Nouvo Testaman 2023
10–16 Jiyè. Travay 6–9: “Kisa Ou Ta Vle Pou M Fè?”


“10–16 Jiyè. Travay 6–9: ‘Kisa Ou Ta Vle Pou M Fè?,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“10–16 Jiyè. Travay 6–9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Pòl tonbe atè

Konvèsyon sou Wout Damas la, pa Michelangelo Merisi da Caravaggio

10–16 Jiyè.

Travay 6–9

Kisa Ou Ta Vle pou M Fè?”

Kòmanse avèk lekti Travay 6–9. Sigjesyon ki nan plan leson sa yo ka ede w idantifye kèk nan prensip ki enpòtan yo nan chapit sa yo, malgre w ka jwenn lòt nan pwòp etid pèsonèl pa ou.

Ekri Enpresyon w yo

Si gen yon moun ki pa t sanble l te yon kandida pou konvèsyon, sete pwobableman Sòl—yon Farizyen ki te gen yon repitasyon nan pèsekite Kretyen yo. Konsa, lè Senyè a te di yon disip ki te rele Ananyas pou l t al chèche Sòl pou l te ba l yon benediksyon, nou konprann poukisa Ananyas te ezite. Li te di: “Senyè, mwen tande nan bouch anpil moun kantite mechanste li fè sen w yo” (Travay 9:13). Men Senyè a te konnen kè Sòl ak potansyèl li, epi l te gen yon misyon l te prepare pou Sòl: “Li se yon veso chwazi devan mwen, pou l pote non m devan Janti yo, ak wa yo ak timoun Izrayèl yo.” (Travay 9:15). Konsa, Ananyas te obeyi, epi lè l te jwenn ansyen pèsekitè sa a, li te rele l “Frè Sòl” (Travay 9:17). Si Sòl te ka chanje si totalman konsa epi Ananyas te ka akeyi l si byen konsa, enben, èske nou ta dwe janm konsidere ke yon moun pa ka chanje—enkli noumenm?

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Travay 6–8

Kè m bezwen “dwat nan je Bondye.”

Yon legliz k ap grandi vledi ke li kontinye gen bezwen disip pou sèvi nan wayòm nan. Selon Travay 6:1–5, ki kalite Douz Apot yo t ap chèche nan moun ki t ap gen pou sèvi avèk yo yo? Pandan w ap li Travay 6–8, note kijan kalite sa yo, ak lòt te manifeste nan moun tankou Etyèn ak Filip. Kisa Simon te manke, e kisa nou ka aprann de li konsènan dispozisyon nou pou nou chanje?

Èske gen yon bagay ou santi w pouse pou w chanje pou w ka gen asirans ke kè w “dwat nan je Bondye”? (Travay 8:21–22). Kijan opere chanjman sa a ta ka beni ou pandan w ap sèvi Bondye a?

Travay 6–7

Si nou reziste a Sentespri a, sa ka lakoz nou rejte Sovè a ak sèvitè li yo.

Dirijan Juif yo te responsab pou prepare moun yo pou arive Mesi a. Men malgre tou yo pa t reyisi rekonèt Mesi a epi yo te rejte li. Kijan sa te fè rive? Yon pati nan repons la nou ka jwenn nan pawòl Etyèn yo: “Nou toujou ap reziste ak Sentespri a” (Travay 7:51). Kisa w panse reziste ak Sentespri a vledi? Poukisa reziste ak Sentespri a ka mennen nou rejte Sovè a ak sèvitè li yo?

Pandan w ap li Travay 6–7, chèche jwenn lòt mesaj Etyèn te anseye Juif yo. Kont ki atitid li te mete yo angad? Èske w detekte menm kalite atitid sa yo nan oumenm? Kisa pawòl Etyèn yo anseye w sou konsekans ki genyen nan reziste ak Sentespri a? Kijan w ka pi sansib ak reseptif ak enspirasyon Sentespri a nan lavi w?

Gade tou “Mati Etyèn” (videyo), ChurchofJesusChrist.org.

Travay 8:26–39

Sentespri a ap ede m gide lòt moun al jwenn Jezikri.

Kisa w aprann konsènan pataje levanjil la nan resi ki nan Travay 8:26–39? Kijan Sentespri a te ede Filip? Kijan pataje levanjil la avèk lòt moun se tankou ou se yon gid? (gade Travay 8:31).

Eldè Ulisses Soares te di ke resi sa a “se yon rapèl sou manda diven nou tout genyen pou nou chèche aprann ak anseye youn lòt levanjil Jezikri a. … Nou pafwa tankou Etyopyen an—nou bezwen èd yon enstriktè fidèl ak enspire; epi nou pafwa tankou Filip tou—nou bezwen anseye ak fòtifye lòt moun pou konvèsyon yo” (“Kijan Mwen Ka Konprann?,” Lyawona, Me 2019, 6). Anvizaje li rès mesaj Eldè Soares la epi medite sou fason Sentespri a ka ede ou vin yon pi bon etidyan ak enstriktè pou levanjil la.

Travay 9

Lè m soumèt mwen anba volonte Senyè a, m ka vin yon enstriman nan men l.

Konvèsyon Pòl la sanble l te fèt trè vit; li te soti rapidman nan mete Kretyen yo nan prizon pou l t al nan preche konsènan Kris la nan sinagòg yo Pandan w ap li istwa l la, mande tèt ou poukisa l te si dispoze pou l te chanje konsa. (Pou w li pwòp deskripsyon Sòl sou konvèsyon l lan, gade Travay 22:1–16 ak 26:9–18. Note ke nan resi sa yo, Sòl te pote non Pòl [gade Travay 13:9].)

Pandan se vre eksperyans Pòl la se pa yon bagay abityèl—pou pifò moun, konvèsyon se yon pwosesis ki pi long anpil—èske gen yon bagay ou ka aprann apati Sòl konsènan konvèsyon? Kisa w aprann nan fason Ananyas ak lòt disip yo te reyaji devan konvèsyon Sòl la? Kisa w pral fè pou w aplike leson sa yo nan lavi ou? Ou gendwa kòmanse mande nan lapriyè, jan Pòl te fè a: “Kisa ou ta vle pou mwen fè?”

Pandan w ap li Travay 9:36 -42 -42, anvizaje kijan Tabitha sete yon enstriman nan men Bondye. Kisa ki enspire w konsènan egzanp li a?

Gade tou Dieter F. Uchtdorf, “Ap Tann sou Wout Damas la,” Lyawona, Me 2011, 70–77; “Wout Damas la” (videyo), ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Travay 6:8; 7:51–60..Konpare resi yo sou Etyèn nan Travay 6:8 ak Travay 7:51–60 a ak resi yo sou Sovè a nan Lik 23:1–46. Kijan Etyèn te suiv egzanp Sovè a?

Travay 7:51–60.Kijan Sentespri a te beni Etyèn lè yo t ap pèsekite l la? Kilè nou te resevwa fòs nan men Sentespri a pandan moman difisil?

Travay 9:5.Yon pik sete yon bagay pwenti yo te itilize pou yo te kondui bèt yo. Anpil fwa, bèt yo te konn remèt kou lè yo te pike yo, sa ki te konn lakoz pik la antre pi fon nan chè bèt la. Kijan analoji sa a pafwa aplike a noumenm? Kisa nou ka fè pou pi byen aksepte koreksyon nan men Senyè a?

Imaj
Pyè leve Tabitha soti anba lanmò

Tabitha leve,, pa Sandy Freckleton Gagon

Travay 9:32, 43.Anvizaje envite manm fanmi yo pou yo desine foto sou istwa ki nan Travay 9:32–43yo. Kisa nou aprann konsènan vrè disip yo nan istwa sa yo? Kijan yon moun ki “ranpli ak bon zèv,” tankou Tabitha te ye a, ede lòt moun kwè nan Senyè a? (gade Travay 9:36; “Chapit 60: Pyè Retounen Tabitha a Lavi” (nan Istwa Nouvo Testaman yo, 156–57, oubyen videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sigjere: “J’irai où tu veux,” Cantiques,, no. 174.

Amelyore Etid Pèsonèl

Konpare ekriti yo avèk lavi ou. Pandan w ap li, konsidere fason istwa ak ansèyman nan ekriti yo aplike nan lavi ou. Pa egzanp, ki opòtinite nou jwenn pou nou sèvi lòt moun, jan Tabitha te fè nan Travay 9:36–39?

Imaj
Yap lapide Etyèn jis li mouri

Epi yo te lapide Etyèn, epi , nan rele Bondye, li te di, Senyè, Jezi, resevwa lespri mwen” (Joseph Smith Tradiksyon, Travay 7:59 [nan Travay 7:59, referans c]).