan legliz la” pat fè tande vwa yo? Ki lòt bagay nou aprann konsènan rete bon sitwayen nan istwa sa a, nan Mozya 29:26–27 la. Manm klas yo ka vle panse ak yon bagay yo pral fè pou yo ka egzèse yon bon enfliyans nan kominote yo ki gen pou wè avèk youn nan pwoblèm ki sou tablo yo.

Alma 1:2–9, 26

Nou ka rekonèt fo ansèyman yo epi rejte yo.

  • Egzanp Jedeyon k ap reziste anba Neyò a ta ka enspire klas ou a. Petèt ou ka mande yon moun alavans pou l repase istwa Jideyon an epi pataje l avèk klas la (gade Mozya 19:1–8; 20:15–22; 22:1–9; ak Alma 1:2–9). Baze sou revizyon sa a, manm klas yo ta ka drese lis kèk karakteristik enspiran Jideyon te genyen. Paegzanp, lè l te tande fo ansèyman Neyò yo, Jideyon te konfwonte Neyò “avèk pawòl Bondye yo” (vèsè 9). Nan etid pèsonèl yo, manm klas yo siman te jwenn ekriti ki te demanti ansèyman Neyò yo nan Alma 1:3–6 la. Envite yo pou yo pataje ekriti yo jwenn yo. Yo sigjere anpil ekriti nan seksyon “Resous Adisyonèl” la tou. Kijan nou ka vin plis tankou Jideyon nan defann laverite?

  • Fo ansèyman Neyò yo, ki dekri nan Alma 1:3–6, ka ede nou rekonèt taktik Satan itilize pou l twonpe nou. Paegzanp, li souvan kache manti l yo anndan yon verite. Panse pou w mande manm klas la pou yo gade Alma 1:3–4 pou yo ka idantifye mansonj Satan te di yo ak verite l te itilize pou fè yo atiran. Site kèk mansonj ki melanje avèk verite ki twonpe moun jodia? Kijan nou ka ede fanmi nou ak moun nou renmen fè diferans ant verite ak erè?

  • Manm klas yo ka chante oswa li yon kantik konsènan imilite, tankou “Oh Sois Humble” (Cantiques, no. 69), epi diskite kijan mesaj li a diferan de mesaj Neyò a ki nan Alma 1:2–9 la. Yo ta ka fè konparezon ant sa Neyò te anseye konsènan enstriktè levanjil yo avèk sa Alma ak lòt dirijan Legliz yo te anseye ak egzanplifye (gade Alma 1:26; 4:15–20). Kisa Neyò te gen kòm motivasyon? Kijan sa te diferan avèk motivasyon Alma? Ankouraje manm klas yo pou yo panse a pwòp motivasyon pa yo pou sèvi nan legliz la. Kisa Alma 1:26 sigjere konsènan responsablite nou kòm moun k ap aprann?

Alma 1:19–30; 4:6–15

Ogèy ka lakòz nou “echwe nan pwogresyon [nou].”

  • Yon diskisyon sou Alma 1 ak Alma 4 ka ede manm klas yo konprann kijan ògèy ka afekte ni moun yo endividyèlman ni Legliz la. Ou ta ka divize klas la an de gwoup epi mande chak gwoup chèche enfòmasyon sou eta Legliz la te ye jan sa dekri nan Alma 1:19–30 la, pandan lòt gwoup la ap chèche enfòmasyon sou eta Legliz la te vin ye kèk ane apre, jan l dekri nan Alma 4:6–15 la. Mande chak gwoup pou dekri Legliz la ak manm li yo dapre vèsè yo te li yo. Yo ka planifye yon fason kreyatif pou yo fè sa ansanm—paegzanp, yo ta ka desinen yon foto oswa prepare yon ti reprezantasyon dramatik. Apre gwoup yo fin pataje youn ak lòt, mande yo pou yo eksplike sa yo aprann konsènan efè ògèy sou Legliz la ak sou manm li yo ak benediksyon imilite. Ki leson istwa sa yo genyen pou nou jodia?

Alma 4:12–20

“Pawòl Bondye” a ak “temwayaj pur” ka chanje kè.

  • Anpil moun ka idantifye tèt yo nan sa Alma te santi lè l te “tris anpil” (Alma 4:15) pou mechanste ak afliksyon pèp li a. Petèt manm klas yo ta ka panse ak yon moun ki chè pou yo ke yo sousye anpil pou li epi kenbe moun sa a nan panse yo pandan y ap li Alma 4:12–20 la. Apre yo fin li, ou ka poze kesyon tankou sa yo pou ankouraje yon diskisyon sou vèsè yo: Kisa k te pote lajwa pou pèp la nan sitiyasyon difisil yo te ye a? Kisa fraz “Lespri Senyè a pap fè nou echwe” a vledi pou ou? (Alma 4:15). Ki sakrifis Alma te fè pou l te ede pèp li a, epi ki sakrifis yo mande nou pou nou fè pafwa? Ki egzanp nou wè nan pouvwa yon “temwayaj pur” genyen? (Alma 5:14) Kijan nou ka pataje temwayaj nou san nou pa eseye bay moun leson oswa pote jijman? Ou ka bay manm klas yo tan pou yo ekri yon mesaj temwayaj pou yon moun yo renmen.

  • Petèt yo ka benefisye nan yon diskisyon sou kisa yon “temwayaj pur” ye. Videyo sou “Montaj Temwayaj Apot” yo nan (ChurchofJesusChrist.org) la gen kèk bèl egzanp . Kijan temwayaj sa yo, oswa lòt nou konn tande, “ankouraje [nou] pou n sonje responsablite [nou]”? (Alma 4:19). Kijan temwayaj sa yo ede nou simonte ogèy ak kontansyon?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ou ka eksplike manm klas yo ke nan Alma 5–7 yo pral li “temwayaj pur” Alma epi pou yo gade ki efè l te fè sou pèp la (gade Alma 4:19).

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

“Fè moun santi enfliyans ou.”

Tousuit apre yo te fin aple Sè Belle S. Spafford kòm Prezidant Jeneral Sosyete Sekou an 1945 la, dirijant Sosyete Sekou yo te resevwa envirtasyon pou yo t al rankontre yon konsèy nasyonal fi ki te renome anpil. Dirijan jeneral Sosyete Sekou te manm konsèy sa a depi dèzane, men resamman, yo te santi ke gwoup la pa t byen trete yo. Apre diskisyon avèk konseyè l yo, Sè Spafford te rekòmande Prezidan Geoge Albert Smith, ki te Prezidan Legliz la lè sa a, pou Sosyete Sekou te sispann fè pati konsèy la.

Pandan yo t ap diskite sou sijè sa a, Sè Spafford te di, “Ou konnen, Prezidan Smith, nou pa tire okenn pwofi nan Konsèy la.”

Nan apre, li te rakonte:

“Prezidan an te gade m avèk sipriz. Li te di, ‘Sè Spafford, èske w toujou panse a sa w ka resevwa? Èske w pa panse ke sa pafwa pou w ta panse a sa w gen pou w bay tou? Li te kontinye: ‘Mwen kwè ke fi yo nan Legliz sa a gen yon bagay pou yo bay fi yo nan mond lan, epi yo ka aprann de yo tou. Olye w chèche rale tèt ou nan konsèy la, m sigjere pou w ta pran plizyè nan manm ki pi kapab yo nan ekip ou a epi retounen nan reyinyon sa a.‘

“Apresa, li te di avèk fòs: ‘Fè moun santi enfliyans ou’” (Belle S. Spafford, A Woman’s Reach [1974], 96–97).

Sè Spafford te obeyi konsèy sa a. Li te sèvi pandan plizyè ane nan konsèy la epi finalman yo te vin eli kòm youn nan dirijan l yo.

Ekriti ki demanti fo ansèyman Neyò yo.

Amelyore ansèyman nou

Asire w ke w anseye vrè doktrin nan. “Toujou mande tèt ou: “Nan ki fason sa m ap anseye yo ap ede manm klas mwen yo bati lafwa yo nan Kris la, repanti, fè ak kenbe alyans avèk Bondye, e resevwa Sentespri a?” (Anseye nan Fason Sovè a, 20).