Vini, Suiv Mwen
18–24 Me. Mozya 25–28: “Yo te rele yo pèp Bondye”


“18–24 Me. Mozya 25–28: ‘Yo te rele yo pèp Bondye,‘” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“18–24 Me. Mozya 25–28,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
yon zanj parèt devan Alma ak pitit gason Mozya yo

Konvèsyon Alma, pitit la, pa Gary L. Kapp

18–24 Me

Mozya 25–28

“Yo te rele yo pèp Bondye”

Pi bon fason pou w prepare w pou anseye osijè Mozya 25–28 la se li chapit sa yo epi viv dapre prensip yo anseye yo. Si w fè sa, Lespri a ka enspire w pou w anseye sa k ap pi enpòtan pou manm klas ou yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Kèk manm nan klas la ka gen difikilte pou fè etid ekriti pèsonèl ak familyal regilye. Èske eksperyans lòt manm klas yo ta ka ede? Petèt ou ka kòmanse klas ou a nan envite manm klas yo pou yo pataje yon bagay yo te fè nan etid pèsonèl oswa familyal yo ki te mache byen.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Mozya 26:15–31; 27:23–37

Bondye padone moun ki repanti yo liberalman.

  • Repantans ak padon se tèm ki parèt anpil nan chapit sa yo. Ou ka etidye tèm sa yo nan ekri Repantans ak Padon sou tablo a epi mande manm klas yo pou yo drese lis anba tit sa yo sou sa k vin nan lespri yo lè yo panse ak mo sa yo. Apresa yo ka gade nan Mozya 26:22–24, 29–31; ak 27:23–37 pou yo ka jwenn mo ak fraz ki anseye yo sou repantans ak padon. Manm klas yo ka ajoute mo ak fraz sa yo nan lis ki sou tablo a. Kijan Bondye santi li konsènan moun ki repanti epi ki chèche padon?

  • Kèk moun ka ap mande tèt yo si repantans yo te sifi pou Bondye padone yo. Pou ede nenpòt moun nan klas ou ki ka santi yo konsa, ou ka envite manm klas yo pou yo imajine ke yo se Alma, papa a epi yon manm Legliz la nan Zarayemla te mande yo kijan pou l jwenn padon pou peche li (petèt ou ka monte yon senaryo kòm demonstrasyon). Kisa Alma te aprann nan men Senyè nan Mozya 26:15–31 ki ta ka ede manm Legliz sa a? (gade Mowoni 6:8; DA 58:42–43 tou.) Deklarasyon sa a Prezidan Henry B. Eyring te fè ka ede tou: “Si w te santi enfliyans Sentespri jodia, ou ka pran l kòm yon prèv ke Ekspyasyon an ap travay nan lavi ou“ (“Gifts of the Spirit for Hard Times,” Ensign, June 2007, 23).

Mozya 27:8–24

Bondye tande priyè nou yo epi l ap reponn yo selon volonte li.

  • Anpil nan nou ka te epwouve menm santiman Alma, pi Gran an, ki te gen pitit ki te “rebele kont Bondye” a(Mozya 27:11). Petèt manm klas yo ka diskite fason yo ta ka itilize istwa nan Mozya 27:8–24 la pou bay espwa pou yon moun ki gen yon manm fanmi li ki egare. Konprenan ke nou pa ka mande yon mirak ni inyore libabit yon moun, kisa nou ka mande nan priyè nou lè yon moun ki chè pou nou kite Legliz la? (gade Alma 6:6) tou.

Mozya 27:8–28:4

Tout gason ak fi dwe nedenouvo.

  • Men kèk kesyon ki ta ka ede manm klas yo aprann konsènan ne denouvo: Kisa sa vledi pou renèt espirityèlman? (gade Diksyonè Bib la, “Konvèsyon”). Kijan nou ka fè efò pou n byen aji anvè lòt moun lè nou renèt espirityèlman? Pou ede yo reponn kesyon sa yo, ou ka mande yo pou yo al nan Mozya 27:22–28:4 pou yo ka jwenn siy ke Alma ak pitit gason Mozya yo te renèt espirityèlman.

  • Chak moun gen yon istwa konvèsyon, paske jan Alma te di, “tout limanite … dwe ne denouvo” (Mozya 27:25; italik ajoute). Petèt kèk nan manm klas la ka pataje fason yo te vin konvèti nan levanjil Jezikri a—kit sete atravè evènman espirityèl puisan nan lavi yo oswa atravè yon pwosesis gradyèl ke yo pa t pèsevwa nan moman an men ke yo ka rekonèt nan apre si you retounen analize li. Ou ka bayo tan nan klas la pou yo ekri eksperyans yo tou. (Si pa gen tan pou fè sa nan klas la, ou ka sigjere ke yo fè sa lakay yo.) Pou mete aksan ke konvèsyon nou dwe kontinyèl, ou ka sigjere ke manm klas yo peryodikman repase sa yo te ekri yo epi ajoute nouvo eksperyans sou yo.

  • Alma ak lòt moun atravè ekriti yo te itilize analoji sou ne denouvo a pou yo dekri chanjman levanjil Jezikri a pote nan lavi nou. Èldè David A. Bednard te konpare chanjman sa a a transfòmasyon pou fè yon konkonm tounen yon konsèv (gade “Resous Adisyonèl”). Pou ede manm klas yo medite sou sa konparezon sa yo anseye konsènan konvèsyon, ou ka pote yon konkonm ak yon konsèv nan klas la. Oubyen ou ka envite yon moun pote yon ti bebe epi eksplike poukisa nesans se yon bon analoji pou sa k te rive Alma ak pitit gason Mozya yo. (Gade Mozya 27:23–28:7.)

Imaj
Alma, pitit la y ap pote al lakay papa li.

Papa l te rejwi, pa Walter Rane

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas yo li Mozya {29–Alma54}4 semèn pwochèn nan, ou gen dwa mansyone ke nan chapit sa yo, pèp Nefi a te gen yon vwa andedan gouvènman an. Kisa nou ka aprann apati eksperyans yo a pandan na p eseye enfliyanse kominote nou pou yon bon bagay?

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Yon pwosesis tout yon lavi.

Èldè D. Todd Christofferson te anseye: “Kontrèman ak nesans fizik la, nedenouvo se plis yon pwosesis ke yon evenman. Epi angaje nan pwosesis sa a se bi santral mòtalite a” (“Ne Denouvo,” Ensign oswa Lyawona, Me 2008, 78).

Konvèsyon ak konsèv.

Èldè David A. Bednard te pataje analoji sa a pou konpare renesans espirityèl avèk konsève konkonm.

“Yon konsèv se yon konkonm ki te sibi transfòmasyon dapre yon resèt espesifik ak yon seri etap. Premye etap yo nan pwosesis transfòmasyon yon konkonm pou fè l tounen konsèv la se preparasyon ak netwayaj. …

“Pwochen etap yo nan pwosesis chanjman sa a se imèsyon ak satirasyon konkonm yo nan dlosèl pandan yon long peryod tan. … Konkonm yo ka sèlman tounen konsèv si yo totalman e konplètman plonje nan dlosèl pou peryòd tan ki preskri a. Pwosesis prezèvasyon an gradyèlman modifye konpozisyon konkonm nan epi l pwodui aparans transparan ak gou distenktif yon konsèv. Awoze l oubyen tranpe l pa okazyon nan dlosèl la pa ka pwodui transfòmasyon nesesè a. Men, li bezwen konplètman imèje nan dlo a tout tan pou nou ka jwenn chanjman nou vle a.

Etap final nan pwosesis la mande sèlman tranch konkonm yo nan bokal ki te esterilize ak pirifye. Yo mete konkonm tranche yo nan bokal konsèv, ki kouvri avèk dlosèl bouyi cho, epi ki trete nan yon sterilizatè avèk dlo bouyi. Tout salte dwe disparèt soti ni nan tranch konkonm yo ni nan boutèy yo pou pwodui fini an ka byen pwoteje ak konsève. …

“Menmjan yon konkonm dwe prepare ak netwaye avan l vin transfòme an konsèv la, se konsa oumenm avèk mwen ka prepare avèk ’pawol lafwa ak bon doktrin’ (1 Timote 4:6) epi netwaye odepa atravè odonans ak alyans ki administre pa otorite Prètriz Aawon an. …

“Menmjan yon konkonm transfòme an konsèv pandan l plonje ak satire nan dlosèl la, se konsa oumenm avèk mwen ka ne denouvo lè nou plonje nou nan levanjil Jezikri a . … Faz sa a nan pwosesis transfòmasyon an egzije tan, pèsistans, ak pasyans. …

“…  Pwosedi benyen nan dlo bouyi a pèmèt konsèv la vin alafwa pwoteje ak prezève pou yon peryòd tan ki long. Nan yon fason similè, nou pwogresivman vin pirifye ak sanktifye lè oumenm avèk mwen lave nan san Anyo a, nou nedenouvo, epi nou resevwa òdonans ak onore alyans ki administre pa otorite Prètriz Melkisedèk la”{(“Nou dwe ne denouvo,” Ensign oswa Lyawona, Me 2007, 19–21).

Amelyore ansèyman nou

Prepare avèk moun yo nan lespri w. “Lè w ap prepare w, kite sa w konprann de moun w ap anseye yo gide plan ou. … Enstriktè nan fason Kris yo pa oblije atache a yon estil oswa yon metòd patikilye; yo pran angajman pou ede moun yo bati lafwa nan Jezikri epi vin pi plis tankou li” (Anseye nan Fason Sovè a, 7).