Nouvo Testaman 2023
24–30 Jiyè. Travay 16–21: “Senyè a Aple Nou Pou Nou Preche Levanjil la”


“24–30 Jiyè. Travay 16–21: ‘Senyè a Aple Nou Pou Nou Preche Levanjil la’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“24–30 Jiyè. Travay 16–21,” Come, Follow Me—For Primary: 2023

Imaj
Pòl k ap anseye sou yon kolin

24–30 Jiyè.

Travay 16-21

“Senyè a Aple Nou Pou Nou Preche Levanjil la”

Lè w fin li Travay 16–21an, suiv enspirasyon Lespri a ba ou yo epi panse a ide yo ki nan plan leson sa a pandan w ap prepare w pou w anseye a. Konsilte seksyon “Satisfè bezwen timoun piti yo” nan manyèl sa a pou èd adisyonèl.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan eksperyans Pòl nan pataje levanjil la. Yo ta ka pale de lòt misyonè yo konnen tou oubyen de pwòp eksperyans pa yo nan pataje levanjil la avèk yon lòt moun.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Travay 16:25–34

Misyonè yo anseye moun sou Jezi.

Èske timoun w ap anseye yo konnen kisa misyonè yo ap fè? Kijan w ka ede yo konprann ke yo ka pataje levanjil la avèk lòt moun.

Aktivite posib

  • Ede yo jwe wòl sou Travay 16:25–34 la pandan w ap rezime istwa Pòl ak Silas k ap pataje levanjil la nan prizon an. (gade “Chapit 61: Pòl ak Silas nan prizon,” an nan Istwa Nouvo Testaman yo, 158–60, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org Eksplike ke misyonè yo jodia anseye moun sou Jezi tou epi yo ede yo prepare pou yo batize.

  • Prepare kèk badj misyonè pou timoun yo ka mete, epi ede yo ekri non yo sou badj yo. Anseye yo senp deklarasyon doktrinal yo ka pataje avèk lòt moun, tankou “Mwen se pitit Bondye,” “Bondye pale palentèmedyè yon pwofèt vivan,” oubyen “Jezikri se Sovè nou.” Raple yo ke nou pa oblije gen yon badj ki si nou se misyonè pou nou pataje levanjil la avèk lòt moun.

Travay 17:10–12

Ekriti yo temwaye de Pè Selès la ak Jezikri.

Menmsi kèk nan timoun w ap anseye yo gen dwa poko konn li, ou ka ede yo devlope yon lanmou pou ekriti yo epi ede yo wè kijan ekriti yo temwaye de Sovè a.

Aktivite posib

  • Ede youn ladan yo pou l li fraz: “Yo … te sonde ekriti yo chak jou” a (Travay 17:11). Envite yo pou yo montre w chaj jou nan semèn nan ki nan yon kalandriye pandan y ap repete fras sa a avèk ou. Chante yon kantik sou ekriti yo ansanm, tankou “Quand je lis l’Ecriture sainte” (Chants pour les enfants, 66).

  • Pou anseye timoun yo ke ekriti yo temwaye de Pè Selès la ak Jezikri, ede yo ale nan yon chapit nan ekriti yo, tankou Travay17 oswa18, pou yo ka jwenn mo tankou Bondye, Senyè, oswa Jezi. (Ou gen dwa make mo sa yo alavans pou timoun yo ka jwenn yo pi fasil.) Chak fwa timoun yo jwenn youn nan mo yo, envite yo pou yo pataje yon bagay yo konnen osijè Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Travay 17:22–31

Mwen se pitit Bondye,

Sou Ayewopaj la, Pòl te anseye verite fondamantal sou nati Bondye, enkli verite ke nou se pitit Li epi Li “pa lwen okenn nan nou” an (Travay 17:27). Kijan w ka ede timoun yo santi yo pwòch Pè Selès la?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo repete fraz “Nou se ras Bondye” a (Travay 17:29), epi eksplike yo kisa mo ras la vledi. Rann temwayaj ou bay chak timoun, youn pa youn, ke l se pitit Bondye. Envite yo pou yo di kijan yo santi yo apwopo Pè Selès la.

  • Montre yo foto timoun avèk fanmi yo (si posib, itilize foto timoun nan klas yo). Mande yo pou yo montre paran yo sou foto yo. Eksplike ke nou se pitit manman nou ak papa nou, epi nou tout se pitit lespri paran selès.

  • Chante yon kantik sou Pè Selès la, tankou “Je sais que mon Dieu vit” (Chants pour les enfants, 5). Avèk èd timoun yo, ekri mo oubyen fè desen sou tablo a ki reprezante sa nou aprann osijè Pè Selès la nan kantik la.

  • Li mo sa yo ki nan Travay 17:27la pou timoun yo: “Li pa lwen okenn nan nou.” Pale de epòk kote w konn santi w pwòch Pè Selès la, epi envite timoun yo pou yo fè menm bagay la tou.

Imaj
yon mesye ki kenbe yon tifi

Chak moun se yon pitit Bondye.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Travay 16:14–15, 25–34; 18:7–8, 24–28

M ka yon misyonè kounyeya.

Kijan w ka ede timoun yo pou yo vin tankou Pòl epi pataje avèk lòt sa yo aprann osijè levanjil la?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo li Travay 16:14–15, 25–34; 18:7–8, 24–28 epi fè yon lis sou moun Pòl ak Apollo te pale de levanjil la. Apresa, envite yo pou yo fè lis moun yo ka pataje levanjil la avèk yo. Fè yo jwe wòl sou fason yo ka pale moun sa yo de Jezikri oubyen envite yo Legliz. Ou gen dwa envite yo pou yo ekri nòt ki rann temwayaj sou yon verite nan levanjil la voye bay moun sa yo.

  • Envite misyonè aplentan yo, ansyen misyonè, oubyen misyonè pawas yo pou yo vin vizite klas la epi rakonte eksperyans yo nan pataje levanjil la. Ankouraje timoun yo pou yo poze kesyon sou fason yo ka pataje levanjil la avèk lòt moun.

Travay 17:2–4, 10–12; 18:28

Ekriti yo temwaye de Jezikri

Pwofèt yo temwaye konsènan Jezikri. Kijan w ka anseye timoun yo pou yo jwenn ni nan ekriti yo, menm lè yo pa mansyone L pa non Li?

Aktivite posib

  • Fè timoun yo li Travay 17:2–4, 10–12; 18:28, epi envite yo pou yo chèche kisa pasaj sa yo gen an komen. Selon vèsè sa yo, kisa k te ede moun yo kwè nan levanjil Jezikri a? Envite yo pou yo pataje ki istwa prefere yo sou Jezi ke yo aprann nan ekriti yo.

  • Sou kèk moso papye, ekri referans ekriti ki anseye sou Sovè a (ou ka jwenn kèk nan Gid Ekriti yo, “Jezikri,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Kache plizyè kle nan tout sal la epi envite timoun yo pou yo chèche yo. Ede yo chèche referans yo jwenn yo, epi mande yo pou youn pataje avèk lòt kisa chak ekriti anseye sou Jezi.

Travay 17:22–31

M se Pitit Bondye.

Kijan w ka ede timoun yo sonje ke yo se pitit Bondye?

Aktivite posib

  • Montre yo yon wòch, epi eksplike yo ke, nan epòk Pòl la, moun yo te adore bondye yo te fè an wòch ak lòt materyo. Mande yo pou yo li Travay 17:27–29. Kisa nou aprann osijè Bondye nan vèsè sa yo? Eksplike yo ke ras vledi pitit. Mande timoun yo kijan sa fè yo santi yo pou yo konnen yo se pitit Bondye.

  • Mande yo pou yo li Travay 17:27. Envite yo pou yo ekri oubyen desine ki fason yo ka “efòse yo” pou yo rapwoche yo de Bondye. Kilè yo konn santi li “pa twò lwen [yo]”?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ankouraje timoun yo pou yo chèche yon ekriti semèn sa a ki anseye de Jezikri (yo gen dwa fè sa pandan etid ekriti pèsonèl oswa familyal yo). Semèn pwochèn, envite yo pou pataje sa yo jwenn.

Amelyore ansèyman nou

Ede timoun yo vin pi bon etidyan. Objektif ou nan anseye timoun yo se pa sèlman pou kominike yo laverite. Ou dwe ede yo devlope pou yo ka vin moun otonòm k ap chèche laverite tou. Paregzanp, olye w senpleman rakonte timoun yo istwa Pòl k ap preche sou Ayeropaj la, ou gen dwa planifye kèk aktivite, tankou sa yo sigjere nan plan leson sa yo, ki ka ede yo dekouvri verite ki nan istwa yo poukont yo.