Vini, Suiv Mwen
11–17 Me. Mozya 18–24: “Nou te rantre nan yon alyans avèk li”


“11–17 Me. Mozya 18–24: “Nou te rantre nan yon alyans avèk li’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“11–17 Me. Mozya 18–24,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Pèp Limi an pran lafuit

Minerva K. Teichert (1888-1976), Lafwit Wa Limi ak pèp li a, 1949-1951, penti aluil sou masonite, 35 7/8 x 48 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, 1969

11–17 Me.

Mozya 18–24

Nou te rantre nan yon alyans avèk li

Pandan w ap li Mozya 18–24 la, panse avèk moun w ap anseye yo. Kisa w konnen osijè yo? Sentespri a ka enspire panse w pou ede w idantifye verite levanjil ki ap pi apwopriye pou yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas yo pou yo sigjere kèk prensip, oswa deklarasyon verite, ke yo te jwenn pandan etid yo nan Mozya 18–24 la. (Gen kèk prensip ki nan lis nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Po Moun yo ak Fanmi yo. Ankouraje yo pataje vèsè nan Mozya 18–24 yo ki anseye prensip sa yo. Ki eksperyans yo te fè avèk verite sa yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Mozya 18:1–16

Batèm enkli yon alyans pou sèvi Bondye ak pou kanpe kòm temwen li.

  • Pandan w ap li Mozya 18 la epi prepare w pou anseye a, ou ka santi w enspire pou w ede manm klas ou yo repase ak medite alyans batèm yo a. Men yon fason w ka fè sa: Envite yo pou yo travay ansanm pou yo drese yon lis sou tablo a ki gen otan fraz yo ka sonje ki anrapo avèk deskrpsyon Alma sou alyans batèm nan. Lè yo fini, yo ka li Mozya 18:8–10 epi ajoute nenpòt sa yo wè ki manke nan lis la. (Yo gen dwa ajoute fraz yo jwenn nan D&A 20:37, 77, ak 79tou. Li ta bon pou w ta mande yo kisa chak fraz vledi ak kisa yo ka fè pou kenbe pati sa a nan alyans batèm nan. Kijan Senyè beni nou pandan n ap fè efo pou n kenbe pati pa nou an nan alyans la?

  • Pandan disip Alma yo t ap prepare pou yo te batize, Alma te anseye yo ke rantre “nan twoupo Bondye” a te mande pou yo fè yon alyans pou suiv Bondye ak pran swen pitit li yo (gade Mozya 18:8–9). Petèt manm klas yo ta ka pataje eksperyans kote yomenm oswa yon moun yo konnen te fotifye pa yon lòt moun ki respekte alyans batèm yo dekri nan Mozya 18:8–10 la. Paregzanp, kilè yon moun te konsole yo oswa ede yo pote fado yo? Kijan eksperyans sa yo enspire nou pou n kenbe alyans nou? Ou ka raple yo fason Abinadi te kanpe “kòm [temwen] Bondye tout tan ak nan tout bagay, ak nan tout kote” (vèsè 9). Kisa nou ka aprann nan egzanp li pandan n ap chèche ranpli pati sa a nan alyans batèm nou an?

Imaj
batèm nan yon oseyan

Lè nou batize, nou fè alyans pou n sèvi Bondye ak lòt moun.

Mozya 18:17–31

Pèp Bondye a fè yon sèl.

  • Mozya 18:17–31 dekri kòmandman Alma te bay pèp li a pou te ede yo vin fè yon sèl nan Legliz Kris la. Pou ede manm klas yo reflechi sou fason kòmandman sa yo aplike pou yo, ou ka mande yo pou yo etidye vèsè sa yo an ti gwoup epi drese yon lis kòmandman yo jwenn yo. Kijan suiv komandman sa yo ede manm pawas yo santi yo plis fè yon sèl? Èske gen kèk bi manm nan klas ou yo ta ka fikse endividyèlman oswa an gwoup pou yo ka suiv egzanp pèp Alma a?

  • Gen kèk moun ki mande tèt yo, poukisa nou bezwen yon legliz? Pou ede manm klas yo reponn kesyon sa a, desine yon Legliz sou tablo a epi ekri kesyon sa a anba li. Apresa, mande yo pou yo ale nan Mozya 18:17–31 epi ekri repons posib yo jwenn nan vèsè sa yo sou tablo a. Yo ka jwenn repons nan ekstrè diskou Èldè Christofferson nan ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la tou. Petèt ou ka kite kèk manm nan klas la jwe wòl sou fason yo t ap reponn yon zanmi ki pa kwè gen nesesite pou n gen yon legliz òganize. Poukisa nou rekonesan dèske nou se manm Legliz la?

  • Byenke nou ta renmen panse ke tout moun santi yo byenveni nan legliz la, malerezman se pa tout ki santi sa. Kisa nou aprann nan men pèp Alma a nan Mozya 18:17–31 la ki ka ede nou kreye yon andwa kote tout moun santi yo byenveni?

Mozya 21–24

Senyè a ka rann fado nou yo lejè.

  • Fado moun ki nan klas ou yo ap pote yo diferan de sa pèp Limi an oswa pèp Alma te pote pandan yo te nan kaptivite a. Men mesaj nan resi sa yo aplikab pou tout moun ki santi yo depase pa advèsite oswa sikonstans difisil. Envite manm klas yo pou yo pataje sa yo aprann nan Mozya 21–24 la konsènan fason Bondye ka ede nou nan mitan eprèv nou yo. (Pou yon brèf rezime sou istwa sa yo, gade L. Tom Perry, “Pouvwa delivrans la,” Ensign or Lyawona, Me 2012, 94–97.) Manm klas yo ta ka pale de moman kote, menmjan ak pèp Alma a, yo te wè akonplisman pwomès Bondye pou l te soulaje fado yo epi vizite yo nan afliksyon yo tou (gade Mozya24:14).

  • Sa ta petèt enpòtan pou manm klas yo pran kèk minit pou yo ekri pwoblèm pèsonèl yo te rankontre epi reflechi sou fason Senyè a te ede yo pote fado yo. Èske gen pasaj nan Mozya 21–24 la ki enspire yo pou tounen vè Senyè a nan advèsite? Kijan pwomès Senyè a te fè pèp Alma a nan Mozya 24:14 la gen pou wè avèk alyans nou fè avèk Senyè a nan batèm nan? (gade Mozya 18:8–10).

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas yo pou yo li Mozya 25–28, mande yo pou yo reflechi sou yon moun yo konnen ki te ekate l de levanjil la. Di yo ke pandan y ap li chapit sa yo, yo ka jwenn ide sou fason pou ede moun sa a retounen.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Poukisa nou bezwen Legliz la?

Èldè D. Todd Christofferson te di: “Mwen konsyan ke gen moun ki konsidere tèt yo relijye oswa espirityèl men ki poutan rejte lide pou yo se manm yon legliz oubyen menm lide ke yo bezwen yon enstitisyon konsa. Pou yomenm, pratik relijye se yon bagay totalman pèsonèl. Poutan, Legliz la se kreyasyon Limenm nou santre espirityalite nou sou li a—Jezikri. Sa vo lapèn pou n fè yon poz pou n reflechi sou rezon k fè l chwazi pou l itilize yon legliz, Legliz li, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, pou akonpli travay li ak travay Papa a.”

Apresa Èldè Christofferson te te bay rezon ki fè Senyè a te òganize yon Legliz la (gade “Poukisa Legliz la,” Ensign oswa Lyawona Nov. 2015, 108–11):

  • “Pou preche bòn nouvèl levanjil Jezikri a ak pou administre òdonans sali yo—otremandi, mennen moun yo bay Kris la.”

  • “Pou kreye yon kominote Sen ki ap soutni youn lòt sou ‘wout etwat ak kwense ki mennen nan lavi etènèl la’ [2 Nefi 31:18]. … Ini nan lafwa, nou youn anseye ak edifye lòt epi nou fè efò pou n rapwoche nou de mezi total yon disip.”

  • Pou “ofri chak semèn yon okazyon rasanbleman pou repi ak renouvèlman, yon moman ak yon lye pou nou kite mond lan dèyè—Saba a.

  • “Pou reyalize bagay ki pa ka akonpli pa moun oswa ti gwoup [ki enkli] fè fas ak povrete, … [pote] levanjil la bay mond lan … [bati tanp ak fè yo fonksyone], paske se kay Senyè a, kote òdonans ak alyans esansyèl yo ka administre.”

  • Pou rann kle prètriz yo disponib, ke “detantè prètriz yo nan legliz la itilize pou prezève pite doktrin Sovè a ak entegrite òdonans sali l yo, … pou ede prepare moun ki vle resevwa yo, pou jije kalifikasyon ak diyite moun ki aplike yo, epi apresa akonpli yo … [epi] pou idantifye verite a ak foste.”