Vini, Suiv Mwen
15-21 Jen. Alma 13–16: “Antre nan repo Senyè a”


“15-21 Jen. Alma 13–16: “Antre nan repo Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“15-21 Jen. Alma 13–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Alma ak Amilèk k ap mache soti nan prizon an

Ilistrasyon Alma ak Amilèk ki delivre soti nan prizon, pa Andrew Bosley

15–21 Jen

Alma 13–16

“Antre nan repo Senyè a”

Konvèsyon dirab mande plis pase yon leson enspiran Lekòldidimanch yon fwa pa semèn. Ankouraje manm klas yo pou yo chèche eksperyans espirityèl pèsonèl pandan tout semèn nan.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Kisa k ta ka pouse manm klas ou yo pou pataje eksperyans yo konsènan aprann ak viv levanjil la youn avèk lòt? Petèt ou ta ka envite yo pataje yon ide yo te jwenn nan Alma 13-16 ki te etone yo oubyen ke yo pa t panse anvan. Pandan y ap pataje a, mande yo kijan yo santi nouvo ide sa a ap ka fè yon diferans nan lavi yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Alma 13:1–19

Òdonans prètriz yo ede pitit Bondye yo resevwa redanmsyon atravè Jezikri.

  • Kèk manm nan klas ou a gen dwa te jwenn yon bagay ki te apwofondi apresyasyon yo pou prètriz la pandan yo t ap etidye Alma 13 la. Envite yo pou yo pataje sa yo te jwenn. Nou te ka li vèsè 2 ak 16 yo ansanm tou epi poze yon kesyon tankou “Kijan prètriz la ak òdonans li yo ede nou ’gade sou Pitit Gason [Bondye a] pou redanmsyon’?” Si sa ka ede, ou ka jwenn yon lis òdonans yo nan Ankre nan Lafwa, 109–10.

    Imaj
    jèn gason sou tab sentsèn nan

    Òdonans prètriz yo ede nou chèche Redanmsyon nan Jezikri.

  • Anpil moun nan Amoniya se te disip Neyò, ki te anseye fo lide sou wòl prèt yo. Pou ede manm klas yo aprann konsènan vrè nati prètriz la, ou ka mande yo pou yo fè konparezon ant pwendvi Neyò konsènan sa prèt yo dwe fè (gade Alma 1:3–6) avèk sa Alma te anseye (gade Alma 13:1–12). Nan ki fason ansèyman Neyò yo sanble avèk pozisyon mond lan konsènan pouvwa ak lidèchip? Kijan ansèyman Alma yo diferan?

  • Lekti Alma 13:1–19 la ka mennen yon diskisyon sou “prepare depi fondasyon mond lan” pou responsablite nou nan travay Senyè a. Kisa Alma 13:3 sigjere sou fason nou ta dwe wè oubyen apwoche responsablite sa yo? (gade DA 138:56) tou.

Alma 13

Senyè a envite nou pou nou antre nan repo li.

  • Alma te anseye ke prètriz la ede nou “antre nan repo Senyè a” (Alma 13:16). Pou kòmanse yon diskisyon sou ide sa a, ou ka mande manm klas yo pou yo liAlma 13:6, 12–13, 16, ak 29 epi pataje kisa vèsè sa yo anseye konsènan “repo Senyè a.” Yo ka idantifye karakteristik moun ki “antre nan repo Senyè a” tou. Kisa nou ka fè pou fè eksperyans avèk repo Senyè a pandan lavi mòtèl nou?

Alma 14

Nan moman eprèv ak trajedi, nou dwe mete konfyans nou nan Senyè a.

  • Alma 14 ta ka yon opòtinite pou diskite kijan nou ka reponn fidèlman lè noumenm oubyen moun nou renmen ap fè fas ak pèsekisyon oswa eprèv menmlè na p eseye rete jis. Ou ta ka kòmanse pa envite manm klas yo pou yo imajine ke yo se jounalis k ap rapòte yon evènman nan Alma 14. Ki kalite kesyon yo ta ka poze Alma oswa Amilèk sou evènman an? Paregzanp, “Poukisa Senyè a kite oumenm ak lòt moun jis yo soufri?” oswa “Ki konsèy ou genyen pou moun k ap travèse eprèv difisil yo?” Baze sou sa nou aprann nanAlma 14 la, kijan Alma oubyen Amilèk reponn kesyon sa yo?

  • Pifò nan nou ka rekonèt tèt nou nan fason Amilèk te santi l lè li te temwen soufrans moun fidèl nan Amoniya yo: nou “[gen] lapenn tou” (Alma 14:10), epi nou swete nou te ka fè yon bagay konsènan sa. Kisa nou aprann nan sa Alma te di nan sitiyasyon sa a? (gade Alma 14:8–13). Ou gen dwa pataje deklarasyon Prezidan Spencer W. Kimball la nan “Resous Adisyonèl” la. Petèt manm klas yo ta ka rezime mesaj prensipal deklarasyon Prezidan Kimball la nan pwòp mo pa yo.

Alma 15:16, 18

Wout pou vin disip la mande sakrifis.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a sigjere pou w fè yon lis sou sa Amilèk te abandone ak sa l te akeri lè l te anbrase levanjil la. Petèt manm klas yo ta ka anvi pataje lis yo te fè, oubyen yo ka fè lis sa yo nan klas la. Ekriti sa yo ka ede tou: Alma 10:4–5; 15:16, 18; 16:13–15; ak 34:8. Poukisa Amilèk te dispoze pou l te fè tout sakrifis sa yo? Poukisa nou dispoze pou nou fè sakrifis? Kijan nou ka suiv egzanp Alma a, ki “te fòtifye [Amilèk] nan Senyè a”?

Alma 16:1–10

Pawòl pwofèt yo ap akonpli.

  • Alma 16 bay egzanp sou yon moun ki te fè yon pwofèt konfyans ak moun ki pat fè sa. Pou ede manm klas yo aprann nan egzanp sa yo, ou ta ka ekri de tit sou tablo a: Zoram and Pèp Amoniya. Manm klas yo ta ka li Alma 16:1–10 epi anba chak tit yo, yo ta ka ekri pawòl ak fraz ki dekri atitid moun sa yo anvè pawòl pwofèt Alma yo. Kisa n ap fè pou montre Pè Selès la ke nou gen lafwa nan pawòl pwofèt vivan yo?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Panse pou w mande manm klas yo si yo te janm swete yo te ka pataje levanjil la pi byen. Lekti Alma 17–22 a ka enspire yo avèk ide pou ede yo akonpli objektif sa a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Bondye pa toujou anpeche trajedi.

Prezidan Spencer W. Kimball yon fwa te fè kòmantè sou anpil trajedi aparaman ineksplikab ki rive nan mond lan:

“Èske Senyè a te ka anpeche trajedi sa yo? Repons la se, Wi. Senyè a omnipotan, avèk tout pouvwa pou kontwole lavi nou, pou anpeche doulè, pou prevni tout aksidan, … menm pou [pwoteje nou] kont lanmò, si se volonte li. Men li pa p fè sa. …

“Si tout moun malad nou priye pou yo te geri, si tout moun jis yo te pwoteje epi mechan yo te detwi, tout pwogram Papa a t ap anile epi prensip debaz levanjil la, libabit la, tap detwi. Okenn moun pa t ap viv pa lafwa. …

“…Si nou te dwe fèmen pòt sou tristès ak chagren, nou ta ka kite pi gwo zanmi ak byenfetè nou yo deyò. Soufrans ka rann moun yo sen pandan y ap aprann pasyans, andirans, ak metriz tèt yo. …

“… Mwen rekonesan dèske, menm atravè prètriz la, m pa ka geri tout moun malad. M ta riske geri moun ki dwe mouri. M ta riske soulaje soufrans moun dwe soufri. Mwen krenn ke m t ap kontekare objektif Bondye yo.

“Si m te gen pouvwa san limit, men yon vizyon ak konpreyansyon ki toujou limite, petèt m ta ka sove Abinadi anba flanm dife yo lè l t ap boule sou poto a, epi, nan fè sa, m t ap fè l ditò. Li te mouri mati epi le te jwenn rekonpans pou mati yo—egzaltasyon

“Siman m ta pral eseye pwoteje Pòl kont malè l yo si pouvwa m te san limit. Siman m t ap geri l anba ‘pikan nan lachè‘ l yo. [2 Korentyen 12:7.] Epi nan fè sa, m t ap fè pwogram Senyè a echwe. …

“Mwen krenn ke si m te nan Prizon Carthage la jou 27 Jen 1844 la, mwen t ap detounen boulèt ki te pèse kò Pwofèt [Joseph Smith] ak Patriyach [Hyrum Smith] yo. M t ap petèt evite yo soufrans ak agoni, men m t ap prive yo de lanmò ak rekonpans mati yo. …

“Avèk yon kalite pouvwa san kontwòl konsa, m siman ta pral santi pou m te pwoteje Kris la kont agoni nan Jetsemani a, kont ensilt yo, kouwòn pikan an, imilyasyon nan tribunal la, blesi fizik yo. Mwen t ap panse blesi l yo epi geri yo, m t ap ba l dlo frèch nan plas vinèg la. Mwen t ap evite l soufrans yo ak lanmò a, epi m t ap fè mond lan pèdi sakrifis ekspyatwa l la. …

“Anfas trajedi aparan yo, nou dwe mete konfyans nou nan Bondye, konesan ke malgre vizyon limite nou, objektif li yo p ap echwe” (Enseignements des présidents de l’église: Spencer W. Kimball [2006], 18–19, 21).

Amelyore ansèyman nou

Envite aprantisaj dilijan. “Lè w ap prepare pou w anseye, olye ke w panse ‘Kisa m pral anseye?‘ mande tèt ou, ’Kisa manm klas mwen yo pral fè pou yo aprann?‘” Anseye nan Fason Sovè a, 25.