Vini, Suiv Mwen
4–10 Me. Mozya 11–17: “Yon limyè … ki p ap janm etenn”


“4–10 Me. Mozya 11:17: ‘Yon limyè … ki p ap janm etenn,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Momon 2020 (2020)

“4-10 Me. Mozya 11:17,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Abinadi ap temwaye devan Wa Noe

Abinadi devan wa Noe, pa Andrew Bosley

4–10 Me

Mozya 11:17

“Yon limyè.… ki p ap janm etenn“

Reflechi sou egzanp Abinadi nan anseye levanjil. Kisa w jwenn nan Mozya 11:17 ki ka ede w vin yon pi bon enstriktè?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou pèmèt manm klas yo pataje yon bagay yo te aprann nan etid ekriti pèsonèl oswa familyal yo, ou ka envite yo konplete fraz sa a: Si m te gen pou m chwazi yon vèsè nan Mozya 11–17 la pou m pataje avèk yon moum ki chè pou mwen, se t ap .

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Mozya 11–13

Nou ka defann laverite, menm lè nou kanpe poukont nou.

  • Malgre pa gen anpil chans pou manm klas ou yo ta sibi menas lanmò pou temwayaj yo, yo ka fè fas ak opozisyon pou kwayans yo. Petèt yo ta ka jwenn kèk evenman oswa pasaj nan Mozya 11–13 ak 17 la ki ka ba yo plis kouraj pou defann laverite. Kisa k te te bay Abinadi ak Alma kouraj pou yo te brav? Kijan nou ka rete pi fèm ak inebranlab nan defann laverite? Sitasyon yo nan “Resous Adisyonèl“ la ka ba w kèk ide.

  • Pou ede manm klas ou yo aprann nan egzanp lòt moun ki te kourajezman defann laverite, ou gen dwa ekri Moun ki te defann laverite sou tablo a. Ou ka kòmanse avèk yon diskisyon sou Abinadi, kote w ap envite yo pou yo pataje kèk bagay ki te enpresyone yo nan Abinadi pandan yo t ap li konsènan li semèn sa a. Apresa yo ka site non lòt gason ak fi—nan ekriti yo, nan fanmi yo, oswa apati eksperyans pèsonèl yo—ke yo santi k se egzanp sou defann laverite. Kisa nou santi n enspire pou nou fè akoz egzanp sa yo?

Mozya 12:19–37

Lè nou etidye pawòl Bondye a, nou dwe aplike kè nou pou n ka konprann ni.

  • Pandan yo t ap etidye Mozya 12:19–37 semèn sa a, manm klas yo ka te gen kèk ide sou kisa sa vledi pou aplike kè nou pou n konprann pawòl Bondye a. Panse pou w mande kèk nan yo pou yo pataje refleksyon yo. Oubyen ou ka petèt itilize yon moman nan klas la pou chèche vèsè sa yo ansanm epi pale de sa yo sigjere sou fason pou nou rann etid levanjil la pi siyifikan. Paregzanp, poukisa li enpòtan pou n konprann lwa Bondye a epi “respekte li“? Mozya 12:29.

  • Kisa manm klas ou yo ka aprann nan kontras ant atitid ak pratik prèt Nowe yo avèk apwòch nou ta dwe pran pou n etidye levanjil la? Envite yo pou yo li Mozya 12:19–37, pou chèche kritik Abinadi te soulve konsènan prèt Nowe yo. Kisa Abinadi ta ka di nou konsènan etidye levanjil la jodia? Mande yo pou yo pataje sa yo fè pou ede yo aplike kè yo pou yo ka konprann ak ajoute plis sans nan aprann levanjil la.

    Imaj
    yon papa ak pitit gason l k ap li ekriti yo

    Etid efikas levanjil la mande pou n aplike kè nou pou n konprann.

Mozya 13:28–15:11

Sali vini atravè Jezikri ak Ekspyasyon l lan.

  • Pou l te konvenk yon foul moun ki te gen dout sou vini Mesi a, Abinadi te site yon pwofesi emouvan Ezayi te bay (gade Mozya 14. Gen plizyè fason manm klas yo ka repase chapit sa a. Yo ka li kèk vèsè alafwa epi diskite sou yo, oubyen ou gen dwa divize klas la an ti gwoup diskisyon pou pale de vèsè ki siyifikan yo, san bliye referans anba paj yo, pou dekouvri ide adisyonèl. Ankouraje yo pou yo pataje sa yo aprann konsènan Sovè a nan chapit sa a.

  • Èske yo konprann kisa sa vledi Jezikri “te satisfè egzijans lajistis yo“? (Mozya 15:9). Pou ede yo jwenn yon pi bon konpreyansyon, nou ta ka kòmanse li ansanm “Jistis” ak “Mizerikòdye, Mizerikòd” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org oswa “Jistis” ak “Mizerikòd” nan topics.ChurchofJesusChrist.org. Petèt yon moun ta ka volontè pou ekri yon definisyon brèf pou chak tèm yo sou tablo a. Apresa nou ta ka li Mozya 15:1–9 ansanm. Kijan Jezi te satisfè egzijans lajistis yo? Kijan li te etann mizerikòd li ba nou? Videyo yo sigjere nan “Resous Adisyonèl yo” itilize istwa ak analoji ki dekri mizerikòd Sovè a; gade youn nan videyo sa yo ka ede manm yo nan klas la reflechi sou lòt analoji ki ilistre kijan Jezi te satisfè egzijans lajistis yo.

Mozya 11; 12:33–37; 13:11–26

Kòmandman yo dwe ekri nan kè nou.

  • Ou ka ede manm klas ou yo konprann poukisa l enpòtan pou nou gen kòmandman yo “ekri nan kè [nou]” nan mande yo kisa yo panse fraz sa a vledi. Apresa envite yo gade diferans ant kòmandman Abinadi te anseye yo nan Mozya 12:33–37 ak 13:11–26 avèk peche Wa Nowe ak pèp li a t ap komèt yo (gade Mozya 11:1–7, 14–15). Nan ki fason gen kòmandman yo “ekri nan kè [nou]” diferan de senpleman vin familye avèk yo? (Mozya 13:11). Kijan nou konnen si kòmandman yo ekri nan kè nou? Ki egzanp nou ka pataje?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Èske manm klas ou yo konn janm santi yo tankou jan Abinadi te petèt santi l la—ke efò yo pou pataje levanjil anven? Di yo ke nan Mozya 18–26 la, yo pral li konsènan anpil fwi efò Abinadi yo te pote.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Ansèyman pwofèt yo sou defann laverite.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Vrè disip Jezikri yo dispoze pou yo kanpe, fè tande vwa yo, epi rete diferan de moun yo nan mond lan. … Li pa ni fasil ni otomatik pou n vin tounen disip puisan konsa. Atansyon nou dwe konsantre sou Sovè a ak levanjil li a. Sa mande anpil rigè mantal pou n fè efò pou n leve je gade li nan chak panse. Men lè nou fè sa, dout ak krent nou efase” (“Atire pouvwa Jezikri nan lavi nou.” Ensign oswa Lyawona, Me 2017, 40-41).

Prezidan Thomas S. Monson te di: “Se pou nou toujou gen kouraj epi prepare pou n defann sa nou kwè, epi, si nou dwe kanpe poukont nou nan pwosesis sa a, se pou nou fè sa kourajezman, fotifye pa konesans ke, an reyalite, nou pa janm poukont nou lè nou kanpe avèk Pè Selès nou an” (“Oze kanpe poukont nou,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2011, 67).

Prezidan Gordon B. Hinckley te anseye: “Pòl te ekri Timote: ‘Bondye pa ba nou yon espri lakrentif; men l ba nou yon espri fòs, yon espri lanmou, ak yon espri sajès. Se poutèt sa nou pa dwe wont de temwayaj sou Senyè nou an‘ (2 Tim. 1:7-8). Mwen swete pou chak manm nan legliz la ta mete pawòl sa yo kote l ka wè yo chak maten lè y ap kòmanse jounen yo. Yo t ap ba nou kouraj pou n ouvri bouch nou, yo t ap ba nou lafwa pou n eseye, yo t ap ranfòse konviksyon nou nan Senyè a, Jezikri” (Enseignements des présidents de l‘église: Gordon B. Hinckley} [2016], 355).

Videyo sou jistis ak mizerikòd nan ChurchofJesusChrist.org.

  • “Mesi Handel la: Prizon pou moun ki dwe a”

  • “Medyatè a”

  • “Kote jistis, lanmou, ak mizerikòd rankontre”