Nouvo Testaman 2023
10–16 Jiyè. Travay 6–9: “Kisa W Ta Renmen M Fè?”


“10–16 Jiyè. Travay 6–9: ‘Kisa W Ta Renmen M Fè?,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“10–16 Jiyè. Travay 6–9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Pòl tonbe atè

Konvèsyon sou Wout Damas la, tablo Michelangelo Merisi da Caravaggio

10–16 Jiyè.

Travay 6–9

“Kisa W Ta Renmen M Fè?”

Kòmanse pa li Travay 6–9. Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ka ede w nan etid ou sou chapit sa yo. Aktivite pou timoun ki pi piti yo ki nan plan leson sa a ka adapte pou timoun ki pi gran yo tou, e vice versa.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ekri sou tablo a non kèk moun ou pran nan Travay 6–9, tankou Sayil, Etyèn, ak Tabita. Envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan moun sa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Travay 6–7

M ka suiv Jezikri nan defann sa ki byen.

Kisa timoun yo ka aprann nan men Etyèn sou yon vrè disip Jezikri?

Aktivite posib

  • Ede timoun yo envante kèk jès pou akonpaye yon kantik osijè chwazi bon bagay, tankou “Défends le bien” (Chants pour les enfants, 81). Itilize Travay 7:51–60 pou anseye timoun yo kijan Etyèn te anseye sou Jezikri, menmsi sa te mete dirijan Juif yo an kòlè (gade “Chapit 57: Moun mechan yo touye Etyèn,” nan Istwa Nouvo Testaman yo, 150–51, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Kijan Etyèn te defann sa ki byen?

  • Prezante timoun yo plizyè senaryo sou timoun ki te chwazi ant byen ak mal. Mande yo kisa yo t ap fè pou yo te ka defann sa ki byen.

Travay 8:26–39

Sentespri a enspire m pou m pataje levanjil la avèk lòt moun.

Filip te suiv enspirasyon Lespri a epi l te ede yon mesye Etyopyen ki t ap lite pou l te konprann ekriti yo. Ki leson w ka tire nan istwa sa a pou timoun w ap anseye yo?

Imaj
Filip k ap anseye Etyopyen an

Filip ap anseye Etyopyen an, tablo Robert T. Barrett

Aktivite posib

  • Kole de chèz ansanm pou kreye yon charyo. Envite de timoun pou yo chita nan charyon a, youn ap reprezante Filip epi lòt la ap reprezante Etyopyen an. Apresa, rakonte ki fason Filip te anseye mesye ki te soti Etyopi a levanjil la.

  • Pataje yon eksperyans kote w te santi Sentespri a di w pou w te pataje levanjil la avèk yon moun. Temwaye ke Sentespri a ka ede nou pale lòt moun de Jezi.

Travay 9:1–20

Papa nou ki nan Syèl la envite m pou m repanti epi pou m chanje

Lè Jezi te di Sòl pou l te sispann pèsekite Legliz Senyè a, Sòl te repanti imedyatman epi l te chanje. Kijan istwa sa a ka ede timoun w ap anseye yo gen dezi pou yo chanje rapidman lè yo fè yon erè?

Aktivite posib

  • Fè rezime istwa konvèsyon Sòl la, ki nan Travay 9:1–20 an (gade “Chapit 59: Sòl aprann kiyès Jezi ye,” nan Istwa Nouvo Testaman yo, 154–55, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org).

  • Pale timoun yo de kèk bagay ki ka chanje, tankou yon têtard, ki chanje pou l vin tounen yon krapo, yon ti vè (caterpillar) ki chanje vin tounen yon papiyon. Montre yo foto si posib. Kisa k te chanje Sòl lè Jezi te parèt devan l lan?

  • Desine yon kafou sou tablo a. Envite timoun yo pou yo mansyone kèk kote yo ta renmen vizite, epi ekri yo anlè kafou a. Kisa k t ap rive si nou ta vire nan move wout la? Kijan repantans se tankou retounen sou bon wout la?

  • Mande timoun yo pou yo repete sa Sòl te di Senyè a: “Kisa w ta renmen m fè?” (Travay 9:6) Kisa Senyè a vle pou nou fè?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Travay 6–7

M ap yon temwen Jezikri.

Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo aprann nan egzanp Etyèn ki kanpe kòm temwen Jezikri a?

Aktivite posib

  • Li Travay 6:5–15 ak 7:51–60 avèk yo. Kisa k te fè Etyèn yon temwen si puisan konsa pou Jezikri? Envite youn oubyen plis nan timoun yo pou pretann yo se Etyèn epi pataje poukisa yo kwè nan Jezikri.

  • Envite yo pou yo chak pran tou pou yo pou li Travay 6:3–10, pandan y ap chèche ki kalite Etyèn te genyen ki te ede l pwogrese.

  • Mande yo pou yo ede w panse ak kèk sitiyasyon kote yo ka kanpe kòm temwen Jezikri ak levanjil Li a. Ede yo jwe wòl sou kèk sitiyasyon. Mande yo pou yo li Mozya 18:9. Fè yo remake ke youn nan pwomès nou fè nan batèm yo se pou n yon temwen Jezikri.

Travay 8:9–24

Prètriz la se yon kado presye Bondye ba nou.

Satan fè nou panse ke byen materyèl pote bonè. Kijan w ka itilize istwa Simon an pou ede timoun yo apresye bagay espirityèl tankou prètriz la ak benediksyon l yo?

Aktivite posib

  • Fè rezime istwa Simon an ki nan Travay 8:5–24 la (gade “Chapit 58: Simon ak Prètriz la,” nan Istwa Nouvo Testaman yo, 152–53 tou, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Poukisa nou pa ka achte prètriz la pou n ka genyen l? Ki fason yon moun resevwa otorite prètriz la? (gade Atik Lafwa 1:5).

  • Montre foto sou sentsèn, yon tanp (pou reprezante benediksyon tanp yo), yon batèm, ak lòt benediksyon nou resevwa atravè prètriz la. Eksplike ke don sa yo se don presye Bondye ba nou e nou pa ka achte yo avèk lajan. Poukisa yo gen plis valè pase nenpòt bagay nou ta kapab achte? Kijan nou resevwa benediksyon sa yo?

Travay 9:1–20

Papa nou ki nan Syèl la envite m pou m repanti epi pou m chanje

Lè Jezi te di Sòl pou l te sispann pèsekite Legliz Senyè a, Sòl te repanti imedyatman epi l te chanje. Kijan resi sa a ka ede timoun w ap anseye yo gen dezi pou yo chanje rapidman lè yo fè yon erè?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo pliye yon moso papye an de. Mande yo pou yo ekri Anvan sou yon bò ak Apre sou lòt bò a. Li Travay 8:1–3; 9:1–2; ak 9:17–22avèk yo, pandan n ap chèche mo ak fraz ki dekri Sayil anvan ak apre l te wè Senyè a.

  • Envite yon manm nan pawas la pou pataje istwa konvèsyon li ak kijan lefèt ke l se yon manm Legliz la chanje lavi li, jan lavi Sayil te chanje a.

  • Desine yon “wout Damas” sou tablo a. Envite timoun yo pou yo li Travay 9:6, 11, 18, 20–22, pandan y ap chèche kisa Sayil te fè pou l te repanti epi tounen vè Kris la, epi ekri bagay sa yo sou wout la. Kisa nou aprann nan men Sayil sou fason nou ka vin pi plis tankou Kris la?

  • Envite timoun yo pou yo desine pati yo pi renmen nan istwa konvèsyon Sayil la epi pataje desen yo fè a avèk klas la.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ankouraje timoun yo pou yo di fanmi yo ki aktivite yo te pi renmen nan klas la jodia ak sa l anseye yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Ede timoun yo aprann nan ekriti yo. Menmsi timoun piti yo gen dwa pa kapab li anpil, ou ka toujou fè yo pran angajman pou yo aprann nan ekriti yo. Paregzanp, ou ta kapab li yon pasaj, epi envite timoun yo pou yo kanpe oubyen leve men yo lè yo tande yon mo oswa yon ekspresyon espesifik ou ta renmen yo kapte.